< 2 Kongebok 11 >

1 Da Akasjas mor Atalja fikk vite at hennes sønn var død, tok hun sig for å utrydde hele den kongelige ætt.
Lè Athalie, manman Achazia te wè ke fis li a te mouri, li te leve detwi tout pitit a fanmi wayal yo.
2 Men Akasjas søster Joseba, kong Jorams datter, tok Joas, Akasjas sønn, og førte ham hemmelig bort fra kongesønnene som skulde drepes, og førte ham og hans amme inn i sengekammeret. Således skjulte de ham for Atalja, så han ikke blev drept.
Men Yehoshéba, fi a Wa Joram nan, sè Achazia a, te pran Joas, fis a Achazia a e li te rachte li pami fis a wa ki t ap mete a lanmò yo, e li te plase li avèk fanm nouris pa li nan chanm dòmi an. Konsa, yo te kache li soti Athalie pou li pa t mete a lanmò.
3 Siden var han hos henne i Herrens hus og blev holdt skjult i seks år, mens Atalja regjerte i landet.
Konsa, li te kache avèk li pandan sizan lakay SENYÈ a, pandan Athalie t ap renye sou peyi a.
4 Men i det syvende år sendte Jojada bud efter livvaktens høvedsmenn og lot dem komme inn til sig i Herrens hus og gjorde en pakt med dem og tok dem i ed der i Herrens hus og viste dem kongens sønn.
Alò, nan setyèm ane a, Joïada te voye mennen kapitèn a santèn yo, a Karyen yo ak nan gad yo. Li te mennen yo kote li lakay SENYÈ a, e li te montre yo fis a wa a.
5 Og han bød dem og sa: Hør nu hvad I skal gjøre: Den ene tredjedel av eder skal tiltrede vakten på sabbaten og holde vakt ved kongens hus,
Li te kòmande yo e te di: “Men bagay ke ou oblije fè: yon tyè nan nou, ki vin antre nan Saba a, veye sou lakay wa a;
6 og den annen tredjedel i Surporten og den tredje tredjedel i porten bak drabantene; således skal I holde vakt ved huset og avstenge det;
yon tyè tou, nan Pòtay ki rele Sur a, ak yon tyè nan pòtay dèyè gad yo, ki va veye sou kay la kòm defans.
7 men de to deler av eder, de som treder av på sabbaten, de skal holde vakt i Herrens hus hos kongen.
De pati ladann nan, tout moun ki sòti nan Saba a, va osi veye sou lakay SENYÈ a pou wa a.
8 I skal stille eder rundt omkring kongen, hver mann med våben i hånd, og den som vil trenge inn i rekkene, skal drepes; I skal være om kongen, bade når han går ut, og når han går inn.
Epi nou va antoure wa a, chak moun avèk zam li nan men l; epi nenpòt moun ki antre nan ran pa nou, yo va mete a lanmò. Epi rete avèk wa a lè l sòti ak lè l lantre.”
9 Høvedsmennene gjorde aldeles som presten Jojada bød dem; de tok hver sine menn, både dem som tiltrådte på sabbaten, og dem som trådte av på sabbaten, og kom til presten Jojada.
Konsa, kapitèn a santèn yo te fè selon tout sa ke Jehojada, prèt la, te kòmande li. Yo chak nan yo te pran mesye pa li yo ki te genyen pou antre nan Saba a, avèk sila ki te gen pou sòti nan Saba yo pou te rive kote Jehojada, prèt la.
10 Og presten gav høvedsmennene de spyd og skjold som hadde tilhørt kong David, og som var i Herrens hus.
Prèt la te bay kapitèn a santèn yo lans avèk boukliye, sòti lakay SENYÈ a ki te konn pou Wa David la.
11 Og drabantene stod opstilt, hver mann med våben i hånd, fra husets høire side til husets venstre side bortimot alteret og bortimot huset rundt omkring kongen.
Gad yo te kanpe chak avèk zam pa yo nan men yo, soti sou kote dwat kay la, jis rive sou kote goch kay la, akote lotèl la e akote kay la, yo te antoure wa a.
12 Så førte han kongesønnen ut og satte kronen på ham og overgav ham vidnesbyrdet, og de gjorde ham til konge og salvet ham; og de klappet i hendene og ropte: Kongen leve!
Epi li te mennen fè parèt deyò fis a wa a e te mete kouwòn nan sou tèt li, avèk temwen an; epi yo te fè li wa e te onksyone li. Yo te bat men yo e te di: “Viv wa a!”
13 Da Atalja hørte drabantenes og folkets rop, gikk hun inn i Herrens hus til folket.
Lè Athalie te tande bwi a gad la ak pèp la, li te vin kote moun yo lakay SENYÈ a.
14 Der fikk hun se at kongen stod på forhøiningen, som skikk var, og høvedsmennene og trompetblåserne stod hos ham, og hele folkemengden gledet sig og støtte i trompetene; da sønderrev Atalja sine klær og ropte: Oprør, oprør!
Li te gade, e men vwala, wa a te kanpe akote pilye a, selon koutim nan, avèk kapitèn yo ak twonpèt yo akote wa a. Epi tout moun peyi a t ap rejwi e sone twonpèt yo. Athalie te chire rad li e te kriye: “Trayizon, Trayizon!”
15 Men presten Jojada bød høvedsmennene, dem som var satt over hæren, og sa til dem: Før henne ut mellem rekkene, og om nogen følger henne, så drep ham med sverd! For presten hadde sagt: Hun må ikke drepes i Herrens hus!
Jehojada, prèt la, te kòmande kapitèn a santèn ki te chwazi sou lame a. Li te di yo: “Mennen li deyò antre nan ran sòlda yo e nenpòt moun ki swiv li, mete li a lanmò avèk nepe.” Paske prèt la te di: “Pa kite li mete a lanmò nan kay SENYÈ a.”
16 Så gjorde de plass for henne til begge sider, og hun gikk den vei som hestene pleier å kjøre inn til kongens hus; og der blev hun drept.
Pou sa, yo te sezi li, lè li te rive kote antre cheval lakay wa yo, li te mete a lanmò la.
17 Og Jojada gjorde en pakt mellem Herren og kongen og folket at de skulde være Herrens folk, og en pakt mellem kongen og folket.
Epi Jehojada te fè yon akò antre SENYÈ a, wa a ak pèp la, pou yo ta devni pèp SENYÈ a, e osi antre pèp la avèk wa a.
18 Og hele folkemengden gikk inn i Ba'als hus og rev det ned; hans altere og hans billeder knuste de aldeles, og Ba'als prest Mattan drepte de foran alterne. Og presten satte folk til å ha tilsyn med Herrens hus.
Tout pèp peyi a te ale kote kay Baal la, yo te chire li. Lotèl li ak imaj li yo, yo te kraze an mòso nèt, e yo te touye Matthan, prèt Baal la, devan lotèl yo. Prèt la te chwazi ofisye yo sou kay SENYÈ a.
19 Så tok han med sig høvedsmennene og livvakten og drabantene og hele folkemengden, og de førte kongen ned fra Herrens hus og gikk inn i kongens hus gjennem drabantenes port; og han satte sig på kongetronen.
Li te pran kapitèn a santèn yo avèk Karyen yo, avèk gad yo ak tout pèp peyi a. Konsa, yo te mennen wa a desann soti lakay SENYÈ a e yo te vini pa chemen pòtay gad yo rive lakay wa a. Epi li te chita sou twòn a wa yo.
20 Og hele folkemengden gledet sig, og byen var rolig; men Atalja hadde de drept med sverd i kongens hus.
Konsa, tout pèp peyi a te rejwi e vil la te vin kalm. Paske yo te mete Athalie a lanmò pa nepe a lakay wa a.
21 Joas var syv år gammel da han blev konge.
Joas te genyen laj sèt ane lè l te vin wa a.

< 2 Kongebok 11 >