< レビ記 13 >

1 主はまたモーセとアロンに言われた、
Alò, SENYÈ a te pale Moïse avèk Aaron. Li te di:
2 「人がその身の皮に腫、あるいは吹出物、あるいは光る所ができ、これがその身の皮にらい病の患部のようになるならば、その人を祭司アロンまたは、祭司なるアロンの子たちのひとりのもとに、連れて行かなければならない。
“Lè yon nonm vin gen sou po kò li yon enflamasyon, yon gal, oswa yon tach blanch, e li vin gen yon enfeksyon lalèp sou po kò li, alò, li va pote bay Aaron, prèt la, oswa yon prèt nan fis li yo.
3 祭司はその身の皮の患部を見、その患部の毛がもし白く変り、かつ患部が、その身の皮よりも深く見えるならば、それはらい病の患部である。祭司は彼を見て、これを汚れた者としなければならない。
Prèt la va gade bouton an sou po kò a. Si plim nan enfeksyon an vin blan, e enfeksyon an parèt pi fon ke po kò a, li se yon enfeksyon lalèp. Lè prèt la fin gade li, li va pwononse li pa pwòp.
4 もしまたその身の皮の光る所が白くて、皮よりも深く見えず、また毛も白く変っていないならば、祭司はその患者を七日のあいだ留め置かなければならない。
Men si bouton blan an sou po kò a, men li pa parèt pi fon ke po a, epi plim sou li pa vin blan, alò, prèt la va izole li pandan sèt jou.
5 七日目に祭司はこれを見て、もし患部の様子に変りがなく、また患部が皮に広がっていないならば、祭司はその人をさらに七日のあいだ留め置かなければならない。
Prèt la va gade li nan setyèm jou a. Epi selon sa li wè, si enfeksyon an pa chanje, enfeksyon an pa gaye sou po a, alò, prèt la va fè l izole pandan sèt jou ankò.
6 七日目に祭司は再びその人を見て、患部がもし薄らぎ、また患部が皮に広がっていないならば、祭司はこれを清い者としなければならない。これは吹出物である。その人は衣服を洗わなければならない。そして清くなるであろう。
Prèt la va gade li ankò nan setyèm jou a. Si enfeksyon an ap disparèt, e bouton an pa gaye sou po a, alò prèt la va pwoklame li pwòp. Se sèlman yon gal. Li va lave rad li; li va pwòp.
7 しかし、その人が祭司に見せて清い者とされた後に、その吹出物が皮に広くひろがるならば、再び祭司にその身を見せなければならない。
Men si gal la vin gaye plis sou po a apre li te fin vizite prèt la pou pirifikasyon li, li va parèt ankò devan prèt la.
8 祭司はこれを見て、その吹出物が皮に広がっているならば、祭司はその人を汚れた者としなければならない。これはらい病である。
Prèt la va gade, e si gal la vin gaye sou po a, alò prèt la va pwoklame li pa pwòp. Li se lalèp.
9 もし人にらい病の患部があるならば、その人を祭司のもとに連れて行かなければならない。
“Lè enfeksyon lalèp la sou yon moun, alò, li va vin mennen bay prèt la.
10 祭司がこれを見て、その皮に白い腫があり、その毛も白く変り、かつその腫に生きた生肉が見えるならば、
Prèt la va gade l. Si gen yon enflamasyon blan sou po a, li fè plim li vin blan, e gen maleng nan enflamasyon an,
11 これは古いらい病がその身の皮にあるのであるから、祭司はその人を汚れた者としなければならない。その人は汚れた者であるから、これを留め置くに及ばない。
sa se yon lalèp kwonik sou po kò li. Prèt la va pwoklame li pa pwòp. Li p ap izole li ankò, paske li deja pa pwòp.
12 もしらい病が広く皮に出て、そのらい病が、その患者の皮を頭から足まで、ことごとくおおい、祭司の見るところすべてに及んでおれば、
Si lalèp la vin gaye plis sou po a, e lalèp la kouvri tout po de sila ki gen enfeksyon an soti nan tèt li, jis rive nan pye li, toupatou kote prèt la kab wè,
13 祭司はこれを見、もしらい病がその身をことごとくおおっておれば、その患者を清い者としなければならない。それはことごとく白く変ったから、彼は清い者である。
alò, prèt la va gade, e veye byen, si lalèp la vin kouvri tout kò li, li va pwoklame li pwòp. Li te vin blanch nèt, e koulye a, li vin pwòp.
14 しかし、もし生肉がその人に現れておれば、汚れた者である。
Men nenpòt maleng ki vin parèt sou li, li va vin pa pwòp.
15 祭司はその生肉を見て、その人を汚れた者としなければならない。生肉は汚れたものであって、それはらい病である。
Prèt la va gade maleng lan, e li va pwoklame li pa pwòp. Maleng lan pa pwòp, se lalèp li ye.
16 もしまたその生肉が再び白く変るならば、その人は祭司のもとに行かなければならない。
Oswa, si maleng lan chanje ankò vin tou blanch, alò, li va vini kote prèt la.
17 祭司はその人を見て、もしその患部が白く変っておれば、祭司はその患者を清い者としなければならない。その人は清い者である。
Konsa, prèt la va gade li, e veye byen, si enfeksyon an te vin tou blanch, alò prèt la va pwoklame li pwòp de enfeksyon an. Li pwòp.
18 また身の皮に腫物があったが、直って、
“Si kò a gen yon abse sou po a, e li vin geri,
19 その腫物の場所に白い腫、または赤みをおびた白い光る所があれば、これを祭司に見せなければならない。
epi nan plas abse a, li vin gen yon enflamasyon tou blanch oswa yon tach blanch e wouj fonse, byen vif, li va montre l a prèt la.
20 祭司はこれを見て、もし皮よりも低く見え、その毛が白く変っていれば、祭司はその人を汚れた者としなければならない。それは腫物に起ったらい病の患部だからである。
Prèt la va gade li, e veye byen, si li vin parèt pi fonse ke po a, e plim sou li a vin tou blanch, alò prèt la va pwoklame li pa pwòp. Sa se enfeksyon lalèp, li vin parèt nan abse a.
21 しかし、祭司がこれを見て、もしその所に白い毛がなく、また皮よりも低い所がなく、かえって薄らいでいるならば、祭司はその人を七日のあいだ留め置かなければならない。
Men si prèt la gade li, e veye byen, li pa gen plim blanch ladann, li pa pi fon ke po a, e l ap vin disparèt, alò, prèt la va izole li pandan sèt jou.
22 そしてもし皮に広くひろがっているならば、祭司はその人を汚れた者としなければならない。それは患部だからである。
Si li gaye plis sou po a, alò, prèt la va pwoklame li pa pwòp. Se yon enfeksyon li ye.
23 しかし、その光る所がもしその所にとどまって広がらなければ、それは腫物の跡である。祭司はその人を清い者としなければならない。
Men si tach vif la rete nan plas li, e li pa gaye, se sèlman sikatris abse a. Konsa, prèt la va pwoklame li pwòp.
24 また身の皮にやけどがあって、そのやけどの生きた肉がもし赤みをおびた白、または、ただ白くて光る所となるならば、
“Oubyen, si kò a vin brile nan dife, e maleng brile a vin yon mak vif, blan wouj fonse, oswa blan,
25 祭司はこれを見なければならない。そしてもし、その光る所にある毛が白く変って、そこが皮よりも深く見えるならば、これはやけどに生じたらい病である。祭司はその人を汚れた者としなければならない。これはらい病の患部だからである。
alò, prèt la va gade li. Epi si plim nan mak vif la vin tou blanch e parèt pi fonse ke chè a, sa se lalèp. Li vin parèt nan kote ki brile a. Konsa, prèt la va pwoklame li pa pwòp. Sa se yon enfeksyon lalèp.
26 けれども祭司がこれを見て、その光る所に白い毛がなく、また皮よりも低い所がなく、かえって薄らいでいるならば、祭司はその人を七日のあいだ留め置き、
Men si prèt la gade li, e vrèman, pa gen plim blan nan mak vif la e li pa pi fon ke po a, men li vin pal; alò, prèt la va izole li pandan sèt jou.
27 七日目に祭司は彼を見なければならない。もし皮に広くひろがっているならば、祭司はその人を汚れた者としなければならない。これはらい病の患部だからである。
Epi prèt la va gade li nan setyèm jou a. Si li gaye plis sou po a, alò, prèt la va pwoklame li pa pwòp. Sa se yon enfeksyon lalèp.
28 もしその光る所が、その所にとどまって、皮に広がらずに、かえって薄らいでいるならば、これはやけどの腫である。祭司はその人を清い者としなければならない。これはやけどの跡だからである。
Men si mak vif la toujou rete nan plas li, e li pa gaye nan po a, men li vin pal, sa se sèlman enflamasyon ki soti nan brile a, epi prèt la va pwoklame li pwòp, paske se sèlman sikatris brile a.
29 男あるいは女がもし、頭またはあごに患部が生じたならば、
“Alò, si yon nonm oswa yon fanm gen yon enfeksyon nan tèt oswa nan bab,
30 祭司はその患部を見なければならない。もしそれが皮よりも深く見え、またそこに黄色の細い毛があるならば、祭司はその人を汚れた者としなければならない。それはかいせんであって、頭またはあごのらい病だからである。
alò, prèt la va gade enfeksyon an. Si li parèt pi fonse pase po a e li vin gen yon ti plim avèk yon koulè jon, alò prèt la va pwoklame li pa pwòp. Li se yon kal. Sa se lalèp nan tèt oubyen nan bab.
31 また祭司がそのかいせんの患部を見て、もしそれが皮よりも深く見えず、またそこに黒い毛がないならば、祭司はそのかいせんの患者を七日のあいだ留め置き、
Men si prèt la gade enfeksyon kal la, e vrèman, li parèt pi fonse ke po a, e nanpwen plim nwa ladann, alò, prèt la va izole moun avèk enfeksyon kal la pandan sèt jou.
32 七日目に祭司はその患部を見なければならない。そのかいせんがもし広がらず、またそこに黄色の毛がなく、そのかいせんが皮よりも深く見えないならば、
Nan setyèm jou a, prèt la va gade enfeksyon an; epi si kal la pa gaye pi lwen, li pa gen ti plim jon ki grandi ladann, e li pa sanble ke kal la pi fonse ke po a,
33 その人は身をそらなければならない。ただし、そのかいせんをそってはならない。祭司はそのかいせんのある者をさらに七日のあいだ留め置き、
answit, li va pase razwa sou li, men pa sou kal la; epi prèt la va izole moun avèk kal la pandan sèt jou anplis.
34 七日目に祭司はそのかいせんを見なければならない。もしそのかいせんが皮に広がらず、またそれが皮よりも深く見えないならば、祭司はその人を清い者としなければならない。その人はまたその衣服を洗わなければならない。そして清くなるであろう。
Answit, nan setyèm jou a, prèt la va gade kal la, si kal la pa gaye nan po a, e li pa parèt pi fonse ke po a, prèt la va pwoklame li pwòp. Li va lave rad li, e li va vin pwòp.
35 しかし、もし彼が清い者とされた後に、そのかいせんが、皮に広くひろがるならば、
Men si kal la vin gaye plis sou po a apre pirifikasyon li,
36 祭司はその人を見なければならない。もしそのかいせんが皮に広がっているならば、祭司は黄色の毛を捜すまでもなく、その人は汚れた者である。
alò, prèt la va gade li, e si kal la ap gaye nan po a, prèt la pa bezwen chèche plim jon nan. Li pa pwòp.
37 しかし、もしそのかいせんの様子に変りなく、そこに黒い毛が生じているならば、そのかいせんは直ったので、その人は清い。祭司はその人を清い者としなければならない。
Si nan zye li, kal la rete, malgre sa, plim nwa yo vin grandi ladann, kal la vin geri, li pwòp. Konsa, prèt la va pwoklame li pwòp.
38 また男あるいは女がもし、その身の皮に光る所、すなわち白い光る所があるならば、
“Lè yon nonm oswa yon fanm gen mak vif sou po kò a, menm mak tou blanch,
39 祭司はこれを見なければならない。もしその身の皮の光る所が、鈍い白であるならば、これはただ白せんがその皮に生じたのであって、その人は清い。
alò prèt la va gade, e si mak vif sou po kò yo se blan pal, se sèlman ekzema ki parèt sou po a. Li pwòp.
40 人がもしその頭から毛が抜け落ちても、それがはげならば清い。
“Alò, si yon nonm pèdi cheve nan tèt li, li vin chòv. Li pwòp.
41 もしその額の毛が抜け落ちても、それが額のはげならば清い。
Si tèt li vin kale pa devan e sou kote, li chòv pa devan. Li pwòp.
42 けれども、もしそのはげ頭または、はげ額に赤みをおびた白い患部があるならば、それはそのはげ頭または、はげ額にらい病が発したのである。
Men si nan tèt chòv la oswa nan fwontèn chòv la, vin rete yon enfeksyon koulè blan— wouj fonse, sa se lalèp k ap parèt sou tèt chòv li oswa fwontèn chòv li a.
43 祭司はこれを見なければならない。もしそのはげ頭または、はげ額の患部の腫が白く赤みをおびて、身の皮にらい病があらわれているならば、
Answit, prèt la va gade li. Konsa, si enflamasyon enfeksyon an blan-wouj fonse sou tèt chòv oswa sou fwontèn chòv li, tankou aparans lalèp sou po kò a,
44 その人はらい病に冒された者であって、汚れた者である。祭司はその人を確かに汚れた者としなければならない。患部が頭にあるからである。
li se yon moun lalèp. Li pa pwòp. Prèt la va vrèman pwoklame li pa pwòp. Enfeksyon li sou tèt li a.
45 患部のあるらい病人は、その衣服を裂き、その頭を現し、その口ひげをおおって『汚れた者、汚れた者』と呼ばわらなければならない。
Pou moun lalèp ki gen enfeksyon an, fòk li mete rad chire, e lese cheve nan tèt li san penyen. Li va kouvri moustach li e kriye: ‘Pa pwòp, pa pwòp.’
46 その患部が身にある日の間は汚れた者としなければならない。その人は汚れた者であるから、離れて住まなければならない。すなわち、そのすまいは宿営の外でなければならない。
Li va rete pa pwòp pandan tout jou ke enfeksyon an dire yo. Li pa pwòp. Li va abite izole pou kont li. Li gen pou rete deyò kan an.
47 また衣服にらい病の患部が生じた時は、それが羊毛の衣服であれ、亜麻の衣服であれ、
“Lè yon vètman vin gen lalèp kanni, kit se twal len nèt kit se twal len fen,
48 あるいは亜麻または羊毛の縦糸であれ、横糸であれ、あるいは皮であれ、皮で作ったどのような物であれ、
kit li tise, kit li trikote avèk len nèt oswa avèk len fen, kit se an kwi oswa an okenn bagay ki fèt an kwi,
49 もしその衣服あるいは皮、あるいは縦糸、あるいは横糸、あるいは皮で作ったどのような物であれ、その患部が青みをおびているか、あるいは赤みをおびているならば、これはらい病の患部である。これを祭司に見せなければならない。
si mak la tou vèt oswa wouj nan vètman an, kit se an kwi, oswa an tise ou trikote, oswa an okenn bagay an kwi, li se yon mak lalèp kanni, e fòk li vin montre bay prèt la.
50 祭司はその患部を見て、その患部のある物を七日のあいだ留め置き、
Alò, prèt la va gade mak la e li va izole bagay avèk mak la pandan sèt jou.
51 七日目に患部を見て、もしその衣服、あるいは縦糸、あるいは横糸、あるいは皮、またどのように用いられている皮であれ、患部が広がっているならば、その患部は悪性のらい病であって、それは汚れた物である。
Konsa, li va gade mak la nan setyèm jou a. Si mak la vin gaye sou rad la nan tise a, oswa trikote a, oswa an kwi oubyen nenpòt bagay ke kwi a sèvi, mak la se lalèp kanni, e li se yon maleng. Li pa pwòp.
52 彼はその患部のある衣服、あるいは羊毛、または亜麻の縦糸、または横糸、あるいはすべて皮で作った物を焼かなければならない。これは悪性のらい病であるから、その物を火で焼かなければならない。
Pou sa, li va brile rad la, kit an tise, oswa an trikote, oswa an len nèt, an len fen, oubyen nenpòt bagay an kwi kote mak la parèt, paske li se lalèp kanni maleng. Li va brile nan dife.
53 しかし、祭司がこれを見て、もし患部がその衣服、あるいは縦糸、あるいは横糸、あるいはすべて皮で作った物に広がっていないならば、
“Men si prèt la ta gade, e vrèman, mak la pa gaye nan vètman an, ni nan tise a, ni nan trikote a, ni nan bagay an kwi a,
54 祭司は命じて、その患部のある物を洗わせ、さらに七日の間これを留め置かなければならない。
alò, prèt la va pase lòd pou lave bagay ki te gen mak la e li va vin izole li pandan sèt jou anplis.
55 そしてその患部を洗った後、祭司はそれを見て、もし患部の色が変らなければ、患部が広がらなくても、それは汚れた物である。それが表にあっても裏にあっても腐れであるから、それを火で焼かなければならない。
Lè bagay la avèk mak la fin lave, prèt la va gade ankò, e si mak la pa chanje aparans li, malgre mak la pa gaye, li pa pwòp. Nou va brile li nan dife, menm si li epwize pa anwo oswa pa devan li.
56 しかし、祭司がこれを見て、それを洗った後に、その患部が薄らいだならば、その衣服、あるいは皮、あるいは縦糸、あるいは横糸から、それを切り取らなければならない。
Alò, si prèt la gade e mak la vin mwens, li va chire e retire li nan vètman an, oswa an kwi a, kit se nan tise, kit se nan trikote a;
57 しかし、なおその衣服、あるいは縦糸、あるいは横糸、あるいはすべて皮で作った物にそれが現れれば、それは再発したのである。その患部のある物を火で焼かなければならない。
epi si li parèt ankò nan vètman an, kit se nan tise a, oswa nan trikote a, oswa nan nenpòt bagay ki fèt an kwi, sa se yon epidemi lalèp kanni. Bagay la avèk mak la va brile nan dife.
58 また洗った衣服、あるいは縦糸、あるいは横糸、あるいはすべて皮で作った物から、患部が消え去るならば、再びそれを洗わなければならない。そうすれば清くなるであろう」。
Vètman an, kit se nan tise, oswa nan trikote, oswa nan nenpòt bagay ki fèt an kwi kote mak la te sòti lè nou te lave li a, li va konsa lave yon dezyèm fwa e li va vin pwòp.”
59 これは羊毛または亜麻の衣服、あるいは縦糸、あるいは横糸、あるいはすべて皮で作った物に生じるらい病の患部について、それを清い物とし、または汚れた物とするためのおきてである。
Sa se lalwa pou mak lalèp kanni nan yon vètman an len nèt, oswa len fen, oswa an tise, oswa an trikote, oswa an nenpòt bagay ki fèt an kwi, pou pwoklame li pwòp oswa pa pwòp.

< レビ記 13 >