< Iohannis Iii 1 >

1 Senior Gaio charissimo, quem ego diligo in veritate.
Lansyen lan k ap ekri a byeneme a, Gaïus, ke mwen renmen an verite.
2 Charissime, de omnibus orationem facio prospere te ingredi, et valere, sicut prospere agit anima tua.
Byeneme a, mwen priye nan tout aspe ke afè ou mache byen, epi ke ou toujou an bon sante, menm jan ke nanm ou se an bon sante.
3 Gavisus sum valde venientibus fratribus, et testimonium perhibentibus veritati tuae, sicut tu in veritate ambulas.
Paske mwen te tèlman kontan lè frè yo te vin pote temwen a verite ou, ki jan ou mache nan laverite a.
4 Maiorem horum non habeo gratiam, quam ut audiam filios meos in veritate ambulare.
Mwen pa gen pi gran jwa ke sa, pou tande koze a pitit mwen yo k ap mache nan laverite a.
5 Charissime, fideliter facis quidquid operaris in fratres, et hoc in peregrinos,
Byeneme, ou ap aji fidèlman nan tout sa ou achevi pou frè yo, soutou lè se moun ou pa rekonèt yo.
6 qui testimonium reddiderunt charitati tuae in conspectu Ecclesiae: quos, benefaciens, deduces digne Deo.
Yo pote temwen amou ou devan legliz la. Konsa, ou va fè byen pou voye yo sou wout yo nan yon jan ki gen merit devan Bondye.
7 Pro nomine enim eius profecti sunt, nihil accipientes a Gentibus.
Paske yo te sòti pou kòz a Non lan, san aksepte anyen nan men etranje yo.
8 Nos ergo debemus suscipere huiusmodi, ut cooperatores simus veritatis.
Nou dwe bay soutyen a moun tankou sa yo, pou nou kapab ouvriye pare a yo nan laverite a.
9 Scripsissem forsitan Ecclesiae: sed is, qui amat primatum gerere in eis, Diotrephes, non recipit nos.
Mwen te ekri yon bagay a legliz la, men Diotrèphe ki renmen premye pami tout, pa aksepte sa nou te pale.
10 propter hoc si venero, commonebo eius opera, quae facit: verbis malignis garriens in nos: et quasi non ei ista sufficiant: neque ipse suscipit fratres: et eos, qui suscipiunt, prohibet, et de Ecclesia eiicit.
Pou rezon sa, mwen va atire atansyon a zak sa yo ke li fè, lè l akize nou san jistis avèk pawòl yo ki mechan. Pa menm satisfè avèk sa li refize resevwa frè yo, epi li refize sa yo ki ta vle fè sa, epi mete yo deyò legliz la.
11 Charissime, noli imitari malum, sed quod bonum est. Qui benefacit, ex Deo est: qui malefacit, non videt Deum.
Zanmi mwen yo pa imite sa ki mechan, men sa ki bon. Sila ki fè byen se a Bondye. Sa ki fè mal pa janm te wè Bondye.
12 Demetrio testimonium redditur ab omnibus, et ab ipsa veritate, sed et nos testimonium perhibemus: et nosti quoniam testimonium nostrum verum est.
Démétrius te resevwa yon bon temwen a tout moun, epi osi selon menm laverite a; epi nou mete temwen nou sou sa, epi ou konnen ke temwen nou se vrè.
13 Multa habui tibi scribere: sed nolui per atramentum et calamum scribere tibi.
Mwen te gen anpil bagay yo pou ekri nou, men mwen pa vle ekri yo avèk plim ak lank;
14 Spero autem protinus te videre, et os ad os loquemur. Pax tibi. Salutant te amici. Saluta tu amicos nominatim.
men mwen espere ke mwen va wè nou toutalè, epi nou va pale fas a fas. Lapè swat avèk nou. Zanmi yo salye nou. Salye zanmi yo pa pwòp non yo.

< Iohannis Iii 1 >