< 使徒の働き 12 >

1 第三項 ヘロデ、アギリッパ第一世教會を迫害す 當時ヘロデ王は、教會の或人々を悩まさんとして手を下し、
Alò, vè lè sila a, Wa Hérode te mete men l sou kèk moun ki te apatyen a legliz la pou l maltrete yo.
2 刃を以てヨハネの兄弟ヤコボを殺ししが、
Li te mete Jacques, frè a Jean a lanmò avèk yon nepe.
3 其がユデア人の心に適へるを見て、亦ペトロをも捕へたり。時は無酵麪の祭日なりしかば、
Lè l te wè ke sa te fè Jwif yo kontan, li te avanse pou l arete Pierre tou. Sa se te pandan jou Pen San Ledven yo.
4 之を捕へて監獄に入れ、過越祭の後人民の前に出さん心構にて、四人組の兵卒四組に之を守らせたり。
Lè l te sezi li, li te mete l nan prizon, e te livre li a kat ekip sòlda pou yo te veye l, avèk entansyon apre Pak la, pou mennen l devan pèp la.
5 斯てペトロは監獄に守られつつあるに、教會は頻に彼が為に神に祈りを為し居たり。
Yo te kenbe Pierre nan prizon an, men legliz Bondye a t ap priye fò pou li.
6 然てヘロデが彼を出さんとする其前の夜、ペトロ二個の鎖に繋がれて二人の兵卒の間に眠り、看守等門前に在りて監獄を守り居たるに、
Nan menm nwit lan lè Hérode te prèt pou mennen l devan l, Pierre t ap dòmi antre de sòlda. Li te byen anchene avèk de chenn, e jandam yo devan pòt la t ap veye prizon an.
7 折しも主の使傍に現れ、光明室内に輝きたり。天使ペトロの脇を叩きて之を覚まし、急ぎ起きよ、と云ひければ、鎖其手より落ちたり。
Epi vwala yon zanj Senyè a te parèt sibitman, e yon limyè te briye nan kacho a. Li te frape bò kote Pierre. Li fè l leve, e te di l: “Leve vit!” Konsa, chenn yo te tonbe kite men l.
8 天使又、汝帯を締めて履物を穿け、と云ひしに、ペトロ然為ししかば、又、上衣を身に纏ひて我に随へ、と云へり。
Zanj lan te di l: “Mare senti ou e mete sapat ou”. Li te fè sa, epi li te di li: “Vlope ou ak manto a e swiv mwen.”
9 ペトロ出でて之に随ひ居たりしが、天使より為らるる事の眞なるを知らず、幻影を見る心地し居たり。
Konsa, li te ale deyò e te kontinye swiv li. Li pa t fin konnen si sa ki t ap fèt pa zanj lan te vrè, men te sipoze ke se te yon vizyon ke li t ap fè.
10 然て第一第二の番所を過ぎて、市に通ずる鉄の門に至りしかば、其門自ら彼等の為に開け、共に出でて一筋の街を往きしに、天使俄に彼を去れり。
Lè yo te fin pase premye ak dezyèm gad yo, yo te rive a yon pòtay an fè ki te mennen nan lantre vil la. Li te ouvri pou yo pou kont li. Yo te pase ale deyò, e te desann nan yon ri. Imedyatman zanj lan te kite li.
11 其時ペトロ我に還りて、主が其使を遣りて我をヘロデの手、及びユデア人民の待設けし凡ての事より救出し給ひたるを今ぞ眞に覚りたる、と言ひて、
Lè Pierre te vin reflechi klè, li te di: “Koulye a mwen konnen san dout ke Senyè a te voye zanj Li pou te delivre m nan men Hérode, ak tout sa ke pèp Jwif la t ap atann.”
12 思案しつつ、マルコと呼ばるるヨハネの母マリアの家に至れり。多くの人此處に集りて祈り居けるを、
Lè li te fin konprann sa, li te ale lakay Marie, manman a Jean ki osi te rele Marc. La, anpil moun te reyini ansanm e t ap priye.
13 ペトロ門の扉を叩きければ、ロデと云へる下女聞きに出で、
Lè l te frape nan pòtay la, yon sèvant kay la ki te rele Rhode te vin reponn.
14 ペトロの聲を聞知るや、喜の餘り門を開かずして奥に駈入り、ペトロ門前に立てり、と告げしかば、
Lè l te rekonèt vwa Pierre a akoz kè kontan li, li pa t ouvri pòt la, men te kouri anndan, e te anonse ke Pierre te kanpe devan pòtay la.
15 人々ロデに向ひ、汝は心狂へり、と云ひたれど、下女は、其なりと断言するに、人々、其はペトロの天使ならん、と云ひ居たり。
Yo te di li: “Ou fin pèdi tèt ou!” Men li te kontinye ensiste ke se te konsa. Yo t ap di: “Se zanj li”.
16 然れどペトロ叩きて止まざれば、人々門を開き、彼を見て驚きしが、
Men Pierre te kontinye frape sou pòtay la. Lè yo te louvri pòt la, yo te wè li. Yo te etone.
17 彼手眞似にて人々を静め、主の己を監獄より取出し給ひし次第を語り、是等の事をヤコボ及び兄弟等に告げよ、と云ひて、出でて他の處に往けり。
Men li te fè yon sinyal avèk men l, pou yo fè silans, e te eksplike yo jan Senyè a te mennen li sòti nan prizon an. Li te di: “Fè Jacques ak frè yo konnen bagay sa yo.” Konsa, li te pati e te ale yon lòt kote.
18 拂暁に及びて、ペトロは如何にせしぞ、とて兵卒中の騒一方ならず、
Lè jounen an te rive, se pa ti kras tenten ki te genyen pami sòlda yo sou sa ki te rive Pierre a.
19 ヘロデはペトロを索めて之を見出さざりしかば、看守を審問して死罪に處し、斯てユデアよりカイザリアに下りて、其處に留れり。
Lè Hérode te chache li e li pa t twouve l, li te egzamine gad yo e te kòmande pou yo te egzekite. Li te desann, soti Judée pou ale Césarée e t ap pase tan an la.
20 然てチロ及シドンの人々、ヘロデの怒に触れしにより、心を合せて彼が許に至り、王室の侍從プラストの紹介を得て和睦を求めたり、其は彼等の地方は王の國によりて糊口すればなり。
Alò, Hérode te byen fache avèk moun Tyr ak Sidon yo. Men yo te vin kote l ansanm lè yo te fin fè zanmi avèk Blaste, asistan pèsonèl a wa a, yo t ap fè demann lapè, akoz ke peyi pa yo te resevwa, manje nan men a peyi wa a.
21 期日に當りてヘロデ王服を着し、高座に就きて彼等に談話を為しけるを、
Nan jou apwente a, Hérode te mete sou li tout rad wayal yo. Li te pran chèz li sou twòn nan, e te kòmanse livre yon diskou piblik a yo menm.
22 人民、是神の聲なり、人の聲に非ず、と稱讃せるに、
Konsa, pèp la t ap kriye: “Se vwa a yon dye, pa a yon moun!”
23 ヘロデ神に光榮を歸せざりければ、忽ち主の使に打たれ、蟲に喰まれて死せり。
Imedyatman yon zanj Senyè a te frape l paske li pa t bay Bondye glwa. Konsa li te vin manje pa vè, e te mouri.
24 斯て、主の御言榮え広がりつつありしが、
Men pawòl Senyè a te kontinye grandi e te vin miltipliye.
25 バルナバとサウロとは聖役を終へ、マルコとも呼ばるるヨハネを携へてエルザレムより歸れり。
Barnabas ak Saul te retounen Jérusalem lè yo te fin akonpli misyon pa yo a. Yo te pran Jean avèk yo ki te osi rele Marc.

< 使徒の働き 12 >