< 詩篇 38 >

1 記念のためにうたったダビデの歌 主よ、あなたの憤りをもってわたしを責めず、激しい怒りをもってわたしを懲らさないでください。
Youn Sòm David; tankou yon sonj memorab O SENYÈ, pa repwoche mwen nan kòlè Ou, ni fè m chatiman nan kòlè Ou k ap brile.
2 あなたの矢がわたしに突き刺さり、あなたの手がわたしの上にくだりました。
Paske flèch Ou yo fin antre fon anndan m, epi men Ou fin peze m.
3 あなたの怒りによって、わたしの肉には全きところなく、わたしの罪によって、わたしの骨には健やかなところはありません。
Nanpwen anyen ki ansante nan chè m, akoz endiyasyon Ou. Nanpwen lasante nan zo m yo akoz peche mwen.
4 わたしの不義はわたしの頭を越え、重荷のように重くて負うことができません。
Paske inikite mwen yo fin monte sou tèt mwen. Tankou yon fado lou, yo peze twòp pou mwen.
5 わたしの愚かによって、わたしの傷は悪臭を放ち、腐れただれました。
Blesi mwen yo vin santi e anfle akoz foli mwen.
6 わたしは折れかがんで、いたくうなだれ、ひねもす悲しんで歩くのです。
Mwen fin koube nèt e bese anpil. Mwen ap fè doulè tout lajounen.
7 わたしの腰はことごとく焼け、わたしの肉には全きところがありません。
Paske ren mwen plen ak brile. Nanpwen anyen ansante nan chè m.
8 わたしは衰えはて、いたく打ちひしがれ、わたしの心の激しい騒ぎによってうめき叫びます。
Mwen pa kab santi anyen ankò. Mwen fin kraze nèt. Vwa m plenyen akoz kè m ajite.
9 主よ、わたしのすべての願いはあなたに知られ、わたしの嘆きはあなたに隠れることはありません。
SENYÈ, tout volonte m devan Ou. Tout plent a vwa m yo pa kache a Ou menm.
10 わたしの胸は激しく打ち、わたしの力は衰え、わたしの目の光もまた、わたしを離れ去りました。
Kè m bat fò, fòs mwen kite m. Menm limyè a zye m, menm sa fin kite mwen.
11 わが友、わがともがらはわたしの災を見て離れて立ち、わが親族もまた遠く離れて立っています。
Pwòch mwen yo avèk zanmi mwen yo kanpe nan distans akoz touman m. Fanmi m yo kanpe byen lwen.
12 わたしのいのちを求める者はわなを設け、わたしをそこなおうとする者は滅ぼすことを語り、ひねもす欺くことをはかるのです。
(Sila) ki chache lavi m yo, ap prepare pyèj yo pou mwen. (Sila) ki chache fè m donmaj yo ap fè menas destriksyon. Y ap manniganse trayizon tout lajounen.
13 しかしわたしは耳しいのように聞かず、おしのように口を開きません。
Men mwen menm, tankou yon moun mouri, mwen pa tande; Epi se tankou yon bèbè, ki pa ouvri bouch li.
14 まことに、わたしは聞かない人のごとく、議論を口にしない人のようです。
Wi, mwen tankou yon nonm ki pa tande. E nan bouch mwen, pa gen repons.
15 しかし、主よ、わたしはあなたを待ち望みます。わが神、主よ、あなたこそわたしに答えられるのです。
Paske mwen mete espwa m nan Ou, O SENYÈ. Ou va reponn, O SENYÈ, Bondye mwen an.
16 わたしは祈ります、「わが足のすべるとき、わたしにむかって高ぶる彼らにわたしのことによって喜ぶことをゆるさないでください」と。
Paske mwen te di: “Ke yo pa vin rejwi sou mwen. Pou lè pye m chape, pou yo ta vante tèt yo kont mwen.”
17 わたしは倒れるばかりになり、わたしの苦しみは常にわたしと共にあります。
Paske mwen prèt pou tonbe. Tristès mwen devan m tout tan.
18 わたしは、みずから不義を言いあらわし、わが罪のために悲しみます。
Konsa, mwen konfese inikite mwen. Mwen ranpli avèk regrè akoz peche m.
19 ゆえなく、わたしに敵する者は強く、偽ってわたしを憎む者は多いのです。
Men lènmi m yo plen kouraj e fò. Yo anpil ki rayi mwen san koz.
20 悪をもって善に報いる者は、わたしがよい事に従うがゆえに、わがあだとなります。
(Sila) ki remèt mal pou byen yo se lènmi m akoz mwen swiv sa ki bon.
21 主よ、わたしを捨てないでください。わが神よ、わたしに遠ざからないでください。
Pa abandone m, O SENYÈ. O Bondye m nan, pa rete lwen m!
22 主、わが救よ、すみやかにわたしをお助けください。
Fè vit pou ede mwen, O SENYÈ, delivrans mwen an!

< 詩篇 38 >