< Romanos 15 >

1 Debemus autem nos firmiores imbecillitates infirmorum sustinere, et non nobis placere.
Alò nou menm ki fò, nou dwe sipòte feblès sila ki san fòs yo, e se pa sèlman fè pwòp tèt nou plezi.
2 Unusquisque vestrum proximo suo placeat in bonum, ad aedificationem.
Ke chak en de nou fè kè vwazen nou alèz pou l ka jwenn tout sa ki bon, k ap fè l plen konfyans.
3 Etenim Christus non sibi placuit, sed sicut scriptum est: Improperia improperantium tibi ceciderunt super me.
Paske menm Kris pa t fè tèt li plezi, menm jan sa ekri a: “Repwòch de sila ki te repwoche ou yo te tonbe sou Mwen.”
4 Quaecumque enim scripta sunt, ad nostram doctrinam scripta sunt: ut per patientiam, et consolationem Scripturarum, spem habeamus.
Paske tout bagay ki te ekri nan tan pase yo te ekri pou enstwi nou menm; pouke selon pèseverans ak ankourajman Ekriti yo, nou ta kapab vin genyen lespwa.
5 Deus autem patientiae, et solatii det vobis idipsum sapere in alterutrum secundum Iesum Christum:
Koulye a mwen priye, pou menm Bondye ki bay pèseverans ak ankourajman an kapab fè nou gen menm panse, youn avèk lòt atravè Jésus Kris:
6 ut unanimes, uno ore honorificetis Deum, et patrem Domini nostri Iesu Christi.
Pouke nan tout akò pou nou kapab avèk yon sèl vwa bay glwa a Bondye, Papa a Senyè nou an, Jésus Kri.
7 Propter quod suscipite invicem, sicut et Christus suscepit vos in honorem Dei.
Konsa aksepte youn lòt, menm jan ke Kris osi te aksepte nou pou laglwa Bondye a.
8 Dico enim Christum Iesum ministrum fuisse circumcisionis propter veritatem Dei, ad confirmandas promissiones patrum:
Paske mwen di ke Kris gen tan vin yon sèvitè a sila ki sikonsi yo, anfavè verite a Bondye a pou konfime pwomès ki te fèt a zansèt yo;
9 Gentes autem super misericordia honorare Deum, sicut scriptum est: Propterea confitebor tibi in Gentibus Domine, et nomini tuo cantabo.
epi pou pèp etranje yo ta ka bay Bondye glwa pou mizerikòd Li, jan sa ekri a: “Konsa, Mwen va bay Ou lwanj pami pèp etranje yo, e mwen va chante Non Ou.”
10 Et iterum dicit: Laetamini Gentes cum plebe eius.
Li di ankò: “Rejwi, O pèp etranje yo avèk pèp Li a.”
11 Et iterum: Laudate omnes Gentes Dominum: et magnificate eum omnes populi.
Epi ankò: “Bay lwanj a Senyè a, nou tout pèp etranje yo! Kite tout pèp yo ba Li lwanj.”
12 Et rursus Isaias ait: Erit radix Iesse, et qui exurget regere Gentes, in eum Gentes sperabunt.
Esaïe di ankò: “Li va gen rasin Jessé a; Sila ki leve pou renye sou pèp etranje yo. Nan Li menm, pèp etranje yo va mete espwa yo.”
13 Deus autem spei repleat vos omni gaudio, et pace in credendo: ut abundetis in spe, et virtute Spiritus sancti.
Koulye a, ke Bondye esperans lan kapab ranpli nou avèk lajwa ak lapè nan lafwa pouke nou kapab plen avèk esperans pa pwisans a Lespri Sen an.
14 Certus sum autem fratres mei et ego ipse de vobis, quoniam et ipsi pleni estis dilectione, repleti omni scientia, ita ut possitis alterutrum monere.
Epi konsènan nou menm, frè mwen yo, mwen gen konviksyon ke nou menm, nou plen ak bonte, byen ranpli avèk tout konesans, e kapab osi egzòte youn lòt.
15 Audacius autem scripsi vobis fratres ex parte, tamquam in memoriam vos reducens: propter gratiam, quae data est mihi a Deo,
Men mwen ekri nou avèk kouraj sou kèk pwen pou fè nou sonje ankò, akoz gras Bondye ke mwen resevwa a,
16 ut sim minister Christi Iesu in Gentibus: sanctificans Evangelium Dei, ut fiat oblatio Gentium accepta, et sanctificata in Spiritu sancto.
pou m kapab yon sèvitè Jésus Kris pou pèp etranje yo, pou m fè sèvis kòm yon prèt pou levanjil Bondye a, jis pou ofrann mwen bay pèp etranje yo kapab vin akseptab, e byen sanktifye pa Lespri Sen an.
17 Habeo igitur gloriam in Christo Iesu ad Deum.
Konsa, nan Jésus Kri mwen gen tan twouve rezon pou vante tèt mwen nan bagay ki apatyen a Bondye.
18 Non enim audeo aliquid loqui eorum, quae per me non efficit Christus in obedientiam Gentium, verbo et factis:
Mwen p ap pèmèt mwen pale de okenn bagay sof de sa ke Kris gen tan akonpli atravè mwen an, kon rezilta a, obeyisans pèp etranje yo pa pawòl ak aksyon,
19 in virtute signorum, et prodigiorum, in virtute Spiritus sancti: ita ut ab Ierusalem per circuitum usque ad Illyricum repleverim Evangelium Christi.
nan pouvwa sign ak mirak yo nan pouvwa Lespri a, pouke soti Jérusalem jis rive nan Illyrie ak anviwon peyi a, mwen fin preche tout levanjil a Kris la.
20 Sic autem praedicavi Evangelium hoc, non ubi nominatus est Christus, ne super alienum fundamentum aedificarem:
Se konsa mwen vle preche levanjil la; pa kote ke Kris te deja konnen pou m pa bati sou fondasyon a yon lòt moun,
21 sed sicut scriptum est: Quibus non est annunciatum de eo, videbunt: et qui non audierunt de eo, intelligent.
Men jan sa ekri a: “Sila ki pa gen nouvèl Li yo va wè, e sila ki pa tande yo va konprann”.
22 Propter quod et impediebar plurimum venire ad vos, sed prohibitus sum usque adhuc.
Pou rezon sa a byen souvan mwen anpeche vin kote nou.
23 Nunc vero ulterius locum non habens in his regionibus, cupiditatem autem habens veniendi ad vos ex multis iam praecedentibus annis:
Men koulye a, akoz pa gen lòt andwa pou mwen nan rejyon sa yo, e depi anpil ane mwen anvi vin wè nou,
24 cum in Hispaniam proficisci coepero, spero quod praeteriens videam vos, et a vobis deducar illuc, si vobis primum ex parte fruitus fuero.
nenpòt lè mwen ale Espagne, mwen espere wè nou pandan m ap pase. Konsa nou kapab ede m fin rive la apre mwen fin rejwi de prezans nou pandan kèk tan.
25 Nunc igitur proficiscar in Ierusalem ministrare sanctis.
Men koulye a mwen prale Jérusalem pou sèvi fidèl yo.
26 Probaverunt enim Macedonia, et Achaia collationem aliquam facere in pauperes sanctorum, qui sunt in Ierusalem.
Paske legliz yo nan Macédoine ak Achaïe te kontan fè yon don pou malere yo pami fidèl Jérusalem yo.
27 Placuit enim eis: et debitores sunt eorum. Nam si spiritualium eorum participes facti sunt Gentiles: debent et in carnalibus ministrare illis.
Wi, yo te kontan fè sa, e yo dwe yo. Paske si pèp etranje yo gen tan pataje bagay ki soti nan Lespri Bondye a, yo dwe remèt sèvis a yo tou ak bagay materyèl.
28 Hoc igitur cum consummavero, et assignavero eis fructum hunc: per vos proficiscar in Hispaniam.
Konsa, lè m fin fè sa, e mete so mwen sou fwi sa ki sòti nan yo menm nan, m ap pase bò kote nou nan wout pou m ale Espagne la.
29 Scio autem quoniam veniens ad vos, in abundantia benedictionis Evangelii Christi veniam.
Mwen konnen ke lè m vin kote nou, m ap vini byen ranpli avèk benediksyon a Kris la.
30 Obsecro ergo vos fratres per Dominum nostrum Iesum Christum, et per charitatem sancti Spiritus, ut adiuvetis et me in orationibus vestris pro me ad Deum,
Koulye a mwen ankouraje nou, frè m yo, pa Senyè nou an, Jésus Kri e pa lanmou Lespri a, pou fè tout efò ansanm avèk mwen nan lapriyè a Bondye pou mwen menm
31 ut liberer ab infidelibus, qui sunt in Iudaea, et obsequii mei oblatio accepta fiat in Ierusalem sanctis,
pou mwen kapab delivre anba sila yo nan Juda ki dezobeyisan, e pou sèvis mwen pou Jérusalem kapab akseptab devan fidèl yo,
32 ut veniam ad vos in gaudio per voluntatem Dei, et refrigerer vobiscum.
pou mwen kapab vini a nou menm nan lajwa pa volonte Bondye e pou m twouve yon repo rafrechisan an konpayi de nou menm.
33 Deus autem pacis sit cum omnibus vobis. Amen.
Pou koulye a ke Bondye lapè a kapab avèk nou tout. Amen.

< Romanos 15 >