< Lucam 22 >

1 Appropinquabat autem dies festus Azymorum, qui dicitur Pascha:
Alò, fèt Pen San Ledven an ki rele Pak Jwif la, t ap pwoche.
2 et quærebant principes sacerdotum, et Scribæ, quomodo Iesum interficerent: timebant vero plebem.
Konsa, Chèf prèt avèk skrib yo t ap chache kijan yo ta kapab mete L a lanmò; paske yo te pè pèp la.
3 Intravit autem satanas in Iudam, qui cognominabatur Iscariotes, unum de duodecim.
Konsa, Satan te antre nan Judas ki te rele Iscariot, ki te konte pami douz yo.
4 et abiit, et locutus est cum principibus sacerdotum, et magistratibus, quemadmodum illum traderet eis.
Li te sòti, e te diskite avèk chèf prèt avèk ofisye yo sou jan li ta kapab trayi Li a yo menm.
5 Et gavisi sunt, et pacti sunt pecuniam illi dare.
Yo te kontan, e te vin dakò pou bay li lajan.
6 Et spopondit. Et quærebat opportunitatem ut traderet illum sine turbis.
Donk, li te antann li avèk yo, e te kòmanse chache yon bon okazyon pou livre Li bay yo kote pa t gen foul moun.
7 Venit autem dies Azymorum, in qua necesse erat occidi pascha.
Alò, te rive premye jou Pen San Ledven an pandan lè yo te oblije fè sakrifis jenn mouton an.
8 Et misit Petrum, et Ioannem, dicens: Euntes parate nobis pascha, ut manducemus.
Li te voye Pierre avèk Jean e te di: “Ale prepare Pak la pou nou pou nou kab manje li.”
9 At illi dixerunt: Ubi vis paremus?
Yo te mande li: “Ki kote Ou vle nou prepare l?”
10 Et dixit ad eos: Ecce introeuntibus vobis in civitatem, occurret vobis homo quidam amphoram aquæ portans: sequimini eum in domum, in quam intrat,
Li te di yo: “Gade, lè nou antre nan vil la, yon mesye k ap pote yon vaz dlo va vin rankontre nou. Swiv li pou antre nan kay kote li antre a.”
11 et dicetis patrifamilias domus: Dicit tibi Magister: Ubi est diversorium, ubi pascha cum discipulis meis manducem?
Nou va di a mèt kay la: “Mèt la di nou, ‘Kote chanm vizitè a kote Mwen kapab manje Pak la avèk disip Mwen yo?’
12 Et ipse ostendet vobis cœnaculum magnum stratum, et ibi parate.
Epi li va montre nou yon gwo chanm anlè, byen founi. Prepare li la.”
13 Euntes autem invenerunt sicut dixit illis, et paraverunt pascha.
Yo te pati e te twouve tout bagay jan li te di yo a. Yo te prepare Pak la.
14 Et cum facta esset hora, discubuit, et duodecim Apostoli cum eo.
Lè lè a te rive, Li te repoze a tab, e apòt yo te avè L.
15 et ait illis: Desiderio desideravi hoc pascha manducare vobiscum, antequam patiar.
Li te di yo: “Mwen te seryezman anvi manje Pak sa a avèk nou avan Mwen soufri;
16 Dico enim vobis, quia ex hoc non manducabo illud, donec impleatur in regno Dei.
paske Mwen di nou, Mwen p ap janm manje li ankò, jiskaske li vin akonpli nan wayòm Bondye a.”
17 Et accepto calice gratias egit, et dixit: Accipite, et dividite inter vos.
Lè l te fin pran yon tas, e te beni li, Li te di: “Pran sa a, e pataje li pami nou menm.
18 dico enim vobis quod non bibam de generatione vitis, donec regnum Dei veniat.
Paske Mwen di nou, Mwen p ap bwè fwi rezen an depi kounye a jiskaske wayòm Bondye a vini.”
19 Et accepto pane gratias egit, et fregit, et dedit eis, dicens: Hoc est corpus meum, quod pro vobis datur: hoc facite in meam commemorationem.
Lè L te fin pran yon pen e te beni li, Li te kase l. Li te bay yo e te di: “Sa se kò M ki bay pou nou menm. Fè sa nan memwa a Mwen menm.”
20 Similiter et calicem, postquam cœnavit, dicens: Hic est calix novum testamentum in sanguine meo, qui pro vobis fundetur.
Menm jan an, Li te pran tas la lè yo te fin manje e te di: “Tas sa se akò nèf de san Mwen an ki vide nèt pou nou.
21 Verumtamen ecce manus tradentis me, mecum est in mensa.
Men gade, men la a sila ki trayi Mwen an; li la avè M sou tab la.
22 Et quidem Filius hominis, secundum quod definitum est, vadit: verumtamen væ homini illi, per quem tradetur.
Paske anverite, Fis a Lòm nan va ale jan sa te deja detèmine a. Men malè a moun ki trayi Li a!”
23 Et ipsi cœperunt quærere inter se, quis esset ex eis, qui hoc facturus esset.
Konsa, yo te kòmanse diskite pami yo kilès nan yo ke li ta kapab ye pou ta fè bagay sa a.
24 Facta est autem et contentio inter eos, quis eorum videretur esse maior.
Te leve osi yon diskisyon pami yo sou kilès nan yo ki te konsidere kòm pi gran.
25 Dixit autem eis: Reges Gentium dominantur eorum: et qui potestatem habent super eos, benefici vocantur.
Men Li te di yo: “Wa a payen yo domine yo, e sila ki gen otorite sou yo, yo rele ‘byenfetè’.
26 Vos autem non sic: sed qui maior est in vobis, fiat sicut minor: et qui præcessor est, sicut ministrator.
Men se pa konsa pou nou menm, men fòk sila a ki pi gran pami nou an vin tankou pi piti a, e direktè a tankou sèvitè a.
27 Nam quis maior est, qui recumbit, an qui ministrat? nonne qui recumbit? Ego autem in medio vestrum sum, sicut qui ministrat:
Paske, kilès ki pi gran an, sila a ki repoze a tab la, oubyen sila k ap sèvi a? Se pa sila ki repoze a tab la? Men Mwen menm, mwen pami nou kòm sila k ap sèvi a.
28 vos autem estis, qui permansistis mecum in tentationibus meis:
Nou menm se sila yo ki te kanpe avè M nan touteprèv Mwen yo.
29 Et ego dispono vobis sicut disposuit mihi Pater meus regnum,
Epi menm jan an ke Papa M ban Mwen yon wayòm, Mwen bannou li,
30 ut edatis, et bibatis super mensam meam in regno meo: et sedeatis super thronos iudicantes duodecim tribus Israel.
pou nou kapab manje e bwè sou tab Mwen nan wayòm Mwen an. Konsa, nou va chita sou douz twòn yo pou jije douz tribi Israël yo.
31 Ait autem Dominus: Simon, Simon, ecce satanas expetivit vos ut cribraret sicut triticum:
Simon, Simon, veye byen. Satan mande pèmisyon pouvannen ou tankou ble.
32 ego autem rogavi pro te ut non deficiat fides tua: et tu aliquando conversus confirma fratres tuos.
Men Mwen tepriye pou ou, pou lafwa ou pa pèdi; e pou ou, nan lè ke ou retounen ankò, kab bay frè ou yo fòs.”
33 Qui dixit ei: Domine, tecum paratus sum et in carcerem, et in mortem ire.
Men li te di Li: “Senyè, avèk Ou, mwen prepare pou m ale ni nan prizon, ni a lanmò!”
34 At ille dixit: Dico tibi Petre, non cantabit hodie gallus, donec ter abneges nosse me. Et dixit eis:
Li te reponn: “Mwen di ou, Pierre, ke kòk la p ap gen tan chante jodi a avan ou di twa fwa ke ou pa rekonèt Mwen.”
35 Quando misi vos sine sacculo, et pera, et calceamentis, numquid aliquid defuit vobis?
Li te di yo: “Lè Mwen te voye nou deyò san bous, ni sak, ni sapat la, nou pa t manke anyen; se pa sa?” E yo te di: “Non, anyen”.
36 At illi dixerunt: Nihil. Dixit ergo eis: Sed nunc qui habet sacculum, tollat similiter et peram: et qui non habet, vendat tunicam suam, et emat gladium.
Li te di yo ankò: “Men koulye a, nenpòt moun ki gen yon bous, fòk li pran l avè l; menm jan an tou, yon sak. E nenpòt moun ki pa gen, fòk li vann manto li, pou achte youn nepe.
37 Dico enim vobis, quoniam adhuc hoc, quod scriptum est, oportet impleri in me: Et cum iniquis deputatus est. Etenim ea, quæ sunt de me, finem habent.
Paske Mwen di nou ke sa ki ekri a oblije akonpli nan Mwen. ‘E Li te konte pami malfektè yo.’ Paskesa ki gen referans a Mwen menm nan gen pou ranpli.”
38 At illi dixerunt: Domine, ecce duo gladii hic. At ille dixit eis: Satis est.
Yo te di: “Senyè, gade, men de nepe.” E Li te di yo: “Sa sifi.”
39 Et egressus ibat secundum consuetudinem in Monte olivarum. Secuti sunt autem illum et discipuli.
Li te sòti, e te kontinye kòm abitid Li, vè Mòn Olivye a. Disip Li yo osi te swiv Li.
40 Et cum pervenisset ad locum, dixit illis: Orate ne intretis in tentationem.
Lè L te rive la, Li te di yo: “Priye pou nou pa antre nan tantasyon.”
41 Et ipse avulsus est ab eis quantum iactus est lapidis: et positis genibus orabat,
Konsa, Li te kite yo pou rive vè distans ke yon moun kab voye yon wòch, e Li te mete L sou jenou pou priye.
42 dicens: Pater si vis, transfer calicem istum a me: Verumtamen non mea voluntas, sed tua fiat.
Li t ap di: “Papa, si se volonte Ou, rete tas sa a sou Mwen; malgre pa selon volonte M, men ke pa W la kapab fèt.”
43 Apparuit autem illi Angelus de cælo, confortans eum. Et factus in agonia, prolixius orabat.
Alò, yon zanj syèl la te parèt a Li menm pou bay Li fòs.
44 Et factus est sudor eius, sicut guttæ sanguinis decurrentis in terram.
Ak gwo toumant, Li t ap priye avèk entansite. Swè Li te vin tankou gwo gout san ki t ap tonbe atè.
45 Et cum surrexisset ab oratione, et venisset ad discipulos suos, invenit eos dormientes præ tristitia.
Lè L te leve soti nan lapriyè, Li te vin kote disip yo e te twouve yo nan dòmi akoz tristès yo.
46 Et ait illis: Quid dormitis? surgite, orate, ne intretis in tentationem.
Li te di yo: “Poukisa nou ap dòmi? Leve e priye pou nou pa antre nan tantasyon.”
47 Adhuc eo loquente ecce turba: et qui vocabatur Iudas, unus de duodecim, antecedebat eos: et appropinquavit Iesu ut oscularetur eum.
Pandan Li te toujou ap pale, men yon foul te parèt avèk sila ki te rele Judas a, youn nan douz yo, ki t ap mennen yo. Li te pwoche Jésus pou bo L.
48 Iesus autem dixit illi: Iuda, osculo Filium hominis tradis?
Men Jésus te di li: “Judas, èske w ap trayi Fis a Lòm nan avèk yon bo?”
49 Videntes autem hi, qui circa ipsum erant, quod futurum erat, dixerunt ei: Domine, si percutimus in gladio?
Lè sila ki te antoure Li yo te wè sa ki t ap fèt la, yo te di: “Senyè, èske n ap frape avèk nepe a”?
50 Et percussit unus ex illis servum principis sacerdotum, et amputavit auriculam eius dexteram.
Konsa, youn nan yo te frape esklav a wo prèt la, e te koupe zòrèy dwat li.
51 Respondens autem Iesus, ait: Sinite usque huc. Et cum tetigisset auriculam eius, sanavit eum.
Men Jésus te reponn e te di: “Anmwens, kite m fè sa a” epi Li te touche zòrèy la, e te geri li.
52 Dixit autem Iesus ad eos, qui venerant ad se, principes sacerdotum, et magistratus templi, et seniores: Quasi ad latronem existis cum gladiis, et fustibus?
Jésus te di a chèf prèt avèk ofisye a tanp ki te vini kont Li yo: “Nou vini avèk nepe ak baton tankou nou t ap vini kont yon vòlè?
53 Cum quotidie vobiscum fuerim in templo, non extendistis manus in me: sed hæc est hora vestra, et potestas tenebrarum.
Pandan ke Mwen te avèk nou chak jou nan tanp lan, nou pa t mete men sou Mwen; men lè sa a avèk pouvwa tenèb la se lè pa nou an.”
54 Comprehendentes autem eum, duxerunt ad domum principis sacerdotum: Petrus vero sequebatur a longe.
Lè yo te fin arete Li, yo te mennen L ale, e te fè L rive lakay wo prèt la. Men Pierre t ap swiv a yon distans.
55 Accenso autem igne in medio atrii, et circumsedentibus illis, erat Petrus in medio eorum.
Apre yo te fin sanble dife nan mitan lakou tribinal la, e te chita ansanm, Pierre te chita pami yo.
56 Quem cum vidisset ancilla quædam sedentem ad lumen, et eum fuisset intuita, dixit: Et hic cum illo erat.
Alò, yon fi ki t ap sèvi, lè l te wè li nan limyè dife a, li te gade l toupre, e te di: “Mesye sa a te avè L tou, wi.”
57 At ille negavit eum, dicens: Mulier, non novi illum.
Men Li te demanti sa, e te di: “Fanm, mwen pa konnen Li.”
58 Et post pusillum alius videns eum, dixit: Et tu de illis es. Petrus vero ait: O homo, non sum.
Yon ti jan pita, yon lòt te wè l, e te di: “Ou menm se youn nan yo tou.” Men Pierre te di: “Mesye, se pa mwen!”
59 Et intervallo facto quasi horæ unius, alius quidam affirmabat, dicens: Vere et hic cum illo erat: nam et Galilæus est.
Apre anviwon yon èdtan te fin pase, yon lòt mesye te kòmanse ensiste, e te di: “Sètènman mesye sa a te avè l tou, paske li se yon Galileyen.”
60 Et ait Petrus: Homo, nescio quid dicis. Et continuo adhuc illo loquente cantavit gallus.
Men Pierre te di: “Mesye, mwen pa konnen anyen de sa w ap pale a!” E lapoula, pandan li te toujou ap pale, yon kòk te chante.
61 Et conversus Dominus respexit Petrum. Et recordatus est Petrus verbi Domini, sicut dixerat: Quia prius quam gallus cantet, ter me negabis.
Senyè a te vire gade Pierre. E Pierre te sonje pawòl a Senyè a, jan li te di li a: “Avan kòk la chante jodi a, ou va renye M twa fwa.”
62 Et egressus foras Petrus flevit amare.
Li te sòti deyò, e te kriye byen amè.
63 Et viri, qui tenebant illum, illudebant ei, cædentes.
Alò mesye ki te kenbe Jésus yo t ap moke Li, e bat Li,
64 Et velaverunt eum, et percutiebant faciem eius: et interrogabant eum, dicentes: Prophetiza, quis est, qui te percussit?
Konsa, yo te mare kouvri zye Li avèk yon twal, e te di L: “Pwofetize non; se kilès ki frape Ou a?”
65 Et alia multa blasphemantes dicebant in eum.
Yo t ap di anpil lòt bagay kont Li, avèkblasfèm.
66 Et ut factus est dies, convenerunt seniores plebis, et principes sacerdotum, et Scribæ, et duxerunt illum in concilium suum, dicentes: Si tu es Christus, dic nobis.
Lè li te fè jou, Konsèy Ansyen a pèp la te reyini, ni chèf prèt avèk skrib yo. Yo te mennen Li nan chanm konsèy la, e t ap di:
67 Et ait illis: Si vobis dixero, non credetis mihi:
“Si Ou menm se Kris la, di nou sa a.” Men Li te di yo: “Si Mwen di nou, nou p ap kwè;
68 si autem et interrogavero, non respondebitis mihi, neque dimittetis.
epi si Mwen poze nou yon kesyon, nou p ap reponn, ni lage M ale.
69 Ex hoc autem erit Filius hominis sedens a dextris virtutis Dei.
Men depi koulye a, Fis a Lòm nan va chita sou men dwat a pwisans Bondye a.”
70 Dixerunt autem omnes: Tu ergo es Filius Dei? Qui ait: Vos dicitis, quia ego sum.
Konsa, yo tout te di: “Alò, Ou menm se Fis Bondye a?” Li te reponn yo: “Ou pale sa, paske, Mwen Se.”
71 At illi dixerunt: Quid adhuc desideramus testimonium? ipsi enim audivimus de ore eius.
Answit yo te di: “Kisa nou bezwen anplis kòm temwayaj? Paske nou tande sa nou menm nan pwòp bouch Li!”

< Lucam 22 >