< マタイの福音書 7 >

1 人を是非すること勿れ、然らば汝等も是非せられじ、
“Pa jije pou nou menm pa vin jije.
2 其は人を是非したる如くに是非せられ、量りたる量にて亦量らるべければなり。
Paske menm jan ke nou jije a, nou menm tou, nou va vin jije; pa menm mezi ke nou sèvi a, yo va mezire bay nou.
3 汝何ぞ兄弟の目に塵を見て、己が目に梁を見ざるや。
E poukisa nou gade ti kras poud ki nan zye frè nou an, men nou pa wè gwo bout bwa ki nan zye pa nou an?
4 或は汝の目に梁あるに、何ぞ兄弟に向ひて、我をして汝の目より塵を除かしめよと云ふや。
O kijan nou kapab di frè nou an: ‘Kite m retire ti kras sa a ki nan zye ou a’, epi gade, gwo bout bwa nan zye w?
5 僞善者よ、先己の目より梁を除け、然らば明に見えて、兄弟の目より塵をも除くべし。
Ipokrit! Premyeman, retire gwo bout bwa nan zye ou a, e konsa w ap kapab wè byen klè pou retire ti kras ki nan zye frè ou a.
6 聖物を犬に與ふること勿れ、又汝等の眞珠を豚の前に投ぐること勿れ、恐らくは足にて之を踏み、且顧みて汝等を噛まん。
“Pa bay sa ki sen a chen yo; ni pa jete pèl nou yo devan kochon yo, sinon yo va foule yo anba pye epi vire pou chire nou an mòso.
7 願へ、然らば與へられん、探せ、然らば見出さん、叩け、然らば[戸を]開かれん、
“Mande, e nou va resevwa. Chache, e nou va twouve. Frape nan pòt la, e l ap louvri.
8 其は総て願ふ人は受け、探す人は見出し、叩く人は[戸を]開かるべければなり。
Paske tout moun ki mande ap resevwa. E sila ki chèche yo va twouve. E a sila ki frape yo, pòt la va louvri.
9 或は汝等の中、誰か其子麪を乞はんに石を與へんや、
O ki moun pami nou lè Pitit li mande yon moso pen, l ap bay li yon wòch?
10 或は魚を乞はんに蛇を與へんや。
O si li mande yon pwason, èske l ap bay li yon koulèv?
11 然れば汝等惡き者ながらも、善き賜を其子等に與ふるを知れば、况や天に在す汝等の父は、己に願ふ人々に善き物を賜ふべきをや。
Si nou menm ki mechan, konnen kijan pou bay bon kado a pitit nou yo, konbyen anplis, Papa nou ki nan syèl la ap bay sa ki bon a sila ki mande Li yo.
12 然れば総て人に為されんと欲する事を、汝等も人に為せ、蓋律法と預言者とは其なり。
Pou sa, menm jan ke nou vle moun aji avèk nou, fè yo menm bagay la, paske sa se Lalwa, ak Pwofèt yo.
13 汝等窄き門より入れ、蓋亡に至る門は濶く、其路も広くして、是より入る人多し。
“Antre pa pòt etwat la; paske pòt laj la, e chemen byen gwo ki mennen nan destriksyon an. Gen anpil moun k ap antre pa li menm.
14 嗚呼生命に至る門窄く、其路も狭くして、之を見出す人少き哉。
Paske pòt etwat la, e chemen piti ki mennen a lavi a. Ni pa gen anpil moun k ap twouve l.
15 汝等僞預言者を警戒せよ、彼等は羊の衣服を着て汝等に至れども、内は暴き狼なり、
“Veye nou ak fo pwofèt yo, ki vin kote nou ak vètman brebi; men anndan se lou visye yo ye.
16 其結ぶ果によりて彼等を知るべし。豈茨より葡萄を採り、薊より無花果を採る事あらんや。
Nou ap konnen yo pa fwi yo. Rezen pa janm soti nan raje pikan, ni fig frans nan move zèb.
17 斯の如く、総て善き樹は善き果を結び、惡き樹は惡き果を結ぶ、
Menm jan an, chak bon ab ap bay bon fwi, men yon move ab ap bay move fwi.
18 善き樹は惡き果を結ぶ能はず、惡き樹は善き果を結ぶ能はず。
Yon bon ab p ap kapab bay move fwi, ni yon move ab p ap pwodwi bon fwi.
19 総て善き果を結ばざる樹は、伐られて火に投入れらるべし。
Chak ab ki pa bay bon fwi ap koupe jete nan lanfè. (questioned)
20 故に汝等其結ぶ果によりて彼等を知るべし。
Konsa, nou ap konnen yo pa fwi yo.
21 我に主よ主よと云ふ人皆天國に入るには非ず、天に在す我父の御旨を行ふ人こそ天國に入るべきなれ。
“Se pa tout moun ki rele ‘Senyè, Senyè’ k ap antre nan wayòm syèl la, men sila yo ki fè volonte a Papa M ki nan syèl la.
22 彼日には、多くの人我に向ひて、主よ主よ、我等は、御名によりて預言し、且御名によりて惡魔を逐払い、且御名によりて多くの奇蹟を行ひしに非ずや、と云はんとす。
Anpil ap di Mwen nan jou sa: ‘Senyè, Senyè, èske nou pa t pwofetize nan non Ou? Èske nan non Ou, nou pa t chase move lespri yo e nan non Ou, nou pa t fè anpil mirak?’
23 其時我彼等に宣言せん、我曾て汝等を知らず、惡を為す者よ我を去れ、と。
Konsa, nan moman sa a, M ap deklare: ‘Mwen pa t janm konnen nou. Kite Mwen, nou tout ki pratike lenjistis.’
24 然れば総て我此言を聞き且之を行ふ人は、磐の上に其家を建てたる賢き人に比せられん、
“Pou sa, tout moun ki tande pawòl sa yo ke Mwen bay yo, e ki aji sou yo, y ap tankou yon nonm saj ki bati kay li sou wòch.
25 雨降り河溢れ風吹きて其家を衝きたれども、倒れざりき、其は磐の上に基したればなり。
Lapli te tonbe, inondasyon te vini, van te soufle e te frape kont kay la, men li pa t tonbe paske fondasyon li te sou wòch.
26 又総て我此言を聞きて之を行はざる人は、砂の上に其家を建てたる愚なる人に似ん、
Tout moun ki tande pawòl sa yo ke Mwen pale yo, e ki pa aji sou yo, y ap tankou yon moun sòt. Li te bati kay li sou sab.
27 雨降り河溢れ風吹きて其家を衝きたれば、倒れて其壊甚しかりき、と[教へ給へり。]
Lapli te tonbe, inondasyon te vini, van te soufle e te frape kont kay la. Li te tonbe, e tonbe sa a te byen gwo.”
28 イエズス是等の言を宣畢り給ひければ、群衆其教に感嘆し居たり。
Lè Jésus te fin pale mo sa yo, foul la te byen etone pou jan Li te enstwi yo a.
29 其は彼等の律法學士とファリザイ人との如くせずして、権威ある者の如くに教へ給へばなり。
Paske Li te enstwi yo tankou yon moun avèk otorite, e pa tankou skrib yo.

< マタイの福音書 7 >