< テモテへの手紙第一 2 >

1 そこで、まず初めに、このことを勧めます。すべての人のために、また王とすべての高い地位にある人たちのために願い、祈り、とりなし、感謝がささげられるようにしなさい。
Dabò, alò, mwen ankouraje pou siplikasyon ak priyè, rekèt ak remèsiman fèt pou tout moun,
2 それは、私たちが敬虔に、また、威厳をもって、平安で静かな一生を過ごすためです。
pou wa ak tout sila ki nan otorite yo, pou nou kapab mennen yon vi trankil e kalm nan tout sentete ak dignite.
3 そうすることは、私たちの救い主である神の御前において良いことであり、喜ばれることなのです。
Sa bon e akseptab nan zye Bondye, Sovè nou an,
4 神は、すべての人が救われて、真理を知るようになるのを望んでおられます。
ki dezire pou tout moun vin sove e vini a konesans a verite a.
5 神は唯一です。また、神と人との間の仲介者も唯一であって、それは人としてのキリスト・イエスです。
Paske gen yon Bondye, yon medyatè osi antre Bondye ak lòm, ki se nonm nan, Jésus Kri,
6 キリストは、すべての人の贖いの代価として、ご自身をお与えになりました。これが時至ってなされたあかしなのです。
ki te bay tèt li kòm ranson pou tout moun, temwayaj ke Li te bay nan pwòp lè li a.
7 そのあかしのために、私は宣伝者また使徒に任じられ――私は真実を言っており、うそは言いません。――信仰と真理を異邦人に教える教師とされました。
Pou sa, mwen te chwazi kòm predikatè ak apot (m ap bannou verite, mwen p ap bannou manti), kòm yon mèt pou enstwi pèp etranje yo nan lafwa ak verite a.
8 ですから、私は願うのです。男は、怒ったり言い争ったりすることなく、どこででもきよい手を上げて祈るようにしなさい。
Konsa, mwen vle moun tout kote priye; vin leve men sen yo, san kòlè ak doute.
9 同じように女も、つつましい身なりで、控えめに慎み深く身を飾り、はでな髪の形とか、金や真珠や高価な衣服によってではなく、
Menm jan an, mwen vle fanm yo abiye yo menm avèk vètman ki kòrèk, senp e avèk desans, pa avèk cheve trese ak lò oswa pèl oswa rad ki koute chè,
10 むしろ、神を敬うと言っている女にふさわしく、良い行ないを自分の飾りとしなさい。
men, de preferans, pa mwayen a bon zèv, jan sa kòrèk pou fanm ki nonmen non Bondye yo.
11 女は、静かにして、よく従う心をもって教えを受けなさい。
Yon fanm dwe resevwa enstriksyon an silans ak tout soumisyon.
12 私は、女が教えたり男を支配したりすることを許しません。ただ、黙っていなさい。
Men mwen pa pèmèt yon fanm enstwi oubyen ekzèse otorite sou yon gason, men li rete an silans.
13 アダムが初めに造られ、次にエバが造られたからです。
Paske se te Adam ki te kreye avan, e answit, Eve.
14 また、アダムは惑わされなかったが、女は惑わされてしまい、あやまちを犯しました。
Epi se pa t Adam ki te twonpe a, men fanm nan te twonpe, e yo te tonbe nan transgresyon.
15 しかし、女が慎みをもって、信仰と愛ときよさとを保つなら、子を産むことによって救われます。
Men fanm yo va sove nan fè pitit si yo kontinye nan lafwa ak lanmou, sentete ak kontwòl tèt yo.

< テモテへの手紙第一 2 >