< テモテへの手紙第二 4 >

1 我神の御前、又生者と死者とを審判し給べきイエズス、キリストの御前に於て、其公顕と御國とに對して希ふ、
Mwen anchaje ou solanèlman, nan prezans Bondye ak Kris Jésus a, ki dwe jije vivan ak mò yo, pa aparans ak wayòm Li an:
2 汝御言を宣傳へて、時なるも時ならざるも、切に勧め、忍耐を盡し、教理を盡して、且戒め且希ひ且威せ。
Preche pawòl la; pa neglije fè l ni nan sezon favorab ak nan lè l pa favorab; reprimande, repwoche, egzòte, avèk anpil pasyans ak enstriksyon.
3 蓋時至らば、人々健全なる教に堪へず、耳痒くして、私欲のまにまに己が為に教師を蓄へ、
Paske tan an va vini lè yo pa sipòte doktrin ki sen yo, men akoz yo vle sa ki fè zòrèy yo plezi, yo va ranmase pou kont yo, pwofesè ki dakò avèk pwòp dezi pa yo.
4 耳を眞理に背け、身を寓言に委ぬるに至らん。
Konsa, yo va vire zòrèy yo kite verite a akote pou fo istwa yo.
5 然れど汝は慎みて萬事を凌ぎ、福音師の業を為して己が[聖]役を盡せ。
Men ou menm, rete tanpere nan tout bagay, sipòte difikilte yo, fè travay a yon evanjelis, akonpli ministè ou la.
6 蓋我は最早供物に濯がれ、去るべき時期切迫せり。
Paske mwen deja ap vide kòm yon ofrann bwason, e lè pou m ale a gen tan rive.
7 我善き戰を戰ひ、走るべき道を果たし、信仰を保てり。
Mwen mennen bon konba a, mwen fin fè kous la, mwen kenbe lafwa.
8 殘る所は、正義の冠我為に備はれるのみ、正しき審判者にて在す主は、彼日に於て之を我に賜ふべく、而も獨り我のみならずして、其降臨を愛する人々にも賜ふべきなり。
A lavni m ap gen kouwòn ladwati a, ki prepare pou mwen deja, ke Senyè a, jij ladwati a, va ban m nan jou sila a; e pa sèlman de mwen menm, men osi a tout moun ki renmen aparisyon Li an.
9 結末 急ぎて我許に來れ、
Fè tout efò pou vini kote mwen byen vit,
10 蓋デマスは此世を好み、我を棄ててテサロニケに行き、クレセンスはガラチアに、チトはダルマチアに行き、 (aiōn g165)
paske Démas, ki renmen mond prezan sila a, te abandone m, e te ale Thessalonique. Crescens te ale Galatie, Tite te ale Dalmatie. (aiōn g165)
11 ルカ一人我と共に在り。汝マルコを誘ひて共に來れ、其は彼は[聖]役の為に我に益あればなり。
Se sèl Luc ki avè m. Pran Marc e mennen l vini avè w, paske li itil a mwen pou zèv mwen an.
12 チキコは我之をエフェゾに遣はせり。
Men Tychique, mwen te voye li Éphèse.
13 汝來る時、我がトロアデにてカルポの家に遺置きたる上衣と書物と、特に羊皮紙とを持來れ。
Lè ou vini, pote manto ke m te kite Troas avèk Carpus la, menm ak liv yo, sitou woulo yo.
14 鍛冶屋アレキサンデル大いに我を悩せり、主は其業に應じて報い給ふべし、
Alexandre, bòs fòjewon an, te fè mwen anpil mal. Senyè a va rann li sa selon zèv li.
15 彼は甚しく我言に逆らひし者なれば、汝も之に遠ざかれ。
Veye kont li ou menm, paske li te opoze ak fòs a enstriksyon nou an.
16 我初の弁護の時、我に立會ふ者一人もなく、皆我を棄てたり、願はくは其罪を彼等に歸せられざらん事を。
Nan premye defans mwen an, pèsòn pa t ban m soutyen yo, men yo tout te kite m. Ke sa pa kontwole kont yo.
17 然れど宣教が我を以て全うせられ、凡ての異邦人の聴かん為に、主は我と共に立ちて我を堅固ならしめ給へり、斯て我は獅の口より救はれたるなり。
Men Senyè a te kanpe avèk mwen e te ban m fòs pou pwoklamasyon an ta kapab fin akonpli nèt, e pou tout pèp etranje yo kapab tande. Se konsa, mwen te sove soti nan bouch a lyon an.
18 主は我を一切の惡業より逃れしめ給ひ、尚其天國に於て我を救ひ給ふべし、主に世々光榮あれかし、アメン。 (aiōn g165)
Anplis, Senyè a va delivre m de tout zèv mechan yo, e va mennen m san danje nan wayòm selès Li a. A Li menm, laglwa pou tout tan e pou tout tan. Amen. (aiōn g165)
19 プリスカとアクィラとオネジフォロの家とに宜しく傳へよ。
Salye Prisca ak Aquillas, ak tout kay Onésiphore a.
20 エラストはコリントに留りしが、トロフィモは病ありて、我之をミレトに遺せり。
Éraste te rete Corinthe, men Trophime, mwen te kite li malad Milet.
21 冬に先ちて急ぎ來れ、ユウプロとプデンスとリノとクロオディアと凡ての兄弟と、汝に宜しくと言へり。
Fè tout efò pou vini avan sezon livè a. Eubulus salye ou, Pudens, Linus, Claudia, ak tout frè yo salye ou osi.
22 願はくは主イエズス、キリスト汝の霊と共に在し、恩寵汝等と共に在らん事を、アメン。
Ke Senyè a avèk lespri ou. Ke lagras avèk ou.

< テモテへの手紙第二 4 >