< ヨハネの手紙第一 3 >

1 我等が神の子等と稱せられ、且然あらん為に父の我等に賜ひし愛の如何なるかを看よ。世の我等を知らざるは、彼を知り奉らざるが故なり。
Gade ki grand amou Papa a te bay nou ke nou ta vin rele ti moun yo a Bondye! Konsa, se sa nou ye. Pou rezon sa lemonn pa rekonèt nou, paske li pa t rekonèt Li.
2 至愛なる者よ、我等は今實に神の子等たり、然れど其如何に成るべきかは未顕れず、我等は其顕れん時、我等が神に似奉るべきを知れり、其は之を有の儘に見奉るべければなり。
Alò, chè zanmi yo, nou se ti moun a Bondye, epi li poko fin devwale ki sa n ap ye. Nou konnen ke lè Li parèt nou va tankou Li, paske nou va wè Li menm jan ke Li ye.
3 総て此希望を有する人は、尚彼も潔く在すが如く、己を潔からしむ。
Epi tout moun ki gen espwa sa sou Li, vin pi li menm, menm jan ak Li.
4 総て罪を犯す人は律法を犯す、即ち罪は律法を犯す事なり。
Epi tout moun ki pratike peche, transgrese lalwa. Peche a se transgresyon lalwa.
5 又イエズスの顕れ給ひしは我等の罪を除かん為にして、彼に聊の罪なき事は汝等の知る所なり。
Nou konnen ke Li te parèt pou Li ta kapab retire peche yo, epi nan Li pa gen peche.
6 総て彼に止る者は罪を犯さず、総て罪を犯す人は彼を見奉りし事なく彼を識り奉る事なし。
Okenn moun ki rete nan Li pa peche, men okenn ki viv nan peche pa t wè Li, ni yo pa konnen Li.
7 小子よ、誰にも惑はさるる事勿れ、義を為す者は義人なり、猶彼が義人にて在すがごとし。
Ti moun yo, pa kite pèsòn tronpe nou. Sila ki pratike ladwati a se jis, menm jan ke Li jis.
8 罪を為す者は惡魔よりの者なり、其は惡魔は初より罪を為す者なればなり。神の御子の顕れ給ひしは、惡魔の業を亡ぼし給はん為なり。
Men sila ki pratike peche se a dyab la, paske dyab la te peche depi kòmansman a. Fis la a Bondye te parèt pou rezon sila, ke Li ta kapab detwi zèv yo a dyab la.
9 総て神によりて生れ奉りし人は罪を為さず、其は御種之に存すればなり。又罪を為す能はず、其は神によりて生れ奉りたればなり。
Nanpwen pèsòn ki ne a Bondye ki pratike peche paske jèm Li tou rete nan li, epi li pa kapab peche, paske li ne a Bondye.
10 神の子等と惡魔の子等とは、是に於て乎明に顕る、即ち総て義を為さざる人は神よりの者に非ず、兄弟を愛せざる人も亦然り、
Selon sa pitit yo a Bondye, ak pitit yo a dyab la se byen klè. Nenpòt ki pa pratike ladwati a pa a Bondye, ni sila ki pa renmen frè li.
11 其は互に相愛せよとは汝等が初より聞きし告なればなり。
Paske sa se mesaj la ke nou te tande depi kòmansman a ke nou dwe renmen yon a lòt.
12 カインの如く為すべからず、彼は惡しきものより[の人]にして弟を絞殺ししが、之を絞殺ししは何故ぞ、己が業は惡くして弟の業は正しかりし故なり。
Pa kon Caïn, ki te apatyen a mechan la, epi te asasinen frè l. Men poukisa li te asasinen li? Paske zèv li te mal, epi sa yo a frè l te jis.
13 兄弟等よ、世の汝等を憎むを怪しむ事勿れ、
Pa etonnen, frè yo, si lemonn rayi nou.
14 我等は兄弟を愛するによりて死より生命に移されたるを知れり、愛せざる人は死に止る。
Nou konnen ke nou kite lanmò, epi antre nan lavi akoz ke nou renmen frè nou yo. Sila ki pa renmen, rete nan lanmò.
15 総て己が兄弟を憎む人は人殺者なり、総て人殺者は永遠の生命の其身に止る事なきは汝等の知る所なり。 (aiōnios g166)
Nenpòt ki rayi frè l se yon asasen. Epi nou konnen ke nanpwen asasen ki gen lavi etènèl a anndan li. (aiōnios g166)
16 我等が愛を覚りたるは、キリストが我等の為に生命を棄て給ひしを以てなり、我等も亦兄弟の為に生命を棄つべし。
Men konsa nou rekonèt lamou; ke Li te bay vi Li pou nou. Epi konsa, nou ta dwe bay vi nou yo pou frè nou yo.
17 此世の財産を有てるもの、兄弟の窮乏せるを見つつ、之に己が腸を閉ぢなば、争でか神に對する愛の之に止る事を得んや。
Men nenpòt ki gen byen yo a lemonn sa, pou l wè frè l nan bezwen, epi sere kè l kontre li, ki jan lamou Bondye kapab rete nan li?
18 我小子よ、我等は言と舌とを以て愛すべからず、行と眞とを以てすべし。
Ti moun yo, pa kite nou renmen avèk pawòl, ni avèk lang, men nan zèv ak nan verite.
19 之を以て我等が自ら眞理によれる事を知る、又御前に於て我心を勧めん、
Nou va rekonèt konsa ke nou se nan laverite, epi va gen asirans nan kè nou devan Li:
20 蓋我等の心我等を咎むるも、神は我等の心より偉大に在して萬事を知り給ふなり。
si kè nou kondannen nou, Bondye se bokou pi gran ke kè nou, epi Li konnen tout bagay.
21 至愛なる者よ、若我等の心我等を咎めずば、神の御前に於て憚る所なし、
Byeneme yo, si kè nou pa kondannen nou, nou gen konfyans devan Bondye.
22 又何事を願ふも之を賜はるなり、其は神の掟を守りて御意に適ふことを行へばなり。
Pou sa a, nenpòt ke nou mande, nou va resevwa de Li, paske nou kenbe kòmandman Li yo, epi fè bagay yo ki fè plezi devan zye Li yo.
23 斯て其掟は、即ち御子イエズス、キリストの御名を信じ奉り、且其我等に命じ給ひし如く互に相愛すべき事是なり。
Men sa se kòmandman Li, ke nou kwè nan non lan a Fis Li, Jésus Kri, epi renmen yon ak lòt, kon Li te kòmande nou.
24 神の掟を守る人は神に止り奉り、神も亦是に止り給ふ。我等が神の我等に止り給ふ事を知るは、其我等に賜ひし[聖]霊によりてなり。
Sila a ki kenbe kòmandman Li yo, rete nan Li, epi Li rete nan li menm. Nou konnen konsa ke Li rete nan nou, akoz Li te bay nou Lespri Li.

< ヨハネの手紙第一 3 >