< 雅歌 2 >

1 わたしはシャロンのばら、谷のゆりです。
Mwen se flè Woz Saron an, flè Lis a vale yo.
2 おとめたちのうちにわが愛する者のあるのは、いばらの中にゆりの花があるようだ。
Tankou yon flè lis pami pikan yo, se konsa cheri mwen an ye pami tout jenn fi yo.
3 わが愛する者の若人たちの中にあるのは、林の木の中にりんごの木があるようです。わたしは大きな喜びをもって、彼の陰にすわった。彼の与える実はわたしの口に甘かった。
Tankou yon pye pòm pami bwa nan forè, se konsa cheri mwen an ye pami jennonm yo. Nan lonbraj li mwen te pran gwo plezi pou m te chita; konsa fwi li te dous nan gou m.
4 彼はわたしを酒宴の家に連れて行った。わたしの上にひるがえる彼の旗は愛であった。
Li te mennen m nan gwo sal bankè li, e drapo li monte sou mwen an se lanmou.
5 干ぶどうをもって、わたしに力をつけ、りんごをもって、わたしに元気をつけてください。わたしは愛のために病みわずらっているのです。
Ban m fòs ak gato rezen, rafrechi m ak pòm, akoz mwen malad ak lanmou.
6 どうか、彼の左の手がわたしの頭の下にあり、右の手がわたしを抱いてくれるように。
Kite men goch li rete anba tèt mwen ak men dwat li pou l anbrase m.
7 エルサレムの娘たちよ、わたしは、かもしかと野の雌じかをさして、あなたがたに誓い、お願いする、愛のおのずから起るときまでは、ことさらに呼び起すことも、さますこともしないように。
M ap avèti nou, O fi a Jérusalem yo, nan non antilòp ak bich mawon an, pou nou pa fè lanmou m leve, ni ouvri zye li jiskaske se plezi li.
8 わが愛する者の声が聞える。見よ、彼は山をとび、丘をおどり越えて来る。
Koute! Men cheri mwen an! Men l ap vini! L ap monte sou mòn yo, epi vòltije sou kolin yo!
9 わが愛する者はかもしかのごとく、若い雄じかのようです。見よ、彼はわたしたちの壁のうしろに立ち、窓からのぞき、格子からうかがっている。
Cheri mwen an tankou yon antilòp, oswa yon jenn sèf. Gade byen, li kanpe dèyè mi kay nou an; l ap gade nan fenèt yo, l ap gade nan jalouzi a.
10 わが愛する者はわたしに語って言う、「わが愛する者よ、わが麗しき者よ、立って、出てきなさい。
Cheri mwen an te reponn mwen e te di m: “Leve vini cheri mwen an, pi bèl mwen an.
11 見よ、冬は過ぎ、雨もやんで、すでに去り、
Paske gade, sezon fredi a fin pase, lapli fin pati nèt.
12 もろもろの花は地にあらわれ、鳥のさえずる時がきた。山ばとの声がわれわれの地に聞える。
Flè yo deja parèt nan peyi a; tan an chante a fin rive! Vwa toutrèl la ap koute deja nan peyi a.
13 いちじくの木はその実を結び、ぶどうの木は花咲いて、かんばしいにおいを放つ。わが愛する者よ、わが麗しき者よ、立って、出てきなさい。
Fwi pye fig etranje a fin mi, e chan rezen yo bay odè pafen. Leve vini, annou pati!”
14 岩の裂け目、がけの隠れ場におるわがはとよ、あなたの顔を見せなさい。あなたの声を聞かせなさい。あなたの声は愛らしく、あなたの顔は美しい。
O toutrèl nan fant wòch mwen an, nan kote sekrè chemen ki monte apik, kite mwen wè figi ou, kite mwen tande vwa ou! Paske vwa ou dous e fòm ou bèl nèt.
15 われわれのためにきつねを捕えよ、ぶどう園を荒す小ぎつねを捕えよ、われわれのぶどう園は花盛りだから」と。
Kenbe rena yo pou nou, ti rena k ap detwi chan rezen yo, paske chan nou yo ap fè flè.
16 わが愛する者はわたしのもの、わたしは彼のもの。彼はゆりの花の中で、その群れを養っている。
Cheri mwen an se pa m, e mwen se pa l. Li fè patiraj twoupo li pami flè lis yo.
17 わが愛する者よ、日の涼しくなるまで、影の消えるまで、身をかえして出ていって、険しい山々の上で、かもしかのように、若い雄じかのようになってください。
Jiskaske joune a vin fè fre lè lonbraj yo kouri ale; vire, cheri mwen an, fè tankou antilòp la, oswa jenn sèf sou mòn Bether a.

< 雅歌 2 >