< ルカの福音書 4 >

1 さて、聖霊に満ちたイエスは、ヨルダンから帰られた。そして御霊に導かれて荒野におり、
Jésus, ranpli avèk Lespri Sen an, te retounen soti nan Jourdain an. Li te mennen pa Lespri a nan dezè a
2 四十日間、悪魔の試みに会われた。その間何も食べず、その時が終わると、空腹を覚えられた。
pandan karant jou, e Li te vin tante pa dyab la. Li pa t manje anyen pandan jou sa yo, epi lè jou yo te fini, Li te vin grangou.
3 そこで、悪魔はイエスに言った。「あなたが神の子なら、この石に、パンになれと言いつけなさい。」
Konsa, dyab la te di L: “Si Ou se fis Bondye a, kòmande wòch sila a vin pen.”
4 イエスは答えられた。「『人はパンだけで生きるのではない。』と書いてある。」
Jésus te reponn li: “Li ekri. ‘Lòm pa viv sèlman sou pen.’”
5 また、悪魔はイエスを連れて行き、またたくまに世界の国々を全部見せて、
Konsa, li te mennen Li monte, e te montre Li tout wayòm latè yo nan yon enstan de tan.
6 こう言った。「この、国々のいっさいの権力と栄光とをあなたに差し上げましょう。それは私に任されているので、私がこれと思う人に差し上げるのです。
Dyab la te di Li: “Mwen va bay Ou tout domenn sila a avèk glwa li, paske li livre nan men m, e mwen ap bay li a sila a ke m pito.
7 ですから、もしあなたが私を拝むなら、すべてをあなたのものとしましょう。」
Konsa, si Ou pwostène devan m, tout li ap vini pou Ou.”
8 イエスは答えて言われた。「『あなたの神である主を拝み、主にだけ仕えなさい。』と書いてある。」
Jésus te reponn. Li te di l konsa: “Sa ekri ‘Ou va adore Senyè a Bondye ou a, e sèvi Li menm sèlman.’”
9 また、悪魔はイエスをエルサレムに連れて行き、神殿の頂に立たせて、こう言った。「あなたが神の子なら、ここから飛び降りなさい。
Ankò li te mennen Li Jérusalem. Li te fè L kanpe sou pwent twati tanp lan, e te di Li: “Si Ou se Fis Bondye a, voye kò Ou anba soti isit la,
10 『神は、御使いたちに命じてあなたを守らせる。』とも、
paske sa ekri: ‘Li va bay zanj Li yo chaj de ou pou pwoteje ou,’
11 『あなたの足が石に打ち当たることのないように、彼らの手で、あなたをささえさせる。』とも書いてあるからです。」
epi nan men pa yo, yo va kenbe ou, pou ou pa frape pye ou kont wòch.’”
12 するとイエスは答えて言われた。「『あなたの神である主を試みてはならない。』と言われている。」
Konsa, Jésus te reponn li, e te di: “Li kon di; ‘Nou pa pou pase Senyè a, Bondye nou nan eprèv.’”
13 誘惑の手を尽くしたあとで、悪魔はしばらくの間イエスから離れた。
Lè dyab la te fin fè tout tantasyon yo, li te kite Li jiska yon moman konvenab.
14 イエスは御霊の力を帯びてガリラヤに帰られた。すると、その評判が回り一帯に、くまなく広まった。
Jésus te retounen Galilée anba pouvwa Lespri a. Nouvèl Li te gaye toupatou nan tout andwa ki antoure distri yo.
15 イエスは、彼らの会堂で教え、みなの人にあがめられた。
Li te kòmanse enstwi nan sinagòg yo, e te resevwa lwanj a tout moun.
16 それから、イエスはご自分の育ったナザレに行き、いつものとおり安息日に会堂にはいり、朗読しようとして立たれた。
Li te vini Nazareth, kote Li te elve a, e kon koutim Li, Li te antre nan sinagòg la nan Saba a. Li te kanpe pou li.
17 すると、預言者イザヤの書が手渡されたので、その書を開いて、こう書いてある所を見つけられた。
Yo te lonje bay Li liv a pwofèt Ésaïe a. Li te ouvri l e te twouve plas kote sa te ekri:
18 「わたしの上に主の御霊がおられる。 主が、貧しい人々に福音を伝えるようにと、 わたしに油を注がれたのだから。 主はわたしを遣わされた。 捕われ人には赦免を、 盲人には目の開かれることを告げるために。 しいたげられている人々を自由にし、
“Lespri Senyè a sou Mwen, paske Li te onksyone M pou preche bòn nouvèl la a malere yo. Li te voye M pou pwoklame libète a prizonye yo, pou fè avèg yo vin wè, pou libere sila ki oprime yo.
19 主の恵みの年を告げ知らせるために。」
Pou pwoklame ane favorab a Senyè a.”
20 イエスは書を巻き、係りの者に渡してすわられた。会堂にいるみなの目がイエスに注がれた。
Li te fèmen liv la. Li te remèt li bay atandan an, e Li te chita. Zye a tout sinagòg la te fikse sou Li.
21 イエスは人々にこう言って話し始められた。「きょう、聖書のこのみことばが、あなたがたが聞いたとおり実現しました。」
Li te di yo: “Jodi a menm, Ekriti sila a akonpli nan zòrèy nou.”
22 みなイエスをほめ、その口から出て来る恵みのことばに驚いた。そしてまた、「この人は、ヨセフの子ではないか。」と彼らは言った。
Epi tout moun t ap pale byen de Li, e yo te etone akoz pawòl a gras ki ap tonbe soti nan lèv Li. Yo t ap di: “Se pa fis a Joseph la?”
23 イエスは言われた。「きっとあなたがたは、『医者よ。自分を直せ。』というたとえを引いて、カペナウムで行なわれたと聞いていることを、あなたの郷里のここでもしてくれ、と言うでしょう。」
Li te di yo: “San dout nou va repete pwovèb sila pou Mwen: ‘Doktè, geri pwòp tèt Ou!’ Sa ke nou tande ke Ou te fè nan Capernaüm, fè l isit la lakay Ou tou.’”
24 また、こう言われた。「まことに、あなたがたに告げます。預言者はだれでも、自分の郷里では歓迎されません。
Konsa, Li te di: “Anverite Mwen di nou, nanpwen pwofèt ki byen resevwa nan pwòp vil li.
25 わたしが言うのは真実のことです。エリヤの時代に、三年六か月の間天が閉じて、全国に大ききんが起こったとき、イスラエルにもやもめは多くいたが、
Men, Mwen di nou anverite, ke te gen anpil vèv nan Israël nan jou Élie yo, lè syèl la te fèmen nèt pandan twazan si mwa, lè gwo grangou te rive sou tout peyi a.
26 エリヤはだれのところにも遣わされず、シドンのサレプタにいたやもめ女にだけ遣わされたのです。
Malgre sa, Élie pa t voye a okenn nan yo, men sèlman aSarepta, nan peyi Sidon, a yon fanm ki te yon vèv.
27 また、預言者エリシャのときに、イスラエルには、らい病人がたくさんいたが、そのうちのだれもきよめられないで、シリヤ人ナアマンだけがきよめられました。」
Epi te gen anpil lèp an Israël nan tan pwofèt Élie a, men okenn pa t pirifye, men sèlman Naaman, yon Siryen.”
28 これらのことを聞くと、会堂にいた人たちはみな、ひどく怒り、
Konsa, tout sinagòg la te anraje lè yo te tande bagay sa yo;
29 立ち上がってイエスを町の外に追い出し、町が立っていた丘のがけのふちまで連れて行き、そこから投げ落とそうとした。
Yo te soulve, yo te pouse bourade Li deyò vil la, e te mennen Li nan
30 しかしイエスは、彼らの真中を通り抜けて、行ってしまわれた。
do ti mòn a kote vil yo te bati, pou yo ta kapab jete L anba nan falèz la. Men Li te pase nan mitan yo, e Li te al fè wout Li.
31 それからイエスは、ガリラヤの町カペナウムに下られた。そして、安息日ごとに、人々を教えられた。
Konsa, Li te desann Capernaüm, yon vil nan Galilée. Li t ap enstwi yo nan Saba a.
32 人々は、その教えに驚いた。そのことばに権威があったからである。
Yo te etone de enstriksyon Li, paske mesaj Li yo te avèk otorite.
33 また、会堂に、汚れた悪霊につかれた人がいて、大声でわめいた。
Te gen yon mesye nan sinagòg la ki te posede pa lespri a yon dyab enpi, e li t ap kriye avèk yon vwa fò:
34 「ああ、ナザレ人のイエス。いったい私たちに何をしようというのです。あなたは私たちを滅ぼしに来たのでしょう。私はあなたがどなたか知っています。神の聖者です。」
“Kite nou pou kont nou! Kisa nou gen avè Ou, Jésus de Nazareth? Èske Ou vini pou detwi nou? Mwen konnen ki moun Ou ye, Sila Ki Sen a Bondye a!”
35 イエスは彼をしかって、「黙れ。その人から出て行け。」と言われた。するとその悪霊は人々の真中で、その人を投げ倒して出て行ったが、その人は別に何の害も受けなかった。
Jésus te reprimande li. Li te di: “Fè silans e sòti sou li!” Lè dyab la te fin jete li atè a nan mitan yo, li te sòti sou li san fè l mal.
36 人々はみな驚いて、互いに話し合った。「今のおことばはどうだ。権威と力とでお命じになったので、汚れた霊でも出て行ったのだ。」
Sezisman te pran yo tout. Yo t ap diskite youn avèk lòt e t ap di: “Ki mesaj sa a? Paske avèk otorite ak pwisans Li kòmande lespri enpi yo, e yo te sòti.”
37 こうしてイエスのうわさは、回りの地方の至る所に広まった。
Nouvèl a Li menm t ap gaye toupatou nan distri ozanviwon yo.
38 イエスは立ち上がって会堂を出て、シモンの家にはいられた。すると、シモンのしゅうとめが、ひどい熱で苦しんでいた。人々は彼女のためにイエスにお願いした。
Konsa, Li te leve kite sinagòg la, e Li te antre lakay Simon. Alò, bèlmè Simon t ap soufri anba yon gwo lafyèv, e yo te mande Li pou ede l.
39 イエスがその枕もとに来て、熱をしかりつけられると、熱がひき、彼女はすぐに立ち上がって彼らをもてなし始めた。
Konsa Li te kanpe anwo li; Li te reprimande fyèv la. Fyèv la te kite li, epi imedyatman li te leve pou sèvi yo.
40 日が暮れると、いろいろな病気で弱っている者をかかえた人たちがみな、その病人をみもとに連れて来た。イエスは、ひとりひとりに手を置いて、いやされた。
Pandan solèy la t ap kouche, tout moun ki te gen moun malad avèk plizyè kalite maladi, te pote yo vini. Li te mete men L sou yo tout, e Li t ap geri yo.
41 また、悪霊どもも、「あなたこそ神の子です。」と大声で叫びながら、多くの人から出て行った。イエスは、悪霊どもをしかって、ものを言うのをお許しにならなかった。彼らはイエスがキリストであることを知っていたからである。
Anplis, dyab yo t ap sòti nan anpil moun. Yo t ap kriye e t ap di: “Ou se Fis Bondye a!” Men Li t ap reprimande yo. Li pa t kite yo pale menm, paske yo te konnen ke Li te Kris la.
42 朝になって、イエスは寂しい所に出て行かれた。群衆は、イエスを捜し回って、みもとに来ると、イエスが自分たちから離れて行かないよう引き止めておこうとした。
Lè jou a te rive, Li te sòti pou te ale yon kote ki pa t gen moun. Foul la t ap chache Li, e te vini kote Li. Konsa, yo te kenbe L pou anpeche Li ale.
43 しかしイエスは、彼らにこう言われた。「ほかの町々にも、どうしても神の国の福音を宣べ伝えなければなりません。わたしは、そのために遣わされたのですから。」
Men Li te di yo: “Mwen oblije preche Wayòm Bondye a nan lòt vil yo tou; paske Mwen te voye pou rezon sa a.”
44 そしてユダヤの諸会堂で、福音を告げ知らせておられた。
Konsa, Li te kontinye ap preche nan sinagògJudée yo.

< ルカの福音書 4 >