< UHezekheli 32 >

1 Kwasekusithi ngomnyaka wetshumi lambili, ngenyanga yetshumi lambili, ngolokuqala lwenyanga, ilizwi leNkosi lafika kimi lisithi:
Nan douzyèm ane, nan douzyèm mwa, nan premye nan mwa a, “pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di:
2 Ndodana yomuntu, phakamisa isililo ngoFaro inkosi yeGibhithe, uthi kuye: Ufanana lebhongo lesilwane lezizwe, futhi wena ufanana lomgobho phakathi kwezinlwandle, waphutsha emifuleni yakho, wadunga amanzi ngenyawo zakho, wangcolisa imifula yazo.
‘Fis a lòm, leve fè lamantasyon sou Farawon, wa Égypte la. Di li: “Ou te konpare tèt ou ak yon jenn lyon nasyon yo; sepandan, ou tankou yon gwo bèt sovaj lanmè a. Ou pete vin parèt nan rivyè ou yo. Ou te fè labou vin leve ak pye ou yo, e te fè larivyè pa yo vin sal nèt.”
3 Itsho njalo iNkosi uJehova: Ngakho ngizakwendlala imbule lami phezu kwakho ngexuku labantu abanengi, bakukhuphule ngembule lami.
Konsa pale Senyè BONDYE a: “Koulye a, Mwen va ouvri filè Mwen sou ou avèk konpanyen a anpil moun, e nan filè Mwen an, yo va fè ou leve.
4 Besengikutshiya emhlabathini, ngikujikijele egcekeni, ngenze zonke inyoni zamazulu zihlale phezu kwakho, ngisuthise izilo zawo wonke umhlaba ngawe.
Mwen va kite ou sou latè. Mwen va jete ou sou chan ouvri, epi Mwen va fè tout zwazo syèl yo poze sou ou. Mwen va fè tout bèt sou latè yo vin satisfè sou ou.
5 Ngizabeka inyama yakho phezu kwezintaba, ngigcwalise izihotsha ngobude bakho.
Mwen va lage chè ou sou mòn yo, e Mwen va plen vale yo ak kadav ou yo.
6 Ngizathelela ilizwe ngokuntshaza kwegazi lakho kuze kube sezintabeni; lezifula zizagcwala ngawe.
Anplis, Mwen va fè tè a bwè san ou. L ap rive jis nan mòn yo. Kous dlo yo va vin plen ak ou.
7 Lalapho ngikucitsha ngizasibekela amazulu, ngenze inkanyezi zawo zibe mnyama; ngizasibekela ilanga ngeyezi, lenyanga kayiyikukhanyisa ngokukhanya kwayo.
Konsa, lè M etenn ou, Mwen va kouvri syèl yo e fè zetwal yo fènwa. Mwen va kouvri solèy la ak yon nwaj, e lalin nan p ap bay limyè.
8 Zonke izibane ezikhanyisayo emazulwini ngizazenza zibe mnyama phezu kwakho, ngibeke ubumnyama phezu kwelizwe lakho, itsho iNkosi uJehova.
Tout limyè k ap briye nan syèl la, Mwen va fè yo vin nwa sou ou, e va mete fènwa sou peyi ou a,” deklare Senyè BONDYE a.
9 Njalo ngizakhathaza inhliziyo zabantu abanengi, nxa ngizaletha incithakalo yakho phakathi kwezizwe emazweni ongawaziyo.
“Anplis, Mwen va twouble kè a anpil nasyon, lè Mwen mennen destriksyon ou pami nasyon yo, jis rive nan peyi ke ou pa t janm konnen.
10 Yebo, ngizakwenza abantu abanengi bamangale kakhulu ngawe, lamakhosi abo azahlasimuka umzimba kakhulu ngawe, lapho ngiphazimisa inkemba yami phambi kwabo; njalo bazathuthumela isikhathi sonke, ngulowo lalowo ngempilo yakhe, ngosuku lokuwa kwakho.
Mwen va fè anpil pèp vin etone sezi de ou, e wa yo va tèlman gen gwo laperèz pou ou, lè M fè nepe M parèt devan yo akoz ou menm. Yo va tranble tout tan, chak moun pou pwòp lavi li, nan jou ke ou tonbe a.”
11 Ngoba itsho njalo iNkosi uJehova: Inkemba yenkosi yeBhabhiloni izakwehlela.
Paske konsa pale Senyè BONDYE a: “Nepe a wa Babylone nan va vini sou ou.
12 Ngezinkemba zamaqhawe ngizakwenza ixuku lakho liwe, abesabekayo bezizwe, bonke; njalo azachitha ukuziphakamisa kweGibhithe, lexuku layo lonke lizabhujiswa.
Pa nepe a pwisan yo, Mwen va fè gwo foul lame ou yo tonbe. Yo tout se chèf sovaj pami nasyon yo. Yo va devaste ògèy Égypte la, e tout gwo foul lame li yo va detwi.
13 Njalo ngizabhubhisa zonke izinyamazana zayo ngasemanzini amanengi; lonyawo lomuntu kalusayikuwadunga, lamasondo ezinyamazana kawayikuwadunga.
Anplis, Mwen va detwi tout bèt ki rete bò kote anpil dlo li yo. Pye moun p ap gaye labou ankò, ni zago a bèt p ap gaye labou ankò.
14 Besengisenza amanzi abo atshone, ngenze imifula yabo igeleze njengamafutha, itsho iNkosi uJehova.
Konsa, Mwen va fè dlo yo vin kalm e fè rivyè yo vin kouri kon lwil,” deklare Senyè BONDYE a.
15 Mhla ngizakwenza ilizwe leGibhithe libe yincithakalo, lelizwe liphundlwe ukugcwala kwalo, lapho ngitshaya bonke abahlala kilo, khona bazakwazi ukuthi ngiyiNkosi.
“Lè Mwen fè peyi Égypte vin yon dezolasyon, e peyi a vin pèdi tout sa ki te fè l plen yo, lè M frape tout sila ki rete ladann yo, alò, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.
16 Lesi yisililiselo abazasililisela; amadodakazi ezizwe azasililisela; bazasililisela, ngeGibhithe, langexuku layo lonke, itsho iNkosi uJehova.
“‘“Sa se yon lamantasyon. Ak li menm, y ap fè dèy. Fi a nasyon yo va chante li. Sou Égypte ak sou tout gwo foul lame li yo, yo va chante li”, deklare Senyè BONDYE a.’”
17 Kwasekusithi ngomnyaka wetshumi lambili, ngolwetshumi lanhlanu lwenyanga, ilizwi leNkosi lafika kimi lisithi:
Nan douzyèm ane, nan kenz nan mwa a, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di:
18 Ndodana yomuntu, khala ngenxa yexuku leGibhithe, ubehlisele, yona lamadodakazi ezizwe ezidumileyo, ezindaweni ezingaphansi zomhlaba, kanye labo abehlela emgodini.
“Fis a lòm, rele anmwey pou gwo foul a Égypte yo. Desann yo menm ak fi a nasyon pwisan yo, jis rive nan pwofondè tè a, ansanm avèk sila ki desann nan twou fòs yo.
19 Wedlula bani ngokuthandeka? Yehla, ulaliswe labangasokanga.
‘Se ki moun ou depase nan bèlte? Desann, fè kabann ou ak ensikonsi yo.’
20 Bazawela phakathi kwababulewe ngenkemba. Inikelwe enkembeni; ihuduleni kanye lamaxuku ayo wonke.
Yo va tonbe nan mitan sila ki touye pa nepe yo. Fi a vin livre pou nepe a. Fè l rale soti ak tout gwo foul li yo.
21 Abalamandla bamaqhawe bazakhuluma laye bephakathi kwesihogo, kanye labayisizayo; behlele phansi, balele abangasokanga, babulewe ngenkemba. (Sheol h7585)
Pi gran pami pwisan yo va pale ak li nan mitan sejou mò yo ansanm ak sila ki t ap ede li yo. ‘Yo fin desann, yo kouche san fè mouvman, ensikonsi yo, touye pa nepe yo.’ (Sheol h7585)
22 IAsiriya ilapho lexuku layo lonke; amangcwaba ayo asenhlangothini zayo zonke, bonke bebulewe, bewile ngenkemba.
“Assyrie, li la, ak tout konpanyen li yo. Tonbo li yo antoure li. Yo tout touye, tonbe pa nepe,
23 Omangcwaba ayo enziwe emaceleni egodi, lexuku layo lihanqe ingcwaba layo, bonke bebulewe, bewile ngenkemba, ababenika isesabiso elizweni labaphilayo.
tonbo a sila ki plase nan pati pi izole twou fòs la. Epi konpanyen li yo antoure tonbo li. Yo tout te touye, tonbe akoz nepe a; tout sila ki te fè gwo laperèz gaye nan peyi moun vivan yo.
24 Ikhona lapho iElamu lexuku layo lonke inhlangothi zonke zengcwaba layo, bonke bebulewe, abawileyo ngenkemba, abehle bengasokanga baya ezindaweni ezingaphansi zomhlaba, abanika isethuso sabo elizweni labaphilayo; kanti bethwele ihlazo labo kanye labo abehlela egodini.
“Élam la ak tout gwo foul li yo ki antoure tonbo li a. Yo tout mouri, tonbe pa nepe, e te desann ensikonsi nan pati piba latè yo; sila ki te kreye gwo laperèz nan tout peyi moun vivan yo, e te pote wont yo, ansanm avèk sila ki te desann nan twou fòs yo.
25 Bayenzele umbheda phakathi kwababuleweyo kanye lexuku layo lonke; amangcwaba ayo ayihanqile; bonke bengasokanga, bebulewe ngenkemba; ngoba isethuso sabo sanikelwa elizweni labaphilayo, kanti bathwala ihlazo labo kanye labo abehlela egodini; ibekwa phakathi kwababuleweyo.
Yo fè kabann Elam nan pami sila ki touye ak tout gwo foul li yo. Tonbo yo antoure li. Yo tout se ensikonsi, touye pa nepe. Paske se gwo laperèz yo te kreye nan peyi moun vivan yo, e konsa, yo te pote wont yo avèk sila ki desann nan twou fòs yo. Yo rive nan mitan sila ki te touye yo.
26 Kukhona lapho iMesheki leThubhali, kanye lexuku layo lonke; amangcwaba ayo ayihanqile; bonke bengasokanga, bebulewe ngenkemba; ngoba banikile isethuso sabo elizweni labaphilayo.
“Méschec Tubal, ak tout gwo foul yo la. Tonbo yo antoure yo. Yo tout se ensikonsi, touye pa nepe. Paske se gwo laperèz yo te kreye nan peyi moun vivan yo.
27 Kodwa kabayikulala lamaqhawe awileyo angawabangasokanga, ehlela esihogweni lezikhali zawo zempi, abeka inkemba zawo ngaphansi kwamakhanda awo; kodwa ububi bawo buzakuba phezu kwamathambo awo; ngoba isethuso samaqhawe sasiselizweni labaphilayo. (Sheol h7585)
Ni yo pa p kouche akote chèf pwisan a ensikonsi yo, sila ki te desann nan sejou mò yo ak zam lagè yo, ak nepe yo byen plase anba tèt yo. Men inikite yo te rete menm sou zo yo; sepandan, se pi pwisan yo te teworize nan peyi moun vivan yo. (Sheol h7585)
28 Wena-ke uzakwephulwa phakathi kwabangasokanga, ulale lababulewe ngenkemba.
“Men nan mitan ensikonsi a, ou va vin kraze, e kouche avèk sila ki te touye pa nepe yo.
29 Kukhona lapho iEdoma, amakhosi ayo lazo zonke iziphathamandla zayo, abalaliswe lababulewe ngenkemba, kanye lamandla abo; bona bazalala labangasokanga, labehlela egodini.
“La tou, gen Édom, wa li ak tout prens li yo, ki malgre tout pwisans yo, vin kouche avèk sila ki te touye pa nepe yo. Yo va kouche avèk ensikonsi yo e avèk sila ki desann nan twou fòs yo.
30 Kukhona lapho iziphathamandla zenyakatho, zonke zazo, lawo wonke amaSidoni, asehle lababuleweyo; kusesabiso sabo balenhloni ngenxa yobuqhawe bawo; njalo balele bengasokanga kanye lababuleweyo ngenkemba, bethwele ihlazo labo kanye labo abehlela egodini.
“La tou, gen chèf lanò yo, yo tout ak tout Sidonyen yo. Malgre tout gwo laperèz yo te kreye akoz pwisans yo, nan wont, yo te desann avèk sila ki te touye yo. Konsa, yo te kouche ensikonsi avèk sila ki te touye pa nepe yo, e te pote gwo wont yo avèk lòt yo ki desann nan twou fòs yo.
31 UFaro uzababona, aduduzeke ngenxa yexuku lakhe lonke, uFaro lebutho lakhe lonke, ababulewe ngenkemba, itsho iNkosi uJehova.
“Sa yo, Farawon va wè e li va twouve konsolasyon pou tout gwo foul li yo ki te touye pa nepe yo, menm Farawon ak tout lame li a,” deklare Senyè BONDYE a.
32 Ngoba ngibekile isethuso sami elizweni labaphilayo; ngakho uzalaliswa phakathi kwabangasokanga kanye lababulewe ngenkemba, uFaro lexuku lakhe lonke, itsho iNkosi uJehova.
Sepandan, Mwen te mete gwo laperèz li nan peyi moun vivan yo. Malgre sa, li va kouche ak ensikonsi yo, avèk sila ki te touye pa nepe yo, menm Farawon ak tout gwo lame li yo”, deklare Senyè BONDYE a.

< UHezekheli 32 >