< ミカ書 5 >

1 今あなたは壁でとりまかれている。敵はわれわれを攻め囲み、 つえをもってイスラエルのつかさのほおを撃つ。
Alò, rasanble nou an twoup lame, O fi a lame yo. Li fin fè syèj kont nou. Ak gwo baton, yo va frape jij Israël la sou machwè.
2 しかしベツレヘム・エフラタよ、あなたはユダの氏族のうちで小さい者だが、イスラエルを治める者があなたのうちからわたしのために出る。その出るのは昔から、いにしえの日からである。
Men ou menm, Bethléhem Éphrata, pi piti pami fanmi a Juda yo, nan ou va soti de Mwen Youn pou vin chèf an Israël. Lè pou L vin parèt la te etabli depi nan tan ansyen yo, jis rive nan jou etènite yo.
3 それゆえ、産婦の産みおとす時まで、主は彼らを渡しおかれる。その後その兄弟たちの残れる者はイスラエルの子らのもとに帰る。
Akoz sa, Li va abandone yo jiskaske sila ki te gen doulè a, fin pouse fè pitit la. Nan lè sa a, retay nan frè li yo va retounen vin jwenn fis Israël yo.
4 彼は主の力により、その神、主の名の威光により、立ってその群れを養い、彼らを安らかにおらせる。今、彼は大いなる者となって、地の果にまで及ぶからである。
Konsa Li va leve pou mennen bann mouton Li an nan fòs SENYÈ a, nan majeste a non SENYÈ, Bondye Li a. Epi yo va viv, paske nan tan sa a, Li va pwisan jis rive nan dènye pwent latè.
5 これは平和である。アッスリヤびとがわれわれの国に来て、われわれの土地を踏むとき、七人の牧者を起し、八人の君を起してこれに当らせる。
Li va lapè nou lè Asiryen yo vini nan peyi nou an, e lè li va mache nan palè nou yo. Konsa, nou va leve kont li sèt bèje ak uit chèf prensipal.
6 彼らはつるぎをもってアッスリヤの地を治め、ぬきみのつるぎをもってニムロデの地を治める。アッスリヤびとがわれわれの地に来て、われわれの境を踏み荒すとき、彼らはアッスリヤびとから、われわれを救う。
Yo va regle peyi Assyrie ak nepe, ak peyi Nimrod la menm nan pòtay li yo. Konsa, li va delivre nou soti nan men Asiryen an lè l fè envazyon peyi nou an, ak lè li mache anndan fwontyè nou an.
7 その時ヤコブの残れる者は多くの民の中にあること、人によらず、また人の子らを待たずに主からくだる露のごとく、青草の上に降る夕立ちのようである。
Epi konsa, retay Jacob la va nan mitan anpil nasyon pèp yo, tankou lawouze ki sòti nan SENYÈ a, tankou lapli k ap farinen sou zèb, ki p ap tann lòm, ni fè reta pou fis a lòm yo.
8 またヤコブの残れる者が国々の中におり、多くの民の中にいること、林の獣の中のししのごとく、羊の群れの中の若いししのようである。それが過ぎるときは踏み、かつ裂いて救う者はない。
Retay Jacob la va pami nasyon yo, pami anpil pèp; Tankou yon lyon pami bèt forè, tankou yon jèn lyon nan mitan bann mouton; li menm, si l pase, mache, dechire an mòso e p ap gen pèsòn ki pou delivre.
9 あなたの手はもろもろのあだの上にあげられ、あなたの敵はことごとく断たれる。
Ke men ou vin leve kont advèsè Ou yo e lènmi Ou yo va vin koupe retire nèt.
10 主は言われる、その日には、わたしはあなたのうちから馬を絶やし、戦車をこわし、
“Li va rive, nan jou sa a,”, deklare SENYÈ a, “ke Mwen va retire cheval nou yo nan mitan nou e Mwen va detwi cha lagè nou yo.
11 あなたの国の町々を絶やし、あなたの城をことごとくくつがえす。
“Anplis, Mwen va koupe retire vil nan peyi nou yo, e mwen va jete tout miray fòterès nou yo.
12 またあなたの手から魔術を絶やす。あなたのうちには占い師がないようになる。
Mwen va koupe retire zafè tout wanga soti nan men nou, e nou p ap gen divinò ankò.
13 またあなたのうちから彫像および石の柱を絶やす。あなたは重ねて手で作った物を拝むことはない。
Mwen va retire imaj taye nou yo ak pilye sakre ki pami nou yo, pou nou pa adore zèv men nou yo ankò.
14 またあなたのうちからアシラ像を抜き倒し、あなたの町々を滅ぼす。
Mwen va dechouke Asherim ki pami nou yo, e mwen va detwi vil nou yo.
15 そしてわたしは怒りと憤りとをもってその聞き従わないもろもろの国民に復讐する。
Epi Mwen va egzekite vanjans kòlè ak gwo mekontantman sou nasyon ki pa t koute yo.”

< ミカ書 5 >