< Mattheum 22 >

1 Et respondens Iesus, dixit iterum in parabolis eis, dicens:
Ankò Jésus te reponn yo e pale ak yo an parabòl. Li te di:
2 Simile factum est regnum caelorum homini regi, qui fecit nuptias filio suo.
“Wayòm syèl la tankou yon wa ki fè yon fèt maryaj pou fis li.
3 Et misit servos suos vocare invitatos ad nuptias, et nolebant venire.
Li te voye esklav li yo deyò pou rele sila yo ki te envite nan fèt maryaj la, men yo pa t dakò vini.
4 Iterum misit alios servos, dicens: Dicite invitatis: Ecce prandium meum paravi, tauri mei, et altilia occisa sunt, et omnia parata: venite ad nuptias.
“Ankò li voye lòt esklav pou di: “Gade, mwen prepare anpil manje. Bèf avèk anpil lòt bèt gra gen tan fin kòche. Tout bagay prè. Vini nan fèt maryaj la.
5 Illi autem neglexerunt: et abierunt, alius in villam suam, alius vero ad negotiationem suam:
“Men yo pa t okipe li. Yo fè wout yo. Youn ale nan chan li, yon lòt pou okipe afè l.
6 reliqui vero tenuerunt servos eius, et contumeliis affectos occiderunt.
Konsa, rès yo te sezi esklav li yo, e te maltrete e touye yo.
7 Rex autem cum audisset, iratus est: et missis exercitibus suis, perdidit homicidas illos, et civitatem illorum succendit.
Lè wa a tande sa a, li te anraje. Li te voye lame li pou te detwi tout asasen sa yo, e te mete dife nan vil pa yo.
8 Tunc ait servis suis: Nuptiae quidem paratae sunt, sed qui invitati erant, non fuerunt digni.
“Apre, li te di a esklav li yo: ‘Maryaj la prepare, men sila ki te envite yo pa dign.
9 ite ergo ad exitus viarum, et quoscumque inveneritis, vocate ad nuptias.
Pou sa, ale nan gran wout yo, epi tout sila nou twouve la yo, envite yo nan fèt maryaj la.’
10 Et egressi servi eius in vias, congregaverunt omnes, quos invenerunt, malos et bonos: et impletae sunt nuptiae discumbentium.
“Konsa, esklav sila yo te ale deyò nan lari yo pou te ranmase tout sa yo te twouve, ni mechan, ni bon, epi chan maryaj la te ranpli avèk moun envite yo.
11 Intravit autem rex ut videret discumbentes, et vidit ibi hominem non vestitum veste nuptiali.
“Men lè wa a te vini pou wè sila ki te vini yo, li twouve yon nonm ki pa abiye avèk vètman maryaj la.
12 Et ait illi: Amice, quomodo huc intrasti non habens vestem nuptialem? At ille obmutuit.
Li te di li: ‘Zanmi m, kijan ou fè antre isit la san vètman maryaj la?’ Moun nan pa t kab menm pale.
13 Tunc dicit rex ministris: Ligatis manibus, et pedibus eius, mittite eum in tenebras exteriores: ibi erit fletus, et stridor dentium.
“Konsa, wa a te di a sèvitè yo: Mare men li avèk pye li, e jete li deyò nan fon tenèb. Nan plas sa a, va genyen gwo kriye avèk manje dan.
14 Multi enim sunt vocati, pauci vero electi.
Paske gen anpil moun k ap resevwa apèl la, men pa anpil moun kap chwazi.”
15 Tunc abeuntes Pharisaei, consilium inierunt ut caperent eum in sermone.
Konsa, Farizyen yo te ale pran konsèy ansanm pou twouve kijan yo ta kab kenbe L nan pèlen pawòl ke Li te pale yo.
16 Et mittunt ei discipulos suos cum Herodianis dicentes: Magister, scimus quia verax es, et viam Dei in veritate doces, et non est tibi cura de aliquo: non enim respicis personam hominum:
Yo te voye disip pa yo ansanm avèk Ewodyen yo. Yo te di: “Mèt, nou konnen ke Ou bay verite, e enstwi chemen Bondye a ak verite, san patipri, paske Ou pa pran pati a pèsòn.
17 dic ergo nobis quid tibi videtur, licet censum dare Caesari, an non?
Pou sa, di nou kisa Ou panse? Èske li pèmèt pou peye taks a César? Wi oubyen non?”
18 Cognita autem Iesus nequitia eorum, ait: Quid me tentatis hypocritae?
Men Jésus te konprann mechanste yo. Li te reponn: “Poukisa nou ap tante M konsa? Ipokrit nou ye!
19 ostendite mihi numisma census. At illi obtulerunt ei denarium.
Montre M kòb ke nou sèvi pou peye taks la.” Yo te pote bay Li yon denye.
20 Et ait illis Iesus: Cuius est imago haec, et superscriptio?
Li te mande yo: “Limaj avèk lenskripsyon a ki moun nou wè la a?”
21 Dicunt ei: Caesaris. Tunc ait illis: Reddite ergo quae sunt Caesaris, Caesari: et quae sunt Dei, Deo.
Yo reponn Li: “Se pou César”. Li te di yo: “Ebyen, bay a César sa ki pou César, e bay Bondye sa ki pou Bondye.”
22 Et audientes mirati sunt, et relicto eo abierunt.
Lè yo tande sa, yo te etone e yo te kite Li ale.
23 In illo die accesserunt ad eum Sadducaei, qui dicunt non esse resurrectionem: et interrogaverunt eum,
Nan menm jou sa a, kèk nan Sadiseyen yo (ki di pa gen rezirèksyon) te vin kote L pou poze L kesyon.
24 dicentes: Magister, Moyses dixit: Si quis mortuus fuerit non habens filium, ut ducat frater eius uxorem illius, et suscitet semen fratri suo.
Yo te di: “Mèt, Moïse te di: ‘Si yon nonm mouri, li pa gen pitit, frè li, nan fanmi ki pi prè a va marye avèk madanm li, pou l elve yon Pitit pou frè li.’
25 Erant autem apud nos septem fratres: et primus, uxore ducta, defunctus est: et non habens semen, reliquit uxorem suam fratri suo.
Konsa, te gen sèt frè avèk nou. Premye a te marye. Li mouri san fè Pitit e li te kite madanm li pou frè l la.
26 Similiter secundus, et tertius usque ad septimum.
Konsa tou, dezyèm lan, twazyèm nan, jouk rive nan setyèm frè a.
27 Novissime autem omnium et mulier defuncta est.
An dènye lye, fanm nan te mouri.
28 In resurrectione ergo cuius erit de septem uxor? omnes enim habuerunt eam.
Konsa nan rezirèksyon an, se madanm a kilès l ap ye? Paske yo tout te genyen l.”
29 Respondens autem Iesus, ait illis: Erratis nescientes Scripturas, neque virtutem Dei.
Men Jésus te reponn yo: “Nou twonpe nou. Nou pa konprann Ekriti Sen yo, ni pouvwa Bondye a.
30 In resurrectione enim neque nubent, neque nubentur: sed erunt sicut angeli Dei in caelo.
Paske nan rezirèksyon an, yo pa marye, ni bay moun nan maryaj, men se kon zanj nan syèl yo.
31 De resurrectione autem mortuorum non legistis quod dictum est a Deo dicente vobis:
Men konsènan rezirèksyon mò yo, nou pa t li sa ki te pale a nou pa Bondye lè Li di nou:
32 Ego sum Deus Abraham, et Deus Isaac, et Deus Iacob? Non est Deus mortuorum, sed viventium.
‘Mwen menm se Bondye Abraham, Bondye Isaac, Bondye Jacob la’? Li menm pa Bondye a mò yo, men a sila ki vivan yo.”
33 Et audientes turbae, mirabantur in doctrina eius.
Lè foul la te tande sa, yo te etone de jan Li te enstwi a.
34 Pharisaei autem audientes quod silentium imposuisset Sadducaeis, convenerunt in unum:
Men lè Farizyen yo te tande ke Li gen tan fè Sadiseyen yo sispann pale, yo te reyini ansanm.
35 et interrogavit eum unus ex eis legis doctor, tentans eum:
Youn nan yo, yon avoka, te kesyone L pou pase l a leprèv.
36 Magister, quod est mandatum magnum in lege?
“Mèt, kilès nan kòmandman nan Lalwa a ki pi gran?”
37 Ait illi Iesus: Diliges Dominum Deum tuum ex toto corde tuo, et in tota anima tua, et in tota mente tua.
Li te reponn li: “‘Ou va renmen Senyè a, Bondye ou avèk tout kè ou, avèk tout nanm ou, e avèk tout lespri ou’.
38 Hoc est maximum, et primum mandatum.
“Sa se premye e pi gran kòmandman an.
39 Secundum autem simile est huic: Diliges proximum tuum, sicut teipsum.
Dezyèm nan se parèy a li menm: ‘Ou va renmen vwazen ou tankou tèt ou’.
40 In his duobus mandatis universa lex pendet, et prophetae.
“Sou de kòmandman sa yo depann tout Lalwa, avèk pwofèt yo.”
41 Congregatis autem Pharisaeis, interrogavit eos Iesus,
Alò, pandan Farizyen yo te ansanm, Jésus te poze yo yon kesyon.
42 dicens: Quid vobis videtur de Christo? cuius filius est? Dicunt ei: David.
Li te mande yo: “Kisa nou panse de Kris la? Se Fis a kilès Li ye?” Yo te reponn Li: “Fis a David la”.
43 Ait illis: Quomodo ergo David in spiritu vocat eum Dominum, dicens:
Li te di yo: “Ebyen, ki jan konsa ke nan Lespri a, David te rele Li ‘Senyè’ lè li te di:
44 Dixit Dominus Domino meo: sede a dextris meis, donec ponam inimicos tuos scabellum pedum tuorum?
“SENYÈ a di a Senyè mwen an, ‘Chita sou men dwat Mwen, jouk lè Mwen mete lènmi ou yo anba pye ou’?
45 Si ergo David vocat eum Dominum, quomodo filius eius est?
“Si David li menm rele Li ‘Senyè’, kijan Li fè kapab Pitit Li?”
46 et nemo poterat ei respondere verbum: neque ausus fuit quisquam ex illa die eum amplius interrogare.
Pèsòn pa t kapab reponn Li yon mo, ni yo pa t tante mande Li anyen depi jou sa a.

< Mattheum 22 >