< 士師記 18 >

1 そのころイスラエルには王がなかった。そのころダンびとの部族はイスラエルの部族のうちにあって、その日までまだ嗣業の地を得なかったので自分たちの住むべき嗣業の地を求めていた。
Nan jou sa yo, pa t gen wa an Israël. Epi nan jou sa yo tribi a Danit yo t ap chache yon eritaj kote pou yo menm ta viv ladann; paske jis rive nan jou sa a, tiraj osò eritaj la potko tonbe pou yo kòm posesyon pami tribi Israël yo.
2 それでダンの人々は自分の部族の総勢のうちから、勇者五人をゾラとエシタオルからつかわして土地をうかがい探らせた。すなわち彼らに言った、「行って土地を探ってきなさい」。彼らはエフライムの山地に行き、ミカの家に着いて、そこに宿ろうとした。
Pou sa, fis a Dan yo te ranvoye sòti nan fanmi pa yo, senk mesye ki sòti nan yo tout, mesye vanyan ki sòti Tsorea avèk Eschthaol, pou fè ankèt nan teren an e egzamine li. Konsa yo te di yo: “Ale fè rechèch teren an.” Epi yo te vin rive nan peyi ti mòn Ephraïm yo, kote lakay Mica, pou te loje la.
3 彼らがミカの家に近づいたとき、レビびとである若者の声を聞きわけたので、身をめぐらしてそこにはいって彼に言った、「だれがあなたをここに連れてきたのですか。あなたはここで何をしているのですか。ここになんの用があるのですか」。
Lè yo te vin toupre lakay Mica, yo te rekonèt vwa a jennonm nan, Levit la; epi yo te vire akote la e te di li: “Se kilès ki te mennen ou isit la? Epi kisa w ap fè nan kote sa a? Epi kisa ou gen isit la?”
4 若者は彼らに言った、「ミカが、かようかようにしてわたしを雇ったので、わたしはその祭司となったのです」。
Li te di yo: “Men tèl bagay ak tèl bagay Mica te fè m, e li te anplwaye m, epi mwen te vin prèt li.”
5 彼らは言った、「どうぞ、神に伺って、われわれが行く道にしあわせがあるかどうかを知らせてください」。
Yo te di li: “Souple, mande Bondye pou nou kab konnen si vwayaj ke nou ap pran an va byen reyisi.”
6 その祭司は彼らに言った、「安心して行きなさい。あなたがたが行く道は主が見守っておられます」。
Prèt la te di yo: “Ale anpè. Bondye dakò avèk vwayaj ke nou ap fè a.”
7 そこで五人の者は去ってライシに行き、そこにいる民を見ると、彼らは安らかに住まい、その穏やかで安らかなことシドンびとのようであって、この国には一つとして欠けたものがなく、富を持ち、またシドンびとと遠く離れており、ほかの民と交わることがなかった。
Alò, senk mesye yo te pati pou te rive Laïs e te wè pèp la t ap viv an sekirite, nan fason a Sidonyen yo, anpè avèk sekirite. Paske pa t gen okenn chèf ki t ap imilye yo pou anyen nan peyi a, yo te lwen Sidonyen yo e yo pa t gen okenn relasyon avèk lòt moun.
8 かくて彼らがゾラとエシタオルにおる兄弟たちのもとに帰ってくると、兄弟たちは彼らに言った、「いかがでしたか」。
Lè yo te retounen vè frè yo Tsorea ak Eschthaol, frè yo te di yo: “Kisa ou di?”
9 彼らは言った、「立って彼らのところに攻め上りましょう。われわれはかの地を見たが、非常に豊かです。あなたがたはなぜじっとしているのですか。ためらわずに進んで行って、かの地を取りなさい。
Yo te di: “Leve e annou monte kont yo; paske nou te wè peyi a e vwala, li trè bon. Epi ankò, èske w ap chita anplas toujou? Pa pèdi tan pou antre posede peyi a.
10 あなたがたが行けば、安らかにおる民の所に行くでしょう。その地は広く、神はそれをあなたがたの手に賜わるのです。そこには地にあるもの一つとして欠けているものはありません」。
Lè ou antre, ou va rive sou yon pèp ki an sekirite avèk yon peyi ase vast. Paske Bondye te mete li nan men ou, yon plas ki pa manke anyen ki sou latè.”
11 そこでダンの氏族のもの六百人が武器を帯びて、ゾラとエシタオルを出発し、
Alò, soti nan fanmi Danit yo, soti Tsorea avèk Eschthaol, sis-san lòm avèk tout zam lagè yo te pati.
12 上って行ってユダのキリアテ・ヤリムに陣を張った。このゆえに、その所は今日までマハネダンと呼ばれる。それはキリアテ・ヤリムの西にある。
Yo te monte pou te fè kan nan Kirjath-Jearim nan Juda. Pou sa, yo te rele plas sa a Machané-Dan jis rive jodi a. Tande byen, li vè lwès a Kirjath-Jearim.
13 彼らはそこからエフライムの山地に進み、ミカの家に着いた。
Yo te pase soti la nan peyi ti kolin Ephraïm yo pou te rive lakay Mica.
14 かのライシの国をうかがいに行った五人の者はその兄弟たちに言った、「あなたがたはこれらの家にエポデとテラピムと刻んだ像と鋳た像のあるのを知っていますか。それであなたがたは今、なすべきことを決めなさい」。
Epi senk mesye ki te pase fè espyonaj nan peyi Laïs la te di a moun fanmi pa yo: “Èske nou konnen ke genyen nan kay sa yo yon efòd avèk zidòl lakay yo, avèk yon imaj taye ak yon imaj fonn? Pou sa, konsidere kisa ou ta dwe fè.”
15 そこで彼らはその方へ身をめぐらして、かのレビびとの若者の家すなわちミカの家に行って、彼に安否を問うた。
Yo te vire akote la e te rive nan kay a jennonm nan, Levit la, lakay Mica e te mande li si tout bagay ale byen pou li.
16 しかし武器を帯びた六百人のダンの人々は門の入口に立っていた。
Sis-san lòm ame avèk zam lagè, ki te pou fis a Dan yo, te kanpe akote antre pòtay la.
17 かの土地をうかがいに行った五人の者は上って行って、そこにはいり、刻んだ像とエポデとテラピムと鋳た像とを取ったが、祭司は武器を帯びた六百人の者と共に門の入口に立っていた。
Alò, senk mesye ki te ale fè espyonaj peyi a te pwoche, yo te antre la pou te pran imaj taye avèk efòd la ak imaj lakay yo ak imaj fonn nan, pandan prèt la te kanpe nan antre pòtay la avèk sis-san lòm ki te ame avèk zam lagè yo.
18 彼らがミカの家にはいって刻んだ像とエポデとテラピムと鋳た像とを取った時、祭司は彼らに言った、「あなたがたは何をなさいますか」。
Lè moun sila yo te antre lakay Mica pou te pran imaj taye a, efòd la avèk zidòl lakay yo a, avèk imaj fonn nan, prèt la te di yo: “Kisa nou ap fè la a?”
19 彼らは言った、「黙りなさい。あなたの手を口にあてて、われわれと一緒にきて、われわれのために父とも祭司ともなりなさい。ひとりの家の祭司であるのと、イスラエルの一部族、一氏族の祭司であるのと、どちらがよいですか」。
Yo te di li: “Pe la, mete men sou bouch ou e vini avèk nou pou devni pou nou yon papa, ak yon prèt. Èske li pi bon pou ou pou fè prèt lakay a yon sèl moun, oswa devni prèt a yon tribi e yon fanmi an Israël?”
20 祭司は喜んで、エポデとテラピムと刻んだ像とを取り、民のなかに加わった。
Kè a prèt la te kontan. Li te pran efòd la avèk zidòl lakay yo a, imaj taye a e te li ale pami pèp la.
21 かくて彼らは身をめぐらして去り、その子供たちと家畜と貨財をさきにたてて進んだが、
Yo te vire sòti pou te mete pitit yo avèk tout bèt yo avèk byen yo ranmase devan yo.
22 ミカの家をはるかに離れたとき、ミカは家に近い家の人々を集め、ダンの人々に追いつき、
Lè yo te fè yon sèten distans soti lakay Mica, mesye ki te nan kay toupre lakay Mica yo te rasanble yo pou te vin jwenn fis a Dan yo.
23 ダンの人々を呼んだので、彼らはふり向いてミカに言った、「あなたがそのように仲間を連れてきたのは、どうしたのですか」。
Yo te kriye sou fis a Dan yo e yo te vire di Mica: “Kisa nou genyen nou vin rasanble konsa?”
24 彼は言った、「あなたがたが、わたしの造った神々および祭司を奪い去ったので、わたしに何が残っていますか。しかるにあなたがたがわたしに向かって『どうしたのですか』と言われるとは何事ですか」。
Li te di: “Nou fin pran dye ke m te fè yo, avèk prèt la e sòti; epi kisa mwen genyen plis ke sa? Kijan nou kab di mwen: ‘Kisa ou genyen?’”
25 ダンの人々は彼に言った、「あなたは大きな声を出さないがよい。気の荒い連中があなたに撃ちかかって、あなたは自分の命と家族の命を失うようになるでしょう」。
Fis a Dan yo te di li: “Pa kite vwa ou tande pami nou, oswa mesye fewòs yo va vin tonbe sou ou e ou va pèdi lavi ou avèk lavi tout lakay ou.”
26 こうしてダンの人々は去って行ったが、ミカは彼らの強いのを見て、くびすをかえして自分の家に帰った。
Konsa, fis a Dan yo te fè wout yo. Epi lè Mica te wè ke yo te twò fò pou li, li te vire retounen lakay li.
27 さて彼らはミカが造った物と、ミカと共にいた祭司とを奪ってライシにおもむき、穏やかで、安らかな民のところへ行って、つるぎをもって彼らを撃ち、火をつけてその町を焼いたが、
Epi yo te pran sa ke Mica te fè yo, avèk prèt ki te pou li a, e yo te vini bò kote Laïs, a yon pèp ki te pezib e an sekirite. Yo te frape yo avèk lam nepe; e yo te brile vil la avèk dife.
28 シドンを遠く離れており、ほかの民との交わりがなかったので、それを救うものがなかった。その町はベテレホブに属する谷にあった。彼らは町を建てなおしてそこに住み、
Pa t gen pèsòn pou sove yo akoz li te lwen Sidon e yo pa t gen relasyon avèk okenn lòt pèp. Li te nan vale ki te toupre Beth-Rehob la. Konsa, yo te rebati vil la pou te viv ladann.
29 イスラエルに生れた先祖ダンの名にしたがって、その町の名をダンと名づけた。その町の名はもとはライシであった。
Yo te rele vil la Dan, menm non a Dan, papa ki te fèt an Israël yo. Men avan sa, non a vil sa a se te Laïs.
30 そしてダンの人々は刻んだ像を自分たちのために安置し、モーセの孫すなわちゲルショムの子ヨナタンとその子孫がダンびとの部族の祭司となって、国が捕囚となる日にまで及んだ。
Fis a Dan yo te fè monte pou kont yo, menm imaj taye a; epi Jonathan, fis a Guerschom lan, fis a Manassé a, li menm avèk fis li yo te prèt pou tribi Danit la jis rive jou ke peyi a te vin pran an kaptivite a.
31 神の家がシロにあったあいだ、常に彼らはミカが造ったその刻んだ像を飾って置いた。
Alò, konsa, yo te monte pou kont yo imaj taye ki te pou Mica a, ke li menm te fè, pandan tout tan ke kay Bondye a te nan Silo a.

< 士師記 18 >