< レビ記 27 >

1 主はモーセに言われた、
Ankò SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di:
2 「イスラエルの人々に言いなさい、『人があなたの値積りに従って主に身をささげる誓願をする時は、
“Pale avèk fis Israël yo pou di: ‘Lè yon nonm fin fè yon ve ki difisil, li va valorize selon valè moun nou ki apatyen a SENYÈ a.
3 あなたの値積りは、二十歳から六十歳までの男には、その値積りを聖所のシケルに従って銀五十シケルとし、
Si valè ou a se yon gason antre ventan ak swasantan daj, valè ke nou va bay li a se senkant sik an ajan, dapre sik ki nan sanktyè a.
4 女には、その値積りは三十シケルとしなければならない。
Oubyen, si se yon fanm, alò valè nou va trant sik.
5 また五歳から二十歳までは、男にはその値積りを二十シケルとし、女には十シケルとしなければならない。
Si li antre senkan jiska ventan, alò valè nou pou gason an va ven sik, e pou fanm nan dis sik.
6 一か月から五歳までは、男にはその値積りを銀五シケルとし、女にはその値積りを銀三シケルとしなければならない。
Men si yo antre laj yon mwa jis rive nan senkan, valè nou va senk sik an ajan pou gason an, e pou fanm nan, valè nou va twa sik an ajan.
7 また六十歳以上は、男にはその値積りを十五シケルとし、女には十シケルとしなければならない。
Si yo gen swasantan oswa plis, si se yon gason, alò valè li va kenz sik, e pou fanm lan, dis sik.
8 もしその人が貧しくて、あなたの値積りに応じることができないならば、祭司の前に立ち、祭司の値積りを受けなければならない。祭司はその誓願者の力に従って値積らなければならない。
Men si li manke rive nan valè ou, alò li va plase devan prèt ki va bay valè li a. Selon mwayen a sila ki te fè ve a, prèt la va ba li valè.
9 主に供え物とすることができる家畜で、人が主にささげるものはすべて聖なる物となる。
“‘Alò, si se yon kalite bèt ke yon mesye ta kapab prezante kòm yon ofrann bay SENYÈ a, nenpòt sa ki bay a SENYÈ a, va sen.
10 ほかのものをそれに代用してはならない。良い物を悪い物に、悪い物を良い物に取り換えてはならない。もし家畜と家畜とを取り換えるならば、その物も、それと取り換えた物も共に聖なる物となるであろう。
Li pa pou ranplase li ni chanje li, yon bon pou yon move, ni yon move pou yon bon. Oswa, si li ta chanje bèt pou bèt, se tou de ki vin sen.
11 もしそれが汚れた家畜で、主に供え物としてささげられないものであるならば、その人はその家畜を祭司の前に引いてこなければならない。
Si li se yon bèt ki pa pwòp nan kalite ke moun pa kab prezante kòm yon ofrann bay SENYÈ a, alò, li va plase bèt la devan prèt la.
12 祭司はその良い悪いに従って、それを値積らなければならない。それは祭司が値積るとおりになるであろう。
Prèt la va ba li valè kit li bon, kit li pa bon. Jan nou menm nan, prèt la ba li valè, se konsa li va ye.
13 もしその人が、それをあがなおうとするならば、その値積りにその五分の一を加えなければならない。
Men si li ta janmen vle peye ranson li an, alò li va ogmante yon senkyèm nan valè li.
14 もし人が自分の家を主に聖なる物としてささげるときは、祭司はその良い悪いに従って、それを値積らなければならない。それは祭司が値積ったとおりになるであろう。
“‘Alò, si yon mesye konsakre kay li kòm sen pou SENYÈ a, alò prèt la va ba li valè kòm bon, oswa pa bon. Jan prèt la ba li valè, se konsa li va kanpe.
15 もしその家をささげる人が、それをあがなおうとするならば、その値積りの金に、その五分の一を加えなければならない。そうすれば、それは彼のものとなるであろう。
Men si sila ki konsakre li a ta vle vin peye ranson li an, alò, li va mete yon senkyèm sou valè pri a pou l kapab vin pou li.
16 もし人が相続した畑の一部を主にささげるときは、あなたはそこにまく種の多少に応じて、値積らなければならない。すなわち、大麦一ホメルの種を銀五十シケルに値積らなければならない。
“‘Ankò, si yon mesye konsakre bay SENYÈ a yon pati nan pwòp chan pa li yo, alò, valè ke nou ba li a va selon fòs kantite semans ki nesesè pou simen li an: yon barik semans lòj vo senkant sik ajan.
17 もしその畑をヨベルの年からささげるのであれば、その価はあなたの値積りのとおりになるであろう。
Si li konsakre chan li an nan menm ane jibile a, selon valè nou ba li, li va kanpe konsa.
18 もしその畑をヨベルの年の後にささげるのであれば、祭司はヨベルの年までに残っている年の数に従ってその金を数え、それをあなたの値積りからさし引かなければならない。
Si li konsakre chan li an apre jibile a, alò, prèt la va kalkile pri a pou li selon ane ki rete yo jis rive nan ane jibile a; epi li va vin redwi nan valè ke nou bay la.
19 もしまた、その畑をささげる人が、それをあがなおうとするならば、あなたの値積りの金にその五分の一を加えなければならない。そうすれば、それは彼のものと決まるであろう。
Si sila ki konsakre li a ta janmen vle peye ranson chan an, alò li va adisyone yon senkyèm nan valè ke nou bay sou li a, pou li kapab vin pou li.
20 しかし、もしその畑をあがなわず、またそれを他の人に売るならば、それはもはやあがなうことができないであろう。
Malgre sa, si li pa peye ranson chan an, men te vann chan an a yon lòt moun, li p ap kapab peye ranson an ankò;
21 その畑は、ヨベルの年になって期限が切れるならば、奉納の畑と同じく、主の聖なる物となり、祭司の所有となるであろう。
men lè li vin retounen nan jibile a, chan an va vin sen pou SENYÈ a, kòm yon chan ki mete apa. Li va pou prèt la kòm tè pa li.
22 もしまた相続した畑の一部でなく、買った畑を主にささげる時は、
“‘Oswa, si li konsakre bay SENYÈ a, yon chan ke li te achte, ki se pa yon pati nan chan pwòp tè pa li a,
23 祭司は値積りしてヨベルの年までの金を数えなければならない。その人はその値積りの金をその日に主にささげて、聖なる物としなければならない。
alò, prèt la va kalkile pou li sòm valè chan an jis rive nan ane jibile a; epi li va nan jou sa a bannou valè nou kòm sen pou SENYÈ a.
24 ヨベルの年にその畑は売り主であるその地の相続者に返るであろう。
Nan ane jibile a, chan an va retounen a sila sou li menm li te achte li a, e ki se pwòp mèt teren an.
25 すべてあなたの値積りは聖所のシケルによってしなければならない。二十ゲラを一シケルとする。
Anplis, chak valè ke nou bay va baze sou sik sanktyè a. Sik la va ven gera (yon ventyèm sik la).
26 しかし、家畜のういごは、ういごとしてすでに主のものだから、だれもこれをささげてはならない。牛でも羊でも、それは主のものである。
“‘Malgre sa, yon premye pòtre pami bèt yo, ki se kòm premye ne, se pou SENYÈ a, pèsòn pa pou konsakre li; kit se yon bèf, kit se yon mouton, se pou SENYÈ a.
27 もし汚れた家畜であるならば、あなたの値積りにその五分の一を加えて、その人はこれをあがなわなければならない。もしあがなわないならば、それを値積りに従って売らなければならない。
Men si li pami bèt ki pa pwòp yo, alò li va rachte li selon valè ke nou ba li e mete yon senkyèm anplis; epi si li pa rachte li, alò li va vann li selon valè ke nou ba li a.
28 ただし、人が自分の持っているもののうちから奉納物として主にささげたものは、人であっても、家畜であっても、また相続の畑であっても、いっさいこれを売ってはならない。またあがなってはならない。奉納物はすべて主に属するいと聖なる物である。
“‘Sepandan, nenpòt bagay ke yon nonm mete apa pou SENYÈ a nan tout sa ke li genyen, kit se moun, bèt, oswa chan nan pwòp tè li, li p ap janm vann ni peye ranson. Nenpòt bagay ki dedye pou destriksyon, pi sen pou SENYÈ a.
29 またすべて人のうちから奉納物としてささげられた人は、あがなってはならない。彼は必ず殺されなければならない。
Okenn moun ki vin mete apa pami lèzòm p ap janm peye ranson. Li va asireman vin mete a lanmò.
30 地の十分の一は地の産物であれ、木の実であれ、すべて主のものであって、主に聖なる物である。
“‘Konsa tout dim tè, semans tè, ni fwi nan bwa, se pou SENYÈ a. Li sen pou SENYÈ a.
31 もし人がその十分の一をあがなおうとする時は、それにその五分の一を加えなければならない。
Alò, konsa, si yon moun vle peye ranson yon pati nan dim li, li va mete yon senkyèm sou li.
32 牛または羊の十分の一については、すべて牧者のつえの下を十番目に通るものは、主に聖なる物である。
Paske chak dizyèm pati nan twoupo, oswa nan bann mouton, nenpòt sa ki pase anba baton, dizyèm pati a va sen pou SENYÈ a.
33 その良い悪いを問うてはならない。またそれを取り換えてはならない。もし取り換えたならば、それと、その取り換えたものとは、共に聖なる物となるであろう。それをあがなうことはできない』」。
Li pa konsènan si li bon oswa pa bon, ni li pa pou chanje li. Alò, li menm, ni sa ki ranplase li a, va vin sen. Li pa pou peye ranson.’”
34 これらは主が、シナイ山で、イスラエルの人々のために、モーセに命じられた戒めである。
Sa yo se kòmandman ke SENYÈ a te kòmande Moïse pou fis Israël yo nan mòn Sinai a.

< レビ記 27 >