< 시편 65 >

1 (다윗의 시. 영장으로 한 노래) 하나님이여, 찬송이 시온에서 주를 기다리오며 사람이 서원을 주께 이행하리이다
Pou direktè koral la; yon Sòm David. Yon chan. Se lwanj k ap tan Ou, O Bondye nan Sion. Ve yo va fèt anvè Ou.
2 기도를 들으시는 주여, 모든 육체가 주께 나아오리이다
O Ou menm ki tande priyè yo, a Ou menm tout moun vini.
3 죄악이 나를 이기었사오니 우리의 죄과를 주께서 사하시리이다
Inikite m t ap kanpe kont mwen; men pou transgresyon nou yo, Ou kouvri yo.
4 주께서 택하시고 가까이 오게 하사 주의 뜰에 거하게 하신 사람은 복이 있나이다 우리가 주의 집 곧 주의 성전의 아름다움으로 만족하리이다
A la beni se (sila) ke Ou chwazi a e mennen toupre, pou l ka rete nan lakou Ou. Nou va satisfè ak tout bagay ki bon lakay Ou, sen tanp Ou a.
5 우리 구원의 하나님이시여, 땅의 모든 끝과 먼 바다에 있는 자의 의지할 주께서 의를 좇아 엄위하신 일로 우리에게 응답하시리이 다
Avèk zèv mèvèy e dwat, Ou reponn nou, O Bondye sali nou an. Se Ou menm ki espwa tout pwen latè a, jis rive nan lanmè pi lwen an.
6 주는 주의 힘으로 산을 세우시며 권능으로 띠를 띠시며
Ki etabli mòn yo pa pwisans Ou, Akoz Ou pran zam pwisans Ou.
7 바다의 흉용과 물결의 요동과 만민의 훤화까지 진정하시나이다
Ou kalme raj vag lanmè yo, Avèk gwo boulvèsman lanm yo.
8 땅 끝에 거하는 자가 주의 징조를 두려워하나이다 주께서 아침 되는 것과 저녁되는 것을 즐거워하게 하시며
(Sila) ki rete jis nan dènye pwent latè yo kanpe byen etone a mèvèy Ou yo. Ou fè maten avèk aswè kriye ak jwa.
9 땅을 권고하사 물을 대어 심히 윤택케 하시며 하나님의 강에 물이 가득하게 하시고 이 같이 땅을 예비하신 후에 저희에게 곡식 을 주시나이다
Ou vizite tè a e fè li gen abondans. Ou anrichi li anpil. Flèv Bondye a plen ak dlo. Ou prepare sereyal yo, paske se konsa ou oganizè l.
10 주께서 밭고랑에 물을 넉넉히 대사 그 이랑을 평평하게 하시며 또 단비로 부드럽게 하시고 그 싹에 복주시나이다
Ou wouze tranch li yo an abondans. Ou fè do li vin poze. Ou fè l vin mou ak lapli an abondans; Ou beni kwasans plant li.
11 주의 은택으로 년사에 관 씌우시니 주의 길에는 기름이 떨어지며
Ou te kouwone ane a avèk bonte Ou. Kabwa yo plen pwodwi rekòlt la.
12 들의 초장에도 떨어지니 작은 산들이 기쁨으로 띠를 띠었나이다
Patiraj nan dezè yo gen abondans, Epi kolin yo mare senti yo ak jwa.
13 초장에는 양떼가 입혔고 골짜기에는 곡식이 덮였으매 저희가 다 즐거이 외치고 또 노래하나이다
Chan yo abiye menm ak bann mouton. Vale yo fin ranpli ak sereyal. Yo rele fò ak lajwa! Konsa, yo chante.

< 시편 65 >