< 詩篇 14 >

1 聖歌隊の指揮者によってうたわせたダビデの歌 愚かな者は心のうちに「神はない」と言う。彼らは腐れはて、憎むべき事をなし、善を行う者はない。
Pou direktè koral la; yon sòm David Moun fou a di nan kè l: “Nanpwen Bondye.” Yo konwonpi. Yo te fè zak abominab. Nanpwen ki fè sa ki bon.
2 主は天から人の子らを見おろして、賢い者、神をたずね求める者があるかないかを見られた。
SENYÈ a te gade anba soti nan syèl la sou fis a lòm yo pou wè si genyen ki konprann, k ap chache Bondye.
3 彼らはみな迷い、みなひとしく腐れた。善を行う者はない、ひとりもない。
Yo tout te vire akote. Ansanm yo te vin konwonpi. Nanpwen ki fè sa ki bon, pa menm youn.
4 すべて悪を行う者は悟りがないのか。彼らは物食うようにわが民をくらい、また主を呼ぶことをしない。
Èske tout malfektè inikite yo pa konnen, (sila) Ki manje pèp mwen yo tankou y ap manje pen an, san yo pa rele SENYÈ a?
5 その時、彼らは大いに恐れた。神は正しい者のやからと共におられるからである。
La, yo nan gwo danje, paske Bondye rete avèk jenerasyon ki dwat la.
6 あなたがたは貧しい者の計画をはずかしめようとする。しかし主は彼の避け所である。
Nou meprize bezwen aflije a, men SENYÈ a se refij li.
7 どうか、シオンからイスラエルの救が出るように。主がその民の繁栄を回復されるとき、ヤコブは喜び、イスラエルは楽しむであろう。
O ke sali Israël la ta sòti nan Sion! Lè SENYÈ a restore pèp kaptif li a, Jacob va rejwi, e Israël va gen kè kontan.

< 詩篇 14 >