< テモテへの手紙第二 3 >

1 終わりの日には困難な時代がやって来ることをよく承知しておきなさい。
Men konprann sa, ke nan dènye jou yo, tan difisil yo va vini.
2 そのときに人々は、自分を愛する者、金を愛する者、大言壮語する者、不遜な者、神をけがす者、両親に従わない者、感謝することを知らない者、汚れた者になり、
Paske lèzòm va renmen pwòp tèt yo renmen lajan, ògeye, awogan, blasfematè, dezobeyisan a paran yo, engra, san lafwa,
3 情け知らずの者、和解しない者、そしる者、節制のない者、粗暴な者、善を好まない者になり、
san lanmou, san kapasite pou antann yo, medizan san kontwòl tèt yo, brital, moun ki rayi sa ki bon,
4 裏切る者、向こう見ずな者、慢心する者、神よりも快楽を愛する者になり、
trèt, enpridan awogan, renmen plezi olye de renmen Bondye;
5 敬虔のかたちをしていても、その実を否定する者になるからです。こういう人々を避けなさい。
k ap kenbe yon fòm sentete, sepandan yo nye pouvwa li. Evite moun konsa yo.
6 こういう人々の中には、家々にはいり込み、愚かな女たちをたぶらかしている者がいます。その女たちは、さまざまの情欲に引き回されて罪に罪を重ね、
Paske pami yo menm, gen moun ki antre nan kay yo e pran an kaptif fanm ki fèb akoz chaj peche yo, e ki mennen pa move lanvi de tout kalite,
7 いつも学んではいるが、いつになっても真理を知ることのできない者たちです。
k ap toujou aprann e ki pa janm rive a konesans verite a.
8 また、こういう人々は、ちょうどヤンネとヤンブレがモーセに逆らったように、真理に逆らうのです。彼らは知性の腐った、信仰の失格者です。
Jis jan ke Jannès ak Jambrès te opoze a Moïse la, konsa moun sa yo opoze verite a; lèzòm ak lespri konwonpi, ki rejte sa ki konsène lafwa a.
9 でも、彼らはもうこれ以上に進むことはできません。彼らの愚かさは、あのふたりのばあいのように、すべての人にはっきりわかるからです。
Men yo p ap fè plis pwogrè, paske foli yo va parèt klè a tout moun, jis jan ke foli a Jannès ak Jambrès te osi parèt a klè a.
10 しかし、あなたは、私の教え、行動、計画、信仰、寛容、愛、忍耐に、
Alò, ou te swiv ansègnman mwen an, kondwit, bi, lafwa, pasyans lanmou, pèseverans
11 またアンテオケ、イコニオム、ルステラで私にふりかかった迫害や苦難にも、よくついて来てくれました。何というひどい迫害に私は耐えて来たことでしょう。しかし、主はいっさいのことから私を救い出してくださいました。
pèsekisyon, ak soufrans, jan sa te rive m Antioche, Icone ak Lystre la. A la pèsekisyon m te andire, e nan yo tout, Senyè a te delivre m!
12 確かに、キリスト・イエスにあって敬虔に生きようと願う者はみな、迫害を受けます。
Vrèman, tout moun ki dezire viv yon vi sentete nan Kris Jésus va pèsekite.
13 しかし、悪人や詐欺師たちは、だましたりだまされたりしながら、ますます悪に落ちて行くのです。
Men moun mechan ak moun twonpè yo va avanse soti nan mal pou rive nan pi mal nan twonpe moun ak vin twonpe.
14 けれどもあなたは、学んで確信したところにとどまっていなさい。あなたは自分が、どの人たちからそれを学んだかを知っており、
Sepandan, ou menm kontinye nan bagay ke ou te aprann yo, e vin konvenk, nan konnen de ki moun ou te aprann yo a.
15 また、幼いころから聖書に親しんで来たことを知っているからです。聖書はあなたに知恵を与えてキリスト・イエスに対する信仰による救いを受けさせることができるのです。
Depi timoun, ou te konnen Lekriti sakre yo, ki kapab bay ou sajès ki mennen moun a sali atravè lafwa ki nan Kris Jésus a.
16 聖書はすべて、神の霊感によるもので、教えと戒めと矯正と義の訓練とのために有益です。
Tout lekriti sen an enspire pa Bondye, e pwofitab pou enstwi, pou konvenk, pou korije, e pou fòme moun nan ladwati.
17 それは、神の人が、すべての良い働きのためにふさわしい十分に整えられた者となるためです。
Konsa, chak moun Bondye a kapab konplè e byen prepare pou tout bon zèv.

< テモテへの手紙第二 3 >