< 詩篇 115 >

1 主よ、栄光をわれらにではなく、われらにではなく、あなたのいつくしみと、まこととのゆえに、ただ、み名にのみ帰してください。
Pa pou nou, O SENYÈ, pa pou nou, men pou Non Ou glwa bay, akoz lanmou dous Ou, akoz verite Ou.
2 なにゆえ、もろもろの国民は言うのでしょう、「彼らの神はどこにいるのか」と。
Poukisa nasyon yo ta di: “Kote Bondye yo a ye koulye a?”
3 われらの神は天にいらせられる。神はみこころにかなうすべての事を行われる。
Men Bondye nou an nan syèl yo. Li fè sa Li pito.
4 彼らの偶像はしろがねと、こがねで、人の手のわざである。
Zidòl yo se ajan ak lò, zèv men a lòm.
5 それは口があっても語ることができない。目があっても見ることができない。
Yo gen bouch, men yo pa kab pale. Yo gen zye, men yo pa kab wè.
6 耳があっても聞くことができない。鼻があってもかぐことができない。
Yo gen zòrèy, men yo pa kab tande. Yo gen nen, men yo pa kab santi anyen.
7 手があっても取ることができない。足があっても歩くことができない。また、のどから声を出すこともできない。
Yo gen men, men yo pa kab manyen. Yo gen pye, men yo pa kab mache. Nanpwen okenn bri ki sòti nan gòj yo.
8 これを造る者と、これに信頼する者とはみな、これと等しい者になる。
(Sila) ki mete konfyans nan yo va tankou yo. Wi, tankou tout moun ki fè yo konfyans yo.
9 イスラエルよ、主に信頼せよ。主は彼らの助け、また彼らの盾である。
O Israël, mete konfyans ou nan SENYÈ a! Se Li menm ki sekou ak boukliye yo.
10 アロンの家よ、主に信頼せよ。主は彼らの助け、また彼らの盾である。
O lakay Aaron, mete konfyans ou nan SENYÈ a; Se Li menm ki sekou ak boukliye yo.
11 主を恐れる者よ、主に信頼せよ。主は彼らの助け、また彼らの盾である。
Nou menm ki gen lakrent SENYÈ a, mete konfyans nou nan SENYÈ a. Se Li menm ki sekou yo ak boukliye yo.
12 主はわれらをみこころにとめられた。主はわれらを恵み、イスラエルの家を恵み、アロンの家を恵み、
SENYÈ a te toujou sonje nou. Li va beni nou. Li va beni lakay Israël la. Li va beni lakay Aaron an.
13 また、小さい者も、大いなる者も、主を恐れる者を恵まれる。
Li va beni (sila) ki krent SENYÈ yo, piti kon gran.
14 どうか、主があなたがたを増し加え、あなたがたと、あなたがたの子孫とを増し加えられるように。
Ke SENYÈ a kab fè nou grandi plis, nou menm ak pitit nou yo.
15 天地を造られた主によってあなたがたが恵まれるように。
Ke nou ta vin beni pa SENYÈ a, Kreyatè syèl la ak tè a.
16 天は主の天である。しかし地は人の子らに与えられた。
Syèl yo se Syèl SENYÈ a, Men latè, Li te bay li a fis a lòm yo.
17 死んだ者も、音なき所に下る者も、主をほめたたえることはない。
Mò yo pa louwe SENYÈ a, ni (sila) ki desann antre nan silans yo.
18 しかし、われらは今より、とこしえに至るまで、主をほめまつるであろう。主をほめたたえよ。
Men nou va beni SENYÈ a, soti nan moman sa a e rive jis pou tout tan. Louwe SENYÈ la!

< 詩篇 115 >