< Mattheum 9 >

1 Et ascendens Iesus in naviculam, transfretavit, et venit in civitatem suam.
Jésus te antre nan yon kannòt pou travèse dlo a, e te vin rive nan pwòp vil Li a.
2 Et ecce offerebant ei paralyticum iacentem in lecto. Et videns autem Iesus fidem illorum, dixit paralytico: Confide fili, remittuntur tibi peccata tua.
Epi konsa, yo te pote bay Li yon moun paralize ki kouche sou yon kabann. Lè Jésus te wè lafwa yo, Li te di a moun paralize a: “Pran kouraj fis Mwen, peche ou yo padone.”
3 Et ecce quidam de Scribis dixerunt intra se: Hic blasphemat.
Kèk nan skrib yo te reflechi nan kè yo: “Moun sa a ap blasfeme.”
4 Et cum vidisset Iesus cogitationes eorum, dixit: Ut quid cogitatis mala in cordibus vestris?
Men Jésus te konnen panse yo e Li te di: “Poukisa nou ap reflechi mal nan kè nou?
5 Quid est facilius dicere: Dimittuntur tibi peccata tua: an dicere: Surge, et ambula?
Kisa ki pi fasil pou di: ‘Peche ou yo padone’, oubyen ‘leve mache’?
6 Ut autem sciatis, quia filius hominis habet potestatem in terra dimittendi peccata, tunc ait paralytico: Surge, tolle lectum tuum, et vade in domum tuam.
Men pou nou kapab konprann ke Fis a lòm nan gen otorite sou latè pou padone peche”, Li te di a paralitik la: “Leve, pran kabann ou e ale lakay ou!”
7 Et surrexit, et abiit in domum suam.
Epi konsa, Li te leve ale lakay li.
8 Videntes autem turbae timuerunt, et glorificaverunt Deum, qui dedit potestatem talem hominibus.
Lè foul la te wè sa, yo te etonnen, e yo te bay glwa a Bondye ki te bay otorite konsa a lèzòm.
9 Et, cum transiret inde Iesus, vidit hominem sedentem in telonio, Matthaeum nomine. Et ait illi: Sequere me. Et surgens, secutus est eum.
Lè Jésus te kite kote sa a, Li te wè yon nonm yo rele Matthieu ki te chita nan biwo kontribisyon an. Li te di l: “Swiv Mwen!” Epi li te leve e te swiv Li.
10 Et factum est discumbente eo in domo, ecce multi publicani, et peccatores venientes discumbebant cum Iesu, et discipulis eius.
Li vin rive pandan Li te sou tab nan kay la, ke anpil ouvriye travay Kontribisyon an, avèk anpil pechè t ap manje avèk Jésus ak disip Li yo.
11 Et videntes Pharisaei, dicebant discipulis eius: Quare cum publicanis, et peccatoribus manducat Magister vester?
Lè Farizyen yo te wè sa, yo te di a disip Li yo: “Poukisa Mèt nou ap manje avèk moun kontribisyon ak pechè sa yo?”
12 At Iesus audiens, ait: Non est opus valentibus medicus, sed male habentibus.
Men, lè Jésus tande sa, Li te di: “Se pa sila ki ansante yo ki bezwen yon doktè, men sila ki malad yo.
13 Euntes autem discite quid est: Misericordiam volo, et non sacrificium. Non enim veni vocare iustos, sed peccatores.
Men ale konprann kisa sa vle di: ‘Mwen dezire mizerikòd, pa sakrifis’, paske mwen pa t vini pou rele jis yo, men pechè yo.”
14 Tunc accesserunt ad eum discipuli Ioannis, dicentes: Quare nos, et Pharisaei ieiunamus frequenter: discipuli autem tui non ieiunant?
Aprè sa, disip a Jean yo te vini mande L: “Poukisa nou menm avèk Farizyen yo fè jèn, men disip Ou yo pa fè l?”
15 Et ait illis Iesus: Numquid possunt filii sponsi lugere, quamdiu cum illis est sponsus? Venient autem dies cum auferetur ab eis sponsus: et tunc ieiunabunt.
Jésus di yo konsa: “Èske moun k ap fete avèk mesye maryaj la kapab tris pandan mesye a toujou la? Men jou yo ap vini lè mesye a p ap la ankò e nan tan sa a, yo va fè jèn.
16 Nemo autem immittit commissuram panni rudis in vestimentum vetus: tollit enim plenitudinem eius a vestimento: et peior scissura fit.
Men pèsòn pa pyese yon vye rad avèk yon twal nèf dekwa ke twal nèf la pa vin chire lè l ap ratresi pou chire rad la pi mal.
17 Neque mittunt vinum novum in utres veteres. alioquin rumpuntur utres, et vinum effunditur, et utres pereunt. Sed vinum novum in utres novos mittunt: et ambo conservantur.
Ni moun pa mete diven nèf nan po kwi ansyen, sinon po a ap fann, diven an va tonbe, e ansyen po a va gate. Men yo mete diven nèf nan po nèf pou tou de kapab konsève.”
18 Haec illo loquente ad eos, ecce princeps unus accessit, et adorabat eum, dicens: Domine, filia mea modo defuncta est: sed veni, impone manum tuam super eam, et vivet.
Pandan Li t ap pale konsa avèk yo, yon ofisye sinagòg la te vin bese devan Li e te di L: “Fi mwen an apèn fin mouri, men si ou vin mete men ou sou li, l ap viv.”
19 Et surgens Iesus, sequebatur eum, et discipuli eius.
Jésus te leve e te swiv li ansanm avèk tout disip Li yo.
20 Et ecce mulier, quae sanguinis fluxum patiebatur duodecim annis, accessit retro, et tetigit fimbriam vestimenti eius.
Konsa, yon fanm ki te soufri yon maladi pèt de san depi douz ane te parèt pa dèyè Li, e te touche rebò vètman Li;
21 Dicebat enim intra se: Si tetigero tantum vestimentum eius: salva ero.
paske li t ap di nan tèt li: “Si sèlman mwen kapab touche rebò vètman Li, m ap geri.”
22 At Iesus conversus, et videns eam, dixit: Confide filia, fides tua te salvam fecit. Et salva facta est mulier ex illa hora.
Men Jésus te vire wè li e te di li: “Fi mwen, pran kouraj, fwa ou gen tan fè ou geri.” Lapoula, fanm nan te gen tan geri.
23 Et cum venisset Iesus in domum principis, et vidisset tibicines et turbam tumultuantem, dicebat:
Konsa, lè Jésus te rive lakay ofisye a, Li te wè moun ki t ap jwe flit avèk yon foul ki t ap fè anpil bwi avèk dezòd.
24 Recedite: non est enim mortua puella, sed dormit. Et deridebant eum.
Li te di: “Fè yon ti deplase; fi a pa mouri, men se dòmi, l ap dòmi.” Epi yo te kòmanse ri sou Li.
25 Et cum eiecta esset turba, intravit: et tenuit manum eius, et dixit: Puella surge: Et surrexit puella.
Men lè foul la te soti deyò, Li te antre, pran men li, e fi a te vin leve.
26 Et exiit fama haec in universam terram illam.
Nouvèl sa a te kouri toupatou nan peyi a.
27 Et transeunte inde Iesu, secuti sunt eum duo caeci, clamantes, et dicentes: Miserere nostri, fili David.
Lè Jésus te rive pi lwen, de moun avèg t ap swiv Li. Konsa, yo t ap kriye: “Fè nou gras Fis a David la!”
28 Cum autem venisset domum, accesserunt ad eum caeci. Et dicit eis Iesus: Creditis quia hoc possum facere vobis? Dicunt ei: Utique, Domine.
Lè L te fin antre nan kay la, yo te vin kote L. Li te mande yo: “Èske nou kwè ke Mwen kapab fè sa?” Yo te reponn Li: “Wi, Senyè”.
29 Tunc tetigit oculos eorum, dicens: Secundum fidem vestram fiat vobis.
Li te touche zye yo e te di: “Ke sa fèt selon lafwa nou.”
30 Et aperti sunt oculi eorum: et comminatus est illis Iesus, dicens: Videte ne quis sciat.
Epi zye yo te vin louvri. Jésus te pale ak yo sevèman: “Gade byen, pa kite pèsòn konnen bagay sa a.”
31 Illi autem exeuntes, diffamaverunt eum in tota terra illa.
Men yo te ale deyò e te gaye nouvèl la toupatou nan peyi a.
32 Egressis autem illis, ecce obtulerunt ei hominem mutum, daemonium habentem.
E pandan yo t ap soti deyò, konsa, yo te pote bay Li yon moun bèbè avèk yon move lespri.
33 Et eiecto daemonio, locutus est mutus, et miratae sunt turbae, dicentes: Numquam apparuit sic in Israel.
Lè Li fin jete move lespri a, bèbè a vin pale. Tout foul la te byen etone. Yo te di: “Nou pa janm wè anyen parèy a sa an Israël.”
34 Pharisaei autem dicebant: In principe daemoniorum eiicit daemones.
Men Farizyen yo t ap di: “Li chase move lespri yo pa pouvwa a mèt move lespri yo.”
35 Et circuibat Iesus omnes civitates, et castella, docens in synagogis eorum, et praedicans evangelium regni, et curans omnem languorem, et omnem infirmitatem.
Jésus t ap prale toupatou nan tout vil ak tout bouk yo. Li t ap enstwi nan sinagòg yo pou pwoklame bòn nouvèl wayòm nan, e Li t ap geri tout kalite maladi ak pwoblèm fizik.
36 Videns autem turbas, misertus est eis: quia erant vexati, et iacentes sicut oves non habentes pastorem.
Epi lè Li wè tout foul moun yo, Li te gen konpasyon pou yo, paske yo te dezole e dekouraje tankou mouton ki san gadò.
37 Tunc dicit discipulis suis: Messis quidem multa, operarii autem pauci.
Konsa Li di a disip Li yo: “Rekòlt la anpil, men ouvriye yo manke.
38 Rogate ergo Dominum messis, ut mittat operarios in messem suam.
Pou sa, sipliye Senyè rekòlt la pou voye ouvriye nan rekòlt Li a.”

< Mattheum 9 >