< 民数記 3 >

1 主がシナイ山で、モーセと語られた時の、アロンとモーセの一族は、次のとおりであった。
Alò sa yo se chif desandan a Aaron avèk Moïse nan tan lè SENYÈ a te pale avèk Moïse sou Mòn Sinaï a.
2 アロンの子たちの名は、次のとおりである。長子はナダブ、次はアビウ、エレアザル、イタマル。
Sa yo se non a fis Aaron yo: Nadab, premye ne a, Abith, Éléazar ak Ithamar.
3 これがアロンの子たちの名であって、彼らはみな油を注がれ、祭司の職に任じられて祭司となった。
Sa yo se non a fis Aaron yo, prèt onksyone ke li te konsakre pou sèvi kòm prèt yo.
4 ナダブとアビウとは、シナイの荒野において、異火を主の前にささげたので、主の前で死んだ。彼らには子供がなかった。そしてエレアザルとイタマルとが、父アロンの前で祭司の務をした。
Men Nadab avèk Abihu te mouri devan SENYÈ a lè yo te ofri dife etranje devan SENYÈ a nan dezè Sinaï a. Yo pa t gen pitit. Konsa, Éléazar avèk Ithamar te sèvi kòm prèt pandan papa yo, Aaron, t ap viv.
5 主はまたモーセに言われた、
Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di:
6 「レビの部族を召し寄せ、祭司アロンの前に立って仕えさせなさい。
“Mennen tribi Levi a vin pre ou, e fè yo chita devan Aaron, prèt la, pou yo kapab sèvi li.
7 彼らは会見の幕屋の前にあって、アロンと全会衆のために、その務をし、幕屋の働きをしなければならない。
Yo va ranpli devwa pou li ak pou tout kongregasyon an devan tant asanble a, pou fè sèvis tabènak la.
8 すなわち、彼らは会見の幕屋の、すべての器をまもり、イスラエルの人々のために務をし、幕屋の働きをしなければならない。
Yo va osi kenbe tout zafè ki founi tant asanble a, ansanm avèk devwa a fis Israël yo, pou fè sèvis tabènak la.
9 あなたはレビびとを、アロンとその子たちとに、与えなければならない。彼らはイスラエルの人々のうちから、全くアロンに与えられたものである。
Konsa ou va bay Levit yo a Aaron avèk fis li yo; yo va bay nèt a li pami fis Israël yo.
10 あなたはアロンとその子たちとを立てて、祭司の職を守らせなければならない。ほかの人で近づくものは殺されるであろう」。
Konsa, ou va chwazi Aaron avèk fis li yo pou yo kapab ranpli fonksyon prèt yo, men nenpòt lòt moun ki pwoche va vin mete a lanmò.”
11 主はまたモーセに言われた、
Ankò SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di:
12 「わたしは、イスラエルの人々のうちの初めに生れたすべてのういごの代りに、レビびとをイスラエルの人々のうちから取るであろう。レビびとは、わたしのものとなるであろう。
“Alò, veye byen, Mwen te pran Levit yo pami fis Israël yo olye de chak premye ne, premye bebe a chak vant pami fis Israël yo. Konsa, Levit yo se pa M.
13 ういごはすべてわたしのものだからである。わたしは、エジプトの国において、すべてのういごを撃ち殺した日に、イスラエルのういごを、人も獣も、ことごとく聖別して、わたしに帰せしめた。彼らはわたしのものとなるであろう。わたしは主である」。
Paske, tout premye ne se pa M yo ye. Nan jou ke M te frape tout premye ne nan peyi Égypte yo, Mwen te sanktifye pou Mwen menm tout premye ne an Israël yo soti nan lòm pou rive nan bèt yo. Yo va pou Mwen; Mwen se SENYÈ a.”
14 主はまたシナイの荒野でモーセに言われた、
Konsa, SENYÈ a te pale avèk Moïse nan dezè Sinaï a. Li te di:
15 「あなたはレビの子たちを、その父祖の家により、その氏族によって数えなさい。すなわち、一か月以上の男子を数えなければならない」。
“Konte fis a Levi yo selon lakay papa pa yo, pa fanmi yo; tout gason soti nan laj a yon mwa oswa plis, ou va konte yo.”
16 それでモーセは主の言葉にしたがって、命じられたとおりに、それを数えた。
Alò, Moïse te konte yo selon pawòl a SENYÈ a, jis jan ke li te kòmande a.
17 レビの子たちの名は次のとおりである。すなわち、ゲルション、コハテ、メラリ。
Konsa, se sa yo ki te fis a Levi yo pa non yo: Guerschon, Kehath, ak Merari.
18 ゲルションの子たちの名は、その氏族によれば次のとおりである。すなわち、リブニ、シメイ。
Sa se non a fis a Guerschon yo selon fanmi pa yo: Libni ak Schimeï;
19 コハテの子たちは、その氏族によれば、アムラム、イヅハル、ヘブロン、ウジエル。
Fis a Kehath yo selon fanmi pa yo: Amram, Jitsehar, Hébron ak Uziel;
20 メラリの子たちは、その氏族によれば、マヘリ、ムシ。これらはその父祖の家によるレビの氏族である。
Fis a Merari yo selon fanmi pa yo: Machli ak Muschi. Sa yo se fanmi Levit yo selon lakay papa pa yo.
21 ゲルションからリブニびとの氏族と、シメイびとの氏族とが出た。これらはゲルションびとの氏族である。
Nan Guerschon te sòti fanmi a Libni yo ak fanmi a Schimeï yo. Sa yo se te fanmi a Gèchonit yo.
22 その数えられた者、すなわち、一か月以上の男子の数は合わせて七千五百人であった。
Nan mesye konte yo tout gason soti nan yon mwa oswa plis te vin konte nan sèt-mil-senk-san.
23 ゲルションびとの氏族は幕屋の後方、すなわち、西の方に宿営し、
Fanmi a Gèchonit yo te toujou gen pou fè kan dèyè tabènak la nan kote lwès la.
24 ラエルの子エリアサフが、ゲルションびとの父祖の家のつかさとなるであろう。
Chèf a lakay papa yo pami Gèchonit yo te Élaisaph, fis a Laël la.
25 会見の幕屋の、ゲルションの子たちの務は、幕屋、天幕とそのおおい、会見の幕屋の入口のとばり、
Alò, devwa a fis Guerschon yo nan tant asanble a se te tabènak la avèk tant lan, kouvèti li, rido pòtay tant asanble a,
26 庭のあげばり、幕屋と祭壇のまわりの庭の入口のとばり、そのひも、およびすべてそれに用いる物を守ることである。
bagay pandye sou galeri a, ki antoure tabènak la ak lotèl la, e kòd li yo avèk tout sèvis konsènan li yo.
27 また、コハテからアムラムびとの氏族、イヅハルびとの氏族、ヘブロンびとの氏族、ウジエルびとの氏族が出た。これらはコハテびとの氏族である。
Nan Kehath, te sòti fanmi a Amramit yo, fanmi Jitseharit yo, fanmi Ebwonit yo avèk fanmi Izyelit yo. Sila yo se te fanmi a Kehath yo.
28 一か月以上の男子の数は、合わせて八千六百人であって、聖所の務を守る者たちである。
Nan konte tout gason nan laj yon mwa oswa plis, te gen ui-mil-sis-san ki t ap fè devwa sanktyè a.
29 コハテの子たちの氏族は、幕屋の南の方に宿営し、
Fanmi a Kehath yo te gen pou fè kan nan kote sid a tabènak la,
30 ウジエルの子エリザパンが、コハテびとの氏族の父祖の家のつかさとなるであろう。
epi chèf a tout kay papa yo pou Kehath yo se te Élitsaphan, fis a Uziel la.
31 彼らの務は、契約の箱、机、燭台、二つの祭壇、聖所の務に用いる器、とばり、およびすべてそれに用いる物を守ることである。
Alò, devwa pa yo se te lach la, tab la, chandelye a, lotèl yo, tout zouti pou sèvis sanktyè a, rido a, ak tout sèvis ki fèt avèk yo.
32 祭司アロンの子エレアザルが、レビびとのつかさたちの長となり、聖所の務を守るものたちを監督するであろう。
Éléazar, fis a Aaron an se te chèf an tèt a chèf Levit yo, e li te responsab pou tout sila ki te fè devwa sanktyè a.
33 メラリからマヘリびとの氏族と、ムシびとの氏族とが出た。これらはメラリの氏族である。
Nan Merari, te sòti fanmi a Machli yo ak fanmi Muschi yo. Se sa yo ki te fanmi a Merari yo.
34 その数えられた者、すなわち、一か月以上の男子の数は、合わせて六千二百人であった。
Mesye pa yo ki te konte pa tout gason ak laj yon mwa oswa plis yo, te si-mil-de-san.
35 アビハイルの子ツリエルが、メラリの氏族の父祖の家のつかさとなるであろう。彼らは幕屋の北の方に宿営しなければならない。
Chèf a lakay papa Merari yo se te Tsuriel, fis a Abihaïl la. Yo te gen pou fè kan sou kote nò a tabènak la.
36 メラリの子たちが、その務として管理すべきものは、幕屋の枠、その横木、その柱、その座、そのすべての器、およびそれに用いるすべての物、
Alò, devwa a fis Merari yo se te pou okipe ankadreman tabènak la, poto li yo, baz reseptikal li yo, tout bagay sa yo avèk sèvis ki konsène yo,
37 ならびに庭のまわりの柱とその座、その釘、およびそのひもである。
ak pilye ki antoure galeri a, avèk baz reseptikal pa yo avèk pikèt ak kòd yo.
38 また幕屋の前、その東の方、すなわち、会見の幕屋の東の方に宿営する者は、モーセとアロン、およびアロンの子たちであって、イスラエルの人々の務に代って、聖所の務を守るものである。ほかの人で近づく者は殺されるであろう。
Alò, sila ki te gen pou fè kan devan tabènak la vè lès la devan tant asanble a, vè solèy leve a, se te Moïse avèk Aaron avèk fis li yo, ki pou fè devwa sanktyè yo, pou ranpli obligasyon a fis Israël yo. Men nenpòt moun ki pa prèt va vin mete a lanmò si li vin toupre.
39 モーセとアロンとが、主の言葉にしたがって数えたレビびとで、その氏族によって数えられた者、一か月以上の男子は、合わせて二万二千人であった。
Tout mesye ki te konte pami Levit yo, ke Moïse avèk Aaron te konte selon kòmand a SENYÈ a, pa fanmi pa yo, tout gason ki te gen yon mwa oswa plis, te venn-de-mil.
40 主はまたモーセに言われた、「あなたは、イスラエルの人々のうち、すべてういごである男子の一か月以上のものを数えて、その名の数を調べなさい。
Konsa, SENYÈ a te di a Moïse: “Konte tout gason, premye ne pami fis Israël yo soti nan laj yon mwa oswa plis, e fè yon chif ak non yo.
41 また主なるわたしのために、イスラエルの人々のうちの、すべてのういごの代りにレビびとを取り、またイスラエルの人々の家畜のうちの、すべてのういごの代りに、レビびとの家畜を取りなさい」。
Ou va pran Levit yo pou Mwen—Mwen se SENYÈ a—olye de premye ne pami fis Israël yo; ak bèt a Levit yo olye de tout premye ne nan bèt a fis Israël yo.”
42 そこでモーセは主の命じられたように、イスラエルの人々のうちの、すべてのういごを数えた。
Konsa, Moïse te konte tout premye ne pami fis Israël yo, jan SENYÈ a te kòmande li a.
43 その数えられたういごの男子、すべて一か月以上の者は、その名の数によると二万二千二百七十三人であった。
Tout premye ne nan gason yo soti nan laj a yon mwa oswa plis, mesye ki te konte pou yo te venn-de-mil-de-san-swasann-trèz22,273
44 主はモーセに言われた、
SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di:
45 「あなたはイスラエルの人々のうちの、すべてのういごの代りに、レビびとを取り、また彼らの家畜の代りに、レビびとの家畜を取りなさい。レビびとはわたしのものとなる。わたしは主である。
“Pran Levit yo olye de tout premye ne pami fis Israël yo ak bèt a Levit yo olye bèt pa yo. Konsa, Levit yo va pou Mwen: Mwen se SENYÈ a.
46 またイスラエルの人々のういごは、レビびとの数を二百七十三人超過しているから、そのあがないのために、
Pou ranson a de-san-swasann-trèz nan premye ne an Israël ki plis ke Levit yo,
47 そのあたまかずによって、ひとりごとに銀五シケルを取らなければならない。すなわち、聖所のシケルにしたがって、それを取らなければならない。一シケルは二十ゲラである。
ou va pran senk sik pou chak, pa tèt. Ou va pran yo an valè sik sanktyè a (sik la se ven gera),
48 あなたは、その超過した者をあがなう金を、アロンと、その子たちに渡さなければならない」。
epi bay Aaron avèk fis li lajan la, ki te peye pou ranson pa Levit yo.”
49 そこでモーセは、レビびとによってあがなわれた者を超過した人々から、あがないの金を取った。
Moïse te pran lajan ranson an ki sòti nan sila ki te anplis sila ki te ransonen pa Levit yo;
50 すなわち、モーセは、イスラエルの人々のういごから、聖所のシケルにしたがって千三百六十五シケルの銀を取り、
nan men a premye ne a fis Israël yo, li te pran lajan an an valè sik sanktyè a, mil-twa-san-swasann-senk sik.
51 そのあがないの金を、主の言葉にしたがって、アロンとその子たちに渡した。主がモーセに命じられたとおりである。
Epi Moïse te bay lajan ranson an bay Aaron avèk fis li yo, selon kòmand a SENYÈ a, jan SENYÈ a te kòmande Moïse la.

< 民数記 3 >