< Hebræos 10 >

1 Umbram enim habens lex futurorum bonorum, non ipsam imaginem rerum: per singulos annos eisdem ipsis hostiis, quas offerunt indesinenter, numquam potest accedentes perfectos facere:
Paske Lalwa a, akoz ke se sèlman yon lonbraj a bon bagay k ap vini yo, e ki pa vrè fòm a bagay sa yo, pa janm kapab, ak menm sakrifis ke yo ofri, tout tan ane apre ane yo fè vin pafè moun ki te rapwoche de li yo.
2 alioquin cessassent offerri: ideo quod nullam haberent ultra conscientiam peccati, cultores semel mundati:
Otreman, èske yo pa t ap sispann ofri sakrifis sa yo, akoz de adoratè yo, lè yo te fin netwaye yon fwa, yo pa t ap vin sanse pechè ankò?
3 sed in ipsis commemoratio peccatorum per singulos annos fit.
Men nan sakrifis sa yo, gen yon sistèm pou sonje peche yo ane apre ane.
4 impossibile enim est sanguine taurorum et hircorum auferri peccata.
Paske se enposib pou san towo ak kabrit efase peche.
5 Ideo ingrediens mundum dicit: Hostiam, et oblationem noluisti: corpus autem aptasti mihi:
Konsa, lè Li vini nan mond lan, Li te di: “Sakrifis ak ofrann Ou pa t dezire, men yon kò Ou te prepare pou Mwen.
6 holocaustomata pro peccato non tibi placuerunt.
Nan tout ofrann ki brile ak sakrifis pou peche, Ou pa t pran plezi.
7 Tunc dixi: Ecce venio: in capite libri scriptum est de me: Ut faciam, Deus, voluntatem tuam.
Answit, Mwen te di: ‘Gade, Mwen gen tan vini (nan woulo liv la li ekri de Mwen) “pou fè volonte Ou, o Bondye.’”
8 Superius dicens: Quia hostias, et oblationes, et holocaustomata pro peccato noluisti, nec placita sunt tibi, quae secundum legem offeruntur,
Lè L te fin di tout sa a: “Sakrifis ak ofrann yo, tout ofrann brile ak sakrifis pou peche yo, Ou pa t dezire yo, ni Ou pa t pran plezi nan yo” (sila k ap ofri selon Lalwa yo).
9 tunc dixi: Ecce venio, ut faciam, Deus, voluntatem tuam: aufert primum, ut sequens statuat.
Answit, Li te di: “Gade, Mwen vini pou fè volonte Ou.” Li retire premye a pou Li kapab etabli dezyèm nan.
10 In qua voluntate sanctificati sumus per oblationem corporis Iesu Christi semel.
Pa volonte sila a, nou vin sanktifye pa ofrann a kò Jésus Kris la yon fwa pou tout.
11 Et omnis quidem sacerdos praesto est quotidie ministrans, et easdem saepe offerens hostias, quae numquam possunt auferre peccata:
Chak prèt kanpe chak jou pou fè ministè li e l ofri, tan apre tan, menm sakrifis yo, ki pa janm kapab efase peche yo.
12 hic autem unam pro peccatis offerens hostiam, in sempiternum sedet in dextera Dei,
Men Li menm, ki te ofri yon sèl sakrifis pou peche yo pou tout tan an, Li te vin chita sou men dwat a Bondye,
13 de cetero expectans donec ponantur inimici eius scabellum pedum eius.
pou Li ta tann depi lè sa jis rive pi devan an jiskaske lènmi li yo vin tounen yon ti ban pou pye li.
14 Una enim oblatione, consummavit in sempiternum sanctificatos.
Paske pa yon sèl ofrann, Li te vin rann pafè pou tout tan sila ki vin sen yo.
15 Contestatur autem nos et Spiritus sanctus. Postquam enim dixit:
Epi Lespri Sen an temwaye osi a nou menm. Paske apre Li te di:
16 Hoc autem testamentum, quod testabor ad illos post dies illos, dicit Dominus: Dabo leges meas in cordibus eorum, et in mentibus eorum superscribam eas:
“Sa se akò ke Mwen va fè avèk yo apre jou sa yo, di Senyè a; Mwen va mete Lwa Mwen nan kè yo, e nan panse yo, Mwen va ekri yo.” Li di answit:
17 et peccatorum, et iniquitatum eorum iam non recordabor amplius.
“Epi peche ak inikite yo, Mwen p ap sonje yo ankò.”
18 Ubi autem horum remissio: iam non est oblatio pro peccato.
Alò, kote gen padon pou bagay sa yo, nanpwen ofrann pou peche ankò.
19 Habentes itaque fratres fiduciam in introitu sanctorum in sanguine Christi,
Konsa, frè yo, paske nou gen konfyans pou antre nan lye sen an pa san Jésus a
20 quam initiavit nobis viam novam, et viventem per velamen, id est, carnem suam,
pa yon chemen tounèf e vivan ke Li te ouvri pou nou atravè vwal la, ki se chè Li,
21 et sacerdotem magnum super domum Dei:
epi paske nou vin gen yon Granprèt lakay Bondye a,
22 accedamus cum vero corde in plenitudine fidei, aspersi corda a conscientia mala, et abluti corpus aqua munda,
annou rapwoche nou avèk yon kè sensè, ki plen asirans lafwa, avèk kè nou ki vin pwòp de yon move konsyans, e kò nou ki vin lave avèk dlo pwòp.
23 teneamus spei nostrae confessionem indeclinabilem, (fidelis enim est qui repromisit),
Pou nou kenbe fèm a pwofesyon esperans lan, san ezite, paske Sila ki fè pwomès la, Li fidèl.
24 et consideremus invicem in provocationem charitatis, et bonorum operum:
Epi annou konsidere jan pou nou kapab ankouraje youn lòt nan lanmou ak bon zèv.
25 non deserentes collectionem nostram, sicut consuetudinis est quibusdam, sed consolantes, et tanto magis quanto videritis appropinquantem diem.
Pa nan abandone pwòp asanble nou, jan kèk moun abitye fè, men nan ankouraje youn lòt, e plis menm akoz nou wè jou a ap pwoche.
26 Voluntarie enim peccantibus nobis post acceptam notitiam veritatis, iam non relinquitur pro peccatis hostia,
Paske si nou kontinye nan peche volontèman aprè nou resevwa konesans verite a, p ap gen yon sakrifis pou peche ki rete ankò,
27 terribilis autem quaedam expectatio iudicii, et ignis aemulatio, quae consumptura est adversarios.
men n ap tann ak laperèz yon jijman ki asire, ak yon dife anraje, ranpli lakòlè ki va konsome tout advèsè yo.
28 Irritam quis faciens legem Moysi, sine ulla miseratione duobus vel tribus testibus moritur:
Nenpòt moun ki te konn mete sou kote Lalwa Moïse la te gen pou mouri san mizerikòd avèk temwayaj de de oubyen twa temwen.
29 quanto magis putatis deteriora mereri supplicia qui filium Dei conculcaverit, et sanguinem testamenti pollutum duxerit, in quo sanctificatus est, et spiritui gratiae contumeliam fecerit?
Ki pinisyon pi rèd ou panse li va merite, sila ki foule anba pye li Fis a Bondye a, e gade san akò pa sila li te vin sanktifye a, kòm pa pwòp, e ki ensilte Lespri lagras la?
30 Scimus enim qui dixit: Mihi vindictam, et ego retribuam. Et iterum: Quia iudicabit Dominus populum suum.
Paske nou konnen Sila ki te di a: “Vanjans se pou Mwen. Mwen va rekonpanse.” E ankò: “Senyè a va jije pèp Li a.”
31 Horrendum est incidere in manus Dei viventis.
Se yon bagay ki tèrib pou tonbe nan men Bondye vivan an.
32 Rememoramini autem pristinos dies, in quibus illuminati, magnum certamen sustinuistis passionum:
Men sonje jou nan tan pase yo, lè apre nou te fin eklere, nou te andire yon gwo konfli soufrans
33 et in altero quidem opprobriis, et tribulationibus spectaculum facti: in altero autem socii taliter conversantium effecti.
nan yon jan, nou te devni yon spektak piblik, repwòch ak tribilasyon, men osi nou te pataje soufrans ak sila ki te maltrete konsa yo.
34 Nam et vinctis compassi estis, et rapinam bonorum vestrorum cum gaudio suscepistis, cognoscentes vos habere meliorem, et manentem substantiam.
Paske nou te montre konpasyon pou prizonye yo e te aksepte l avèk jwa lè yo te sezi byen nou yo, nan konnen ke nou te gen yon pi bon posesyon k ap dire nèt.
35 Nolite itaque amittere confidentiam vestram, quae magnam habet remunerationem.
Konsa, pa jete konfyans nou an, ki gen yon gran rekonpans.
36 Patientia enim vobis necessaria est: ut voluntatem Dei facientes, reportetis promissionem.
Paske nou oblije andire, pou lè nou fin fè volonte Bondye, nou kab resevwa sa ki te pwomèt a nou an.
37 Adhuc enim modicum aliquantulumque, qui venturus est, veniet, et non tardabit.
“Paske nan yon tan ki kout, Sila ki ap vini an, va vini, e li p ap fè reta.
38 iustus autem meus ex fide vivit. quod si subtraxerit se, non placebit animae meae.
Men moun ladwati pa M nan, va viv pa lafwa; e si li fè bak, nanm Mwen p ap gen plezi nan li.”
39 Nos autem non sumus subtractionis filii in perditionem, sed fidei in acquisitionem animae.
Men nou pa pami sila ki fè bak pou vin detwi yo, men sila ki gen lafwa pou prezève nanm la.

< Hebræos 10 >