< ルカの福音書 20 >

1 第二款 イエズスと其敵 一日イエズス[神]殿に於て人民を教へ、福音を宣べ居給ひけるに、司祭長、律法學士等、長老等と共に集ひ來りて之に向ひ、
Nan youn nan jou ke Li t ap enstwi pèp la nan tanp lan, e preche bòn nouvèl la, chèf prèt yo avèk skrib yo avèk ansyen yo te vin parèt devan Li.
2 我等に告げよ、汝は何の権を以て此等の事を為すぞ、又此権を汝に與へし者は誰ぞ、と云いしかば、
Yo te mande Li: “Fè nou konnen pa ki otorite Ou fè bagay sa yo, oswa se kilès ki te bay Ou otorite sa a?”
3 答へて曰ひけるは、我も一言汝等に問はん、我に答へよ、
Jésus te reponn yo: “Mwen ap poze nou yon kesyon, epi fè M konnen:
4 ヨハネの洗禮は天よりせしか人よりせしか、と。
Èske batèm a Jean an te sòti nan syèl la, oswa nan lòm?”
5 彼等案じ合ひて、若天よりと云はば、何故に之を信ぜざりしぞと云はれん、
Yo te rezone pami yo, e te di: “Si nou di ‘Nan syèl la’, l ap di: “Ebyen, poukisa nou pa t kwè li?
6 若人よりと云はば人民挙りてヨハネの預言者たる事を確信せるが故に、我等に石を擲たんとて、
Men si nou di: ‘Nan lòm’, tout pèp la va lapide nou avèk wòch jiskaske nou mouri, paske yo konvenk ke Jean te yon pwofèt.”
7 遂に其何れよりせしかを知らず、と答へしかば、
Konsa, yo te reponn ke yo pa t konnen kote sa sòti.
8 イエズス彼等に曰ひけるは、我も亦何の権を以て此等の事を為すかを汝等に告げず、と。
Jésus te reponn yo: “Ni Mwen p ap di nou pa ki otorite ke M fè bagay sa yo.”
9 然てイエズス人民に向ひて、喩を語出し給ひけるは、或人葡萄畑を造り、之を小作人に貸して久く遠方に居りしが、
Li te kòmanse di pèp la parabòl sila a: Yon mesye te plante yon chan rezen. Li te lwe li a kiltivatè yo, e li te ale nan yon vwayaj ki te dire anpil.
10 季節に至り己に葡萄畑の果を納めしめんとて、一人の僕を小作人等の許に遣はししに、彼等は之を殴ちて空しく歸せり。
Nan tan rekòlt la, li te voye yon esklav kote kiltivatè yo pou yo ta kapab bay li kèk nan rekòlt chan an. Men ouvriye ki okipe lyàn rezen yo te bat li, e te voye li ale men vid.
11 又他の僕を遣はししに、之をも殴ち且辱めて空しく歸し、
Alò, li te eseye voye yon lòt esklav. Yo te bat li tou, e te maltrete l jiskaske se te yon eskandal. Konsa, yo te voye li ale men vid.
12 尚第三の者を遣はししに、之をも傷けて遂出せり。
Konsa, li te eseye voye yon twazyèm. Sila a osi yo te blese e te mete l deyò.
13 是に於て葡萄畑に主謂ひけるは、是は如何に為べき、我は我愛子を遣はさん、彼等之を見ば、或は敬ふならん、と。
Mèt chan an te di: “Kisa pou m ta fè la a? M ap voye fis byeneme mwen an. Petèt yo va respekte li.
14 小作人等之を見るや、案じ合ひて、是は相続者なり、率ざ之を殺さん、然すれば家督は我等が有となるべし、と云ひて、
Men lè ouvriye ki te okipe lyàn rezen yo te wè li, yo te rezone youn avèk lòt konsa: ‘Sa se eritye a. Annou touye li pou eritaj la kapab pou nou.’
15 葡萄畑の外に遂出して之を殺せり。此時に當りて葡萄畑の主、如何に彼等を處分すべきか、
Donk yo te jete li deyò chan rezen an, e te touye li. Pou sa, kisa mèt chan rezen an ap fè yo?
16 自ら來りて小作人等を亡ぼし、其の葡萄畑を他の人に付すべきなり、と。司祭長等之を聞きて、然るべからず、と云ひしかば、
Li va vin detwi ouvriye chan sa yo, e li va bay chan rezen an a lòt.” Lè yo te tande li, yo te di: “Pa janm kite sa fèt!”
17 イエズス彼等を熟視めて曰ひけるは、然らば録して「建築者の棄てたる石は隅石と成れり、
Alò, Li te gade yo, e te di: “Ebyen sou kilès sa ekri: ‘Wòch ke sila ki t ap bati yo te rejte a; sila a te devni lang prensipal la.’?
18 総て此石の上に墜つる人は砕かれ、又此石誰の上に墜つるも之を微塵にせん」とあるは何ぞや、と。
Tout moun ki tonbe sou wòch sa a, va kraze an mòso; men sou nenpòt moun ke li menm tonbe, l ap gaye li tankou pousyè.”
19 司祭長、律法學士等、イエズスが己等を斥して此喩を語り給ひしを暁りければ、即時に彼を取押へんとせしかど、人民を懼れたり。
Skrib yo avèk chèf prèt yo te eseye mete men sou Li, nan menm lè sa a, men yo te pè pèp la. Paske yo te byen konprann ke Li te pale parabòl sa a kont yo menm.
20 斯て彼等は事の様を窺ひつつ、イエズスを総督の権威の下に引渡すべき言質を取らしめんとて、己を義人に装へる間者等を遣はししに、
Donk yo te veye li, e te voye espyon ki te pretann ke se te moun jis yo te ye, pou yo ta kapab kenbe Li nan yon pawòl, pou yo ta kab livre Li devan lalwa a ak otorite gouvènè a.
21 彼等イエズスに問ひて云ひけるは、師よ、我等は汝の語り且教へ給ふ所の正しくして、人を贔屓せず、眞理に據りて神の道を教へ給ふ事を知れり。
Yo te poze Li kesyon. Yo te mande l: “Mèt, nou konnen ke Ou pale e enstwi byen dwat, ke Ou pa nan patipri a pèsòn, men enstwi chemen Bondye a ak verite.
22 然て我等セザルに税を納むるは可きや否や、と。
Èske Li pèmi pou nou peye taks a César, oubyen non?”
23 イエズス彼等の狡猾なるを慮りて曰ひけるは、何ぞ我を試むるや、
Men Li te konprann koken yo. Li te reponn yo:
24 デナリオを我に示せ、之に在る像と銘とは誰のなるぞ、と。彼等答へてセザルのなり、と云ひしに
“Montre M yon kòb denye. Se pòtre avèk enskripsyon a kilès moun li genyen?” Yo te di: “César”.
25 曰はく、然らばセザルの物はセザルに歸し、神の物は神に歸せ、と。
Li te di yo: “Pou sa, bay a César sa ki pou César, e a Bondye, sa ki pou Bondye.”
26 彼等イエズスの言を人民の前に咎むること能はず、其答に感服して沈黙せり。
Yo pa t kapab kenbe L nan yon pawòl nan prezans a pèp la; e byen etone pa repons Li, yo te vin rete an silans.
27 又復活を否定せるサドカイ人數人近づきて、問ひて云ひけるは、
Alò kèk nan Sadiseyen yo te vin kote L, (sa yo ki di ke pa gen rezirèksyon).
28 師よ、モイゼが我等に書置きし所によれば、人の兄弟妻を娶りて死し、後に子等無き時は、其兄弟其妻を娶りて、兄弟に子を得さすべきなり。
Yo te kesyone L, konsa: “Mèt, Moïse te ekri pou nou ke si frè a yon mesye mouri avèk yon madanm, san li pa fè pitit, frè li a ta dwe pran madanm li, e fè reyisi yon posterite pou frè li a.
29 然れば爰に兄弟七人ありしに、兄妻を娶り、子なくして死したれば、
Alò, konsa, te gen sèt frè. Premye a te pran yon madanm, e li te mouri san pitit.
30 其次なる者之を娶りしが、亦子なくして死せしかば、
Konsa, dezyèm nan,
31 第三の者之を娶り、七人皆同じ様にして、子を遺さずして死し、
epi twazyèm nan te pran l. Epi menm jan an, tout nan sèt yo te pran l, e tout te mouri san kite pitit.
32 最後に婦も亦死せり、
Finalman, fanm nan te mouri tou.
33 然らば復活の時、彼婦は彼等の中誰の妻たるべきか、其は七人之を娶りたればなり、と。
Konsa, nan rezirèksyon an, se madanm a kilès l ap ye? Paske toule sèt moun yo te genyen li kòm madanm.”
34 イエズス彼等に曰ひけるは、現世の子等は娶嫁すれども、 (aiōn g165)
Jésus te di yo: “Fis a laj sila yo marye e bay moun nan maryaj. (aiōn g165)
35 來世及び復活に堪へたりとせらるべき人々は、嫁がず娶らざらん、 (aiōn g165)
Men sila yo ki konsidere dign pou rive nan laj sila a, e rezirèksyon a mò yo, pa marye, ni yo pa bay moun nan maryaj. (aiōn g165)
36 蓋最早死する能はず、復活の子なれば天使に等しくして神の子等なり。
Ni, yo pa kapab mouri ankò, paske yo tankou zanj, e se fis a Bondye, fis a rezirèksyon an.
37 抑死者の復活する事は、モイゼ茨の篇に、主を「アブラハムの神、イザアクの神、ヤコブの神」と稱して之を示せり、
Men ke mò yo leve, te montre menm pa Moïse nan pasaj sou touf bwa ki t ap boule a, kote li rele Senyè a Bondye Abraham nan, Bondye Isaac la ak Bondye a Jacob la. Alò, Li pa Bondye a mò yo, men Bondye a vivan an, pou tout sila ki
38 即ち死者の神には非ずして、生者の神にて在す、其は人皆之に活くればなり、と。
viv de Li yo.”
39 或律法學士等答へて、師よ、善く曰へり、と云ひしが、
Kèk nan skrib yo te reponn e te di: “Mèt, Ou pale byen.”
40 其後は何事をも敢て問ふ者なかりき。
Paskeyo pa t gen kouraj pou poze L kesyon sou anyen ankò.
41 然て彼等に曰ひけるは、キリストをダヴィドの子なりと言ふは何ぞや。
Alò Li te di yo, “Kijan sa fèt ke yo di ke Kris la se Fis a David?
42 即ちダヴィド自ら詩篇に於て曰く、「主我主に曰へらく、
Paske David, li menm di nan liv Sòm Yo: ‘Senyè a te di a Senyè mwen an, chita bò dwat Mwen,
43 我汝の敵等を汝の足台とならしむ迄、我右に坐せよ」と、
Jiskaske M fè lènmi ou yo yon ti ban pou lonje pye ou.”
44 ダヴィド既に之を主と稱するに、彼爭か其子ならんや、と。
Konsa, David rele Li Senyè, e kijan se fis Li ke li ye a?’”
45 人民皆聞ける中にて、イエズス弟子等に曰ひけるは、
Pandan tout pèp la t ap koute, Li te di a disip yo:
46 律法學士等に用心せよ、彼等は敢て長き衣を着て歩み、衢にては敬禮、會堂にては上座、宴會にては上席を好み、
“Fè atansyon de skrib yo ki renmen mache toupatou ak gwo abiman long, e ki renmen salitasyon respè nan mache yo, ak chèz pi enpòtan nan sinagòg yo, ak plas a lonè nan bankè yo;
47 長き祈を装ひて寡婦等の家を喰盡すなり、彼等は尚大いなる宣告を受くべし、と。
ki devore kay a vèv yo, e pou yo ka pran pòz, yo ofri gwo priyè long yo. Sila yo va resevwa pi gwo kondanasyon.”

< ルカの福音書 20 >