< 詩篇 147 >

1 主をほめたたえよ。われらの神をほめうたうことはよいことである。主は恵みふかい。さんびはふさわしいことである。
Louwe SENYÈ a! Paske li bon pou chante lwanj a Bondye nou an. Paske se agreyab epi lwanj Li se dous.
2 主はエルサレムを築き、イスラエルの追いやられた者を集められる。
SENYÈ a ap ranfòse Jérusalem. Li ranmase egzile Israël yo.
3 主は心の打ち砕かれた者をいやし、その傷を包まれる。
Li geri (sila) ak kè kase yo e mete pansman sou blesi yo.
4 主はもろもろの星の数を定め、すべてそれに名を与えられる。
Li konte fòs kantite zetwal yo. Li bay non a yo tout.
5 われらの主は大いなる神、力も豊かであって、その知恵ははかりがたい。
Gran se SENYÈ nou an e Li ranpli ak fòs. Bon konprann Li an san limit nèt.
6 主はしえたげられた者をささえ、悪しき者を地に投げ捨てられる。
SENYÈ a bay soutyen a aflije yo. Li fè mechan yo bese desann jis rive atè.
7 主に感謝して歌え、琴にあわせてわれらの神をほめうたえ。
Chante a SENYÈ a ak remèsiman. Chante lwanj a Bondye nou an sou gita,
8 主は雲をもって天をおおい、地のために雨を備え、もろもろの山に草をはえさせ、
ki kouvri syèl la ak nwaj yo, ki founi lapli pou tè a, ki fè zèb yo grandi sou mòn yo.
9 食物を獣に与え、また鳴く小がらすに与えられる。
Li bay bèt la manje li, ak jenn kòbo k ap kriye yo.
10 主は馬の力を喜ばれず、人の足をよみせられない。
Li pa pran plezi nan fòs cheval la. Li pa pran plezi nan janm a moun.
11 主はおのれを恐れる者とそのいつくしみを望む者とをよみせられる。
SENYÈ a bay favè a (sila) ki krent Li yo, (sila) ki tann lanmou dous Li yo.
12 エルサレムよ、主をほめたたえよ。シオンよ、あなたの神をほめたたえよ。
Louwe SENYÈ a, O Jérusalem! Louwe Bondye ou a, O Sion!
13 主はあなたの門の貫の木を堅くし、あなたのうちにいる子らを祝福されるからである。
Paske Li te fòtifye ba fè nan pòtay ou yo; Li te beni fis ou yo anndan w.
14 主はあなたの国境を安らかにし、最も良い麦をもってあなたを飽かせられる。
Li fè lapè anndan lizyè ou yo. Li satisfè ou ak meyè kalite ble.
15 主はその戒めを地に下される。そのみ言葉はすみやかに走る。
Li voye lòd Li sou latè. Pawòl Li kouri byen vit.
16 主は雪を羊の毛のように降らせ、霜を灰のようにまかれる。
Li bay lanèj kon lenn. Li gaye lawouze glase kon sann.
17 主は氷をパンくずのように投げうたれる。だれがその寒さに耐えることができましょうか。
Li jete voye glas Li kon ti mòso. Se kilès ki kab kanpe devan fredi Li a?
18 主はみ言葉を下してこれを溶かし、その風を吹かせられると、もろもろの水は流れる。
Li voye pawòl Li pou fonn yo. Li fè van Li soufle e dlo yo koule.
19 主はそのみ言葉をヤコブに示し、そのもろもろの定めと、おきてとをイスラエルに示される。
Li deklare pawòl Li yo a Jacob, règleman Li yo ak òdonans Li yo a Israël.
20 主はいずれの国民をも、このようにはあしらわれなかった。彼らは主のもろもろのおきてを知らない。主をほめたたえよ。
Li pa t aji konsa avèk okenn lòt nasyon. Selon òdonans Li yo, yo pa konnen yo. Louwe SENYÈ a!

< 詩篇 147 >