< ヨハネの手紙第一 4 >

1 愛する者たち。霊だからといって、みな信じてはいけません。それらの霊が神からのものかどうかを、ためしなさい。なぜなら、にせ預言者がたくさん世に出て来たからです。
Byeneme yo, pa kwè tout lespri yo, men sonde yo pou wè si yo sòti nan Bondye, paske anpil fo pwofèt yo gen tan antre nan lemonn.
2 人となって来たイエス・キリストを告白する霊はみな、神からのものです。それによって神からの霊を知りなさい。
Selon sa nou rekonèt Lespri Bondye a: chak lespri ki konfese ke Jésus Kri te vini nan lachè a sòti nan Bondye:
3 イエスを告白しない霊はどれ一つとして神から出たものではありません。それは反キリストの霊です。あなたがたはそれが来ることを聞いていたのですが、今それが世に来ているのです。
Epi chak lespri ki pa konfese Jésus, pa sòti nan Bondye. Li menm se lespri antikris la, sou kilès nou te tande ke l ap vini, epi koulye a se deja nan lemonn lan.
4 子どもたちよ。あなたがたは神から出た者です。そして彼らに勝ったのです。あなたがたのうちにおられる方が、この世のうちにいる、あの者よりも力があるからです。
Ti moun yo, nou se a Bondye, epi te vankre fò lespri sa yo, paske pi gran se Li ki nan nou, pase li ki nan lemonn an.
5 彼らはこの世の者です。ですから、この世のことばを語り、この世もまた彼らの言うことに耳を傾けます。
Yo sòti nan lemonn an. Akoz sa yo pale tankou lemonn an, epi lemonn an koute yo.
6 私たちは神から出た者です。神を知っている者は、私たちの言うことに耳を傾け、神から出ていない者は、私たちの言うことに耳を貸しません。私たちはこれで真理の霊と偽りの霊とを見分けます。
Nou se a Bondye: li ki konnen Bondye va koute nou. Li ki pa a Bondye p ap koute nou. Pa sa a nou konnen Lespri verite a ak Lespri la a sa ki fo.
7 愛する者たち。私たちは、互いに愛し合いましょう。愛は神から出ているのです。愛のある者はみな神から生まれ、神を知っています。
Byeneme yo, kite nou renmen yon a lòt, paske lamou se ne a Bondye, epi konnen Bondye.
8 愛のない者に、神はわかりません。なぜなら神は愛だからです。
Sila ki pa gen lamou, pa konnen Bondye, paske Bondye se lamou.
9 神はそのひとり子を世に遣わし、その方によって私たちに、いのちを得させてくださいました。ここに、神の愛が私たちに示されたのです。
Se konsa lamou Bondye te vin parèt nan nou; ke Bondye te voye sèl Fis inik Li nan lemonn an pou nou ta kapab viv nan Li.
10 私たちが神を愛したのではなく、神が私たちを愛し、私たちの罪のために、なだめの供え物としての御子を遣わされました。ここに愛があるのです。
Nan sa se lamou; pa ke nou te renmen Bondye, men ke Li te renmen nou, epi te voye Fis Li kon sakrifis pwopiyatwa (sèl sakrifis la ki te akseptab pou peche nou yo).
11 愛する者たち。神がこれほどまでに私たちを愛してくださったのなら、私たちもまた互いに愛し合うべきです。
Byeneme yo, si Bondye te renmen nou, nou osi dwe renmen yon a lòt.
12 いまだかつて、だれも神を見た者はありません。もし私たちが互いに愛し合うなら、神は私たちのうちにおられ、神の愛が私たちのうちに全うされるのです。
Pèsòn pa janm wè Bondye nan okenn tan. Si nou gen lamou youn pou lòt, Bondye rete nan nou, epi lamou Li vin konplete nan nou.
13 神は私たちに御霊を与えてくださいました。それによって、私たちが神のうちにおり、神も私たちのうちにおられることがわかります。
Se konsa nou konnen ke nou rete nan Li epi Li nan nou, paske Li te bay nou Lespri Li.
14 私たちは、御父が御子を世の救い主として遣わされたのを見て、今そのあかしをしています。
Konsa, nou gen tan wè epi fè temwen ke Papa a te voye Fis la kòm Sovè lemonn an.
15 だれでも、イエスを神の御子と告白するなら、神はその人のうちにおられ、その人も神のうちにいます。
Nenpòt ki konfese ke Jésus se Fis Bondye a, Bondye rete nan li, epi li nan Bondye.
16 私たちは、私たちに対する神の愛を知り、また信じています。神は愛です。愛のうちにいる者は神のうちにおり、神もその人のうちにおられます。
Epi nou vin konnen epi gen tan kwè lamou ke Bondye gen pou nou. Bondye se lamou, epi sila ki rete nan lamou, rete nan Bondye epi Bondye rete nan li.
17 このことによって、愛が私たちにおいても完全なものとなりました。それは私たちが、さばきの日にも大胆さを持つことができるためです。なぜなら、私たちもこの世にあってキリストと同じような者であるからです。
Se konsa, lamou vin pèfekte avèk nou, pou nou kapab gen konfyans nan jou jijman a; akoz ke menm jan Li ye, nou menm tou se konsa nou ye nan lemonn sa.
18 愛には恐れがありません。全き愛は恐れを締め出します。なぜなら恐れには刑罰が伴っているからです。恐れる者の愛は、全きものとなっていないのです。
Pa gen lakrent nan lamou; men lamou pafè va mete lakrent deyò, paske lakrent gen pinisyon, men sila ki gen perèz pa pèfekte nan lamou.
19 私たちは愛しています。神がまず私たちを愛してくださったからです。
Nou renmen, paske premyèman Li te renmen nou.
20 神を愛すると言いながら兄弟を憎んでいるなら、その人は偽り者です。目に見える兄弟を愛していない者に、目に見えない神を愛することはできません。
Si yon moun di ke li renmen Bondye, men li rayi frè l, li se yon mantè; paske yon moun ki pa renmen frè l ke li kapab wè, pa kapab renmen Bondye ke li pa janm wè.
21 神を愛する者は、兄弟をも愛すべきです。私たちはこの命令をキリストから受けています。
Kòmandman sa a nou gen de Li, ke sila ki renmen Bondye, dwe renmen frè li tou.

< ヨハネの手紙第一 4 >