< Philippenses 2 >

1 Si qua ergo consolatio in Christo, si quod solatium charitatis, si qua societas spiritus, si qua viscera miserationis:
Konsa, si se nan Kris la nou jwenn fòs kouraj nou tout bon vre, si se renmen li renmen nou an ki ban nou ankourajman tout bon vre, si Sentespri l' rete nan kè nou tout bon vre, si tout bon vre nou yonn renmen lòt, si nou sansib yonn pou lòt,
2 implete gaudium meum ut idem sapiatis, eandem charitatem habentes, unanimes, idipsum sentientes,
enben, men sa m'ap mande nou: Fè kè m' kontan nèt. Se pou nou viv byen yonn ak lòt, se pou nou yonn renmen lòt menm jan an, pou nou tout gen yon sèl lide nan tèt nou ak yon sèl santiman nan kè nou.
3 nihil per contentionem, neque per inanem gloriam: sed in humilitate superiores sibi invicem arbitrantes,
Pa fè anyen nan lide pou fè tèt nou pase pou pi bon, ni pou fè lwanj tèt nou. Men, soumèt nou devan Bondye. Mete nan tèt nou lòt yo pi bon pase nou.
4 non quae sua sunt singuli considerantes, sed ea, quae aliorum.
Piga pesonn chache enterè pa l' ase. Se pou l' chache sa ki bon pou lòt yo tou.
5 Hoc enim sentite in vobis, quod et in Christo Iesu:
Se pou nou yonn gen pou lòt menm santiman ki te nan Jezi, Kris la.
6 qui cum in forma Dei esset, non rapinam arbitratus est esse se aequalem Deo:
Sa Bondye ye a, se sa l' te toujou ye. Men, li pa t' janm konsidere sa tankou yon avantaj pou l' te chache kenbe ak tout fòs.
7 sed semetipsum exinanivit formam servi accipiens, in similitudinem hominum factus, et habitu inventus ut homo.
Okontrè, se li menm pou tèt pa l' ki chwazi mete sa sou kote. Li te pito tounen yon domestik. Li pran fòm yon moun, li vin tankou tout moun.
8 Humiliavit semetipsum factus obediens usque ad mortem, mortem autem crucis.
Li rabese tèt li. Tankou yon moun, li soumèt devan Bondye. Li obeyi Bondye jouk li rive asepte mouri, wi jouk li asepte mouri sou kwa a.
9 Propter quod et Deus exaltavit illum, et donavit illi nomen, quod est super omne nomen:
Se poutèt sa, Bondye leve l' mete chita kote ki pi wo a. Li ba li yon non ki pi gran pase tout lòt non.
10 ut in nomine Iesu omne genu flectatur caelestium, terrestrium, et infernorum,
Konsa, tou sa ki nan syèl la, tou sa ki sou tè a ak anba tè a, yo tout va mete jenou yo atè devan Jezi pa respè pou non Bondye te ba li a.
11 et omnis lingua confiteatur quia Dominus Iesus Christus in gloria est Dei Patris.
Tout moun va rekonèt Jezikri se Seyè a. Sa va sèvi yon lwanj pou Bondye Papa a.
12 Itaque charissimi mei (sicut semper obedistis): non ut in praesentia mei tantum, sed multo magis nunc in absentia mea, cum metu et tremore vestram salutem operamini.
Se konsa, zanmi m' yo, nou tout nou te toujou obeysan lè m' te la avèk nou. Koulye a m' pa la ankò, se lè sa a pou n' pi obeyisan: toujou fè jefò pou nou ka fin sove nèt, avèk krentif pou Bondye, avèk soumisyon devan li.
13 Deus est enim, qui operatur in vobis et velle, et perficere pro bona voluntate.
Paske, se Bondye menm k'ap travay tout tan nan kè nou. Se li ki ban nou anvi fè sa ki pou fè l' plezi ansanm ak fòs pou nou ka fè l' vre.
14 Omnia autem facite sine murmurationibus, et haesitationibus:
Nan tou sa n'ap fè, pa plenyen, pa diskite,
15 ut sitis sine querela, et simplices filii Dei, sine reprehensione in medio nationis pravae, et perversae: inter quos lucetis sicut luminaria in mundo,
pou yo pa jwenn anyen pou yo repwoche nou, pou nou ka fè sa ki byen tankou bon pitit Bondye, antan n'ap viv nan mitan bann moun malonèt ak bann mechan sa yo ki sou latè. Se pou nou klere nan mitan yo tankou zetwal nan syèl la,
16 verbum vitae continentes ad gloriam meam in die Christi, quia non in vacuum cucurri, neque in vacuum laboravi.
lè n'ap ba yo mesaj ki bay lavi a. Konsa, n'a fè kè m' kontan lè jou Kris la va rive. Paske, m'a konnen mwen pa t' fatige kò m' pou gremesi, mwen pa t' travay mal.
17 Sed et si immolor supra sacrificium, et obsequium fidei vestrae, gaudeo, et congratulor omnibus vobis.
Menm si mwen dwe ofri lavi m', menm si san m' ta gen pou l' koule pou wouze ofrann n'ap fè pou Bondye paske nou gen konfyans nan li a, m'ap kontan anpil, epi m'ap fè kè nou tout kontan ansanm avè mwen.
18 Idipsum autem et vos gaudete, et congratulamini mihi.
Konsa, nou menm tou, se pou nou kontan, se pou nou fè kè m' kontan ansanm avè nou tou.
19 Spero autem in Domino Iesu, Timotheum me cito mittere ad vos: ut et ego bono animo sim, cognitis quae circa vos sunt.
Si se volonte Seyè Jezi, mwen fè lide voye Timote kote nou anvan lontan, pou lè m' pran nouvèl nou sa ka ban m' ankourajman.
20 Neminem enim habeo tam unanimem, qui sincera affectione pro vobis solicitus sit.
Timote se sèl moun ki gen menm lide avè m', ki vle wè byen nou. Mwen pa gen lòt.
21 Omnes enim quae sua sunt quaerunt, non quae sunt Iesu Christi.
Tout lòt yo, se zafè pa yo ase y'ap regle, yo p'ap defann kòz Kris la.
22 Experimentum autem eius cognoscite, quia sicut patri filius, mecum servivit in Evangelio.
Nou menm tou nou konnen jan Timote se yon nèg serye. Tankou papa ak pitit nou travay ansanm pou bon nouvèl la.
23 Hunc igitur spero me mittere ad vos, mox ut videro quae circa me sunt.
Mwen fè lide voye l' kote nou lè m'a fin wè ki jan sa ap pase pou mwen.
24 Confido autem in Domino quoniam et ipse veniam ad vos cito.
Men, mwen gen konfyans sa a nan Bondye: m'a ka vin wè nou anvan lontan.
25 Necessarium autem existimavi Epaphroditum fratrem, et cooperatorem, et commilitonem meum, vestrum autem apostolum, et ministrum necessitatis meae, mittere ad vos:
Konsa tou, nou chonje Epafwodit, frè nou an, ki te travay ansanm avè m', ki te la avè m' nan tout batay. Se nou menm ki te voye l' vin ban m' konkou. Enben, mwen wè se nesesè pou m' voye l' tounen ban nou.
26 quoniam quidem omnes vos desiderabat: et moestus erat, propterea quod audieratis illum infirmatum.
Se pa ti anvi li anvi wè nou. Sa te travay tèt li anpil dèske nou te vin konnen jan l' te malad.
27 Nam et infirmatus est usque ad mortem: sed Deus misertus est eius: non solum autem eius, verum etiam et mei, ne tristitiam super tristitiam haberem.
Li te malad anpil, se vre. Li manke mouri. Men, Bondye te gen pitye pou li. Pa pou li sèlman, men pou mwen menm tou, pou sa pa t' ban mwen plis lapenn ankò.
28 Festinantius ergo misi illum, ut viso eo iterum gaudeatis, et ego sine tristitia sim.
Se poutèt sa mwen pi anvi voye li bò kote nou pou nou ka kontan lè n'a wè l' ankò, epi pou m' ka gen mwens lapenn.
29 Excipite itaque illum cum omni gaudio in Domino, et eiusmodi cum honore habetote.
Konsa, resevwa l' ak kè kontan tankou yon frè nan Seyè a. Se pou nou gen anpil respè pou moun ki tankou Epafwodit,
30 quoniam propter opus Christi usque ad mortem accessit, tradens animam suam ut impleret id, quod ex vobis deerat erga meum obsequium.
paske li te prèt pou mouri pou travay Kris la, li riske lavi l' pou l' te ka ban mwen konkou nou menm nou pa t' kapab ban mwen.

< Philippenses 2 >