< 詩篇 28 >

1 ダビデの歌 主よ、わたしはあなたにむかって呼ばわります。わが岩よ、わたしにむかって耳しいとならないでください。もしあなたが黙っておられるならば、おそらく、わたしは墓に下る者と等しくなるでしょう。
Yon sòm David A Ou menm, O SENYÈ, mwen rele! Wòch mwen an, pa vin soud devan m, paske si Ou rete silan devan mwen, mwen va devni kon (sila) ki desann nan twou fòs la nèt.
2 わたしがあなたにむかって助けを求め、あなたの至聖所にむかって手をあげるとき、わたしの願いの声を聞いてください。
Tande vwa a siplikasyon mwen yo lè m kriye a Ou menm pou sekou, lè m leve men m vè sanktiyè sen Ou an.
3 悪しき者および悪を行う者らと共にわたしを引き行かないでください。彼らはその隣り人とむつまじく語るけれども、その心には害悪をいだく者です。
Pa rale m sòti avèk mechan yo, avèk (sila) ki fè inikite yo, ki pale lapè avèk vwazen yo, pandan mechanste nan kè yo.
4 どうぞ、そのわざにしたがい、その悪しき行いにしたがって彼らに報い、その手のわざにしたがって彼らに報い、その受くべき罰を彼らに与えてください。
Rekonpanse yo selon zèv yo ak selon mechanste yo abitye fè yo. Rekonpanse yo selon zèv men yo. Remèt yo tout rekonpans pa yo.
5 彼らは主のもろもろのみわざと、み手のわざとを顧みないゆえに、主は彼らを倒して、再び建てられることはない。
Akoz yo pa okipe zèv a SENYÈ yo, ni travay men Li yo. Pou sa, Li va chire yo desann, e Li p ap fè yo remonte.
6 主はほむべきかな。主はわたしの願いの声を聞かれた。
Beni se SENYÈ a, akoz Li te tande vwa a siplikasyon mwen yo.
7 主はわが力、わが盾。わたしの心は主に寄り頼む。わたしは助けを得たので、わたしの心は大いに喜び、歌をもって主をほめたたえる。
SENYÈ a se fòs mwen ak boukliye mwen. Kè m mete konfyans nan Li, e mwen jwenn sekou. Pou sa, kè m leve wo nèt. Avèk chanson mwen, mwen va di Li mèsi.
8 主はその民の力、その油そそがれた者の救のとりでである。
SENYÈ a se fòs yo. Li se yon defans pou sove onksyone Li yo.
9 どうぞ、あなたの民を救い、あなたの嗣業を恵み、彼らの牧者となって、とこしえに彼らをいだき導いてください。
Sove pèp Ou a, e beni eritaj pa Ou a. Devni bèje yo tou, e bay yo soutyen jis pou tout tan.

< 詩篇 28 >