< 士師記 11 >

1 さてギレアデびとエフタは強い勇士であったが遊女の子で、エフタの父はギレアデであった。
Alò, Jephthé, Galaadit la, te yon gèrye plen kouraj. Li te fis a yon pwostitiye. Galaad se te papa a Jephté
2 ギレアデの妻も子供を産んだが、その妻の子供たちが成長したとき、彼らはエフタを追い出して彼に言った、「あなたはほかの女の産んだ子だから、わたしたちの父の家を継ぐことはできません」。
Madanm a Galaad te ba li fis yo; epi lè fis sa yo te vin grandi, yo te kouri dèyè Jephthé, mete li deyò e te di li: “Ou p ap fè eritaj lakay papa nou, paske ou se fis a yon lòt fanm.”
3 それでエフタはその兄弟たちのもとから逃げ去って、トブの地に住んでいると、やくざ者がエフタのもとに集まってきて、彼と一緒に出かけて略奪を事としていた。
Konsa, Jephthé te sove ale devan frè li yo, pou li te viv nan peyi Tob la. Sanzave yo te rasanble yo antoure Jephthé e yo te konn ale andeyò avèk li.
4 日がたって後、アンモンの人々はイスラエルと戦うことになり、
Li te vin rive apre yon tan ke fis Ammon yo te goumen kont Israël.
5 アンモンの人々がイスラエルと戦ったとき、ギレアデの長老たちは行ってエフタをトブの地から連れてこようとして、
Lè fis Ammon yo te goumen kont Israël, ansyen nan Galaad yo te ale jwenn Jephthé nan peyi Tob la.
6 エフタに言った、「きて、わたしたちの大将になってください。そうすればわたしたちはアンモンの人々と戦うことができます」。
Konsa, yo te di a Jephthé: “Vin fè chèf sou nou pou nou kab goumen kont fis Ammon yo.”
7 エフタはギレアデの長老たちに言った、「あなたがたはわたしを憎んで、わたしの父の家から追い出したではありませんか。しかるに今あなたがたが困っている時とはいえ、わたしのところに来るとはどういうわけですか」。
Jephthé te reponn a ansyen Galaad yo: “Èske nou pa t rayi mwen e chase mwen lwen lakay papa m? Poukisa, koulye a, nou vin devan m lè nou nan pwoblèm nan?”
8 ギレアデの長老たちはエフタに言った、「それでわたしたちは今、あなたに帰ったのです。どうぞ、わたしたちと一緒に行って、アンモンの人々と戦ってください。そしてわたしたちとギレアデに住んでいるすべてのものとのかしらになってください」。
Ansyen Galaad yo te di a Jephthé: “Se pou rezon sa a ke nou gen tan retounen bò kote ou, pou ou kapab ale avèk nou, goumen avèk fis Ammon yo e vin chèf sou tout pèp Galaad la.”
9 エフタはギレアデの長老たちに言った、「もしあなたがたが、わたしをつれて帰って、アンモンの人々と戦わせるとき、主が彼らをわたしにわたされるならば、わたしはあなたがたのかしらとなりましょう」。
Pou sa, Jephthé te di a ansyen Galaad yo: “Si nou reprann mwen pou m kab goumen kont fis Ammon yo, epi SENYÈ a livre yo nan men m, èske mwen va devni chèf an tèt nou?”
10 ギレアデの長老たちはエフタに言った、「主はあなたとわたしたちの間の証人です。わたしたちは必ずあなたの言われるとおりにしましょう」。
Ansyen a Galaad yo te di a Jephthé: “SENYÈ a se temwen antre nou. Anverite, nou va fè sa ou mande nou fè a.”
11 そこでエフタはギレアデの長老たちと一緒に行った。民は彼を立てて自分たちのかしらとし、大将とした。それでエフタはミヅパで、自分の言葉をことごとく主の前に述べた。
Konsa, Jephthé te ale avèk ansyen Galaad yo, e pèp la te fè li chèf sou yo. Konsa, Jephthé te pale tout pawòl li yo devan SENYÈ a nan Mitspa.
12 かくてエフタはアンモンの人々の王に使者をつかわして言った、「あなたはわたしとなんのかかわりがあって、わたしのところへ攻めてきて、わたしの国と戦おうとするのですか」。
Jephthé te voye mesaje a wa a fis Ammon yo. Li te di: “Kisa ki gen antre ou menm avèk mwen menm, pou nou vin kote m pou goumen kont peyi mwen?”
13 アンモンの人々の王はエフタの使者に答えた、「昔、イスラエルがエジプトから上ってきたとき、アルノンからヤボクに及び、またヨルダンに及ぶわたしの国を奪い取ったからです。それゆえ今、穏やかにそれを返しなさい」。
Wa a fis Ammon yo te di a mesaje Jephthé yo: “Akoz Israël te pran peyi mwen lè yo te vin monte sòti an Egypte, jis soti nan Arnon pou rive Jabbok avèk Jourdain an. Konsa, remèt mwen yo koulye a, nan lapè.”
14 エフタはまた使者をアンモンの人々の王につかわして、
Men Jephthé te voye mesaje yo ankò vè wa a fis Ammon yo.
15 言わせた、「エフタはこう申します、『イスラエルはモアブの地も、またアンモンの人々の地も取りませんでした。
Li te di li yo: “Konsa pale Jephthé: “Israël pa t pran peyi Moab, ni peyi fis Ammon yo.
16 イスラエルはエジプトから上ってきたとき、荒野をとおって紅海にいたり、カデシにきました。
Paske, lè yo te monte sòti an Egypte, Israël te pase nan dezè a pou rive nan Lamè Wouj e te vin Kadès.
17 そしてイスラエルは使者をエドムの王につかわして「どうぞ、われわれにあなたの国を通らせてください」と言わせましたが、エドムの王は聞きいれませんでした。また同じように人をモアブの王につかわしたが、彼も承諾しなかったので、イスラエルはカデシにとどまりました。
Alò, Israël te voye mesaje yo vè wa Édom an, pou te di: ‘Souple, lese nou travèse peyi nou an,’ men wa a Édom an te refize koute. Ankò, yo te voye wa Moab la, men li pa t dakò. Konsa, Israël te rete Kadès.
18 それから荒野をとおって、エドムの地とモアブの地を回り、モアブの地の東部に達し、アルノンの向こうに宿営しましたがモアブの領域には、はいりませんでした。アルノンはモアブの境だからです。
Epi yo te pase nan dezè a pou evite peyi Édom avèk Moab la. Yo te rive nan lizyè lès a Moab la e yo te fè kan an lòtbò Arnon an, men yo pa t antre nan teren Moab la, paske Arnon an se te lizyè Moab.
19 次にイスラエルはヘシボンの王すなわちアモリびとの王シホンに使者をつかわし、シホンに向かって「どうぞ、われわれにあなたの国をとおって、われわれの目的地へ行かせてください」と言わせました。
Konsa, Israël te voye mesaje a Sihon yo, wa Amoreyen yo, ak wa a Hesbon an. Israël te di li: “Souple, kite nou pase nan teritwa pa ou a pou rive nan plas nou.”
20 ところがシホンはイスラエルを信ぜず、その領域を通らせないばかりか、かえってすべての民を集めてヤハヅに陣を取り、イスラエルと戦いましたが、
Men Sihon pa t mete konfyans an Israël pou pase nan teritwa pa li a. Pou sa, Sihon te ranmase tout pèp li a, e te fè kan nan Jahats pou te goumen avèk Israël.
21 イスラエルの神、主はシホンとそのすべての民をイスラエルの手にわたされたので、イスラエルは彼らを撃ち破って、その土地に住んでいたアモリびとの地をことごとく占領し、
SENYÈ a, Bondye a Israël la, te meteSihon avèk tout pèp li a nan men Israël la, e yo te genyen yo. Konsa, Israël la te vin posede tout teren a Amoreyen yo, pèp a peyi sila yo.
22 アルノンからヤボクまでと、荒野からヨルダンまで、アモリびとの領域をことごとく占領しました。
Epi yo te vin posede tout teren a Amoreyen yo, soti nan Arnon an, jis rive nan Jabbok la, e soti nan dezè a jis rive nan Jourdain an.
23 このようにイスラエルの神、主はその民イスラエルの前からアモリびとを追い払われたのに、あなたはそれを取ろうとするのですか。
Depi alò, SENYÈ a te chase Amoreyen yo, Li te fè yo sòti nan teren an devan pèp Israël la, èske koulye a, ou menm ap vin antre pou posede li?
24 あなたは、あなたの神ケモシがあなたに取らせるものを取らないのですか。われわれはわれわれの神、主がわれわれの前から追い払われたものの土地を取るのです。
Èske nou pa posede deja sa ke Kemosch, dye pa nou an, te bannou pou posede a? Konsa nenpòt sa ke SENYÈ a te chase devan nou, nou va posede li.
25 あなたはモアブの王チッポルの子バラクにまさる者ですか。バラクはかつてイスラエルと争ったことがありますか。かつて彼らと戦ったことがありますか。
Alò, èske ou pi bon ke Balak, fis a Tsippor a, wa Moab la? Èske li te janm fè traka pou Israël, oswa èske li te janm goumen kont yo?
26 イスラエルはヘシボンとその村里に住み、またアロエルとその村里およびアルノンの岸に沿うすべての町々に住むこと三百年になりますが、あなたがたはどうしてその間にそれを取りもどさなかったのですか。
Pandan Israël te rete Hesbon avèk bouk pa li yo, nan Aroër avèk bouk pa li yo ak nan vil ki arebò Arnon an, pandan twa-san ane, poukisa nou pa t rekouvri yo pandan tan sa a?
27 わたしはあなたに何も悪い事をしたこともないのに、あなたはわたしと戦って、わたしに害を加えようとします。審判者であられる主よ、どうぞ、きょう、イスラエルの人々とアンモンの人々との間をおさばきください』」。
Konsa, mwen pa t peche kont nou, men nou te fè m tò lè nou te fè lagè kont mwen. Ke SENYÈ a, Jij la, jije jodi a antre fis Israël yo ak fis a Ammon yo.”
28 しかしアンモンの人々の王はエフタが言いつかわした言葉をききいれなかった。
Men wa a fis Ammon yo te refize koute mesaj ke Jephthé te voye ba li a.
29 時に主の霊がエフタに臨み、エフタはギレアデおよびマナセをとおって、ギレアデのミヅパに行き、ギレアデのミヅパから進んでアンモンの人々のところに行った。
Alò, Lespri SENYÈ a te vini sou Jephthé. Li te pase travèse Galaad avèk Manassé, epi li te pase travèse Mitspé nan Galaad pou te rive vè fis Ammon yo.
30 エフタは主に誓願を立てて言った、「もしあなたがアンモンの人々をわたしの手にわたされるならば、
Jephthé te fè yon ve bay SENYÈ a, e te di: “Si Ou va vrèman ban mwen fis Ammon yo nan men m,
31 わたしがアンモンの人々に勝って帰るときに、わたしの家の戸口から出てきて、わたしを迎えるものはだれでも主のものとし、その者を燔祭としてささげましょう」。
konsa, li va rive ke nenpòt sa ki sòti nan pòt lakay mwen pou rankontre mwen lè m retounen anpè soti nan fis Ammon yo, li va pou SENYÈ a. Epi mwen va ofri li kòm yon ofrann brile.”
32 エフタはアンモンの人々のところに進んで行って、彼らと戦ったが、主は彼らをエフタの手にわたされたので、
Konsa, Jephthé te travèse vè fis Ammon yo pou goumen kont yo; epi SENYÈ a te mete yo nan men li.
33 アロエルからミンニテの附近まで、二十の町を撃ち敗り、アベル・ケラミムに至るまで、非常に多くの人を殺した。こうしてアンモンの人々はイスラエルの人々の前に攻め伏せられた。
Li te frape yo avèk yon trè gran masak soti nan Aroër jis rive nan antre Minnith, ven vil e jis rive nan Abel-Keramim. Konsa, fis Ammon yo te jete ba devan fis Israël yo.
34 やがてエフタはミヅパに帰り、自分の家に来ると、彼の娘が鼓をもち、舞い踊って彼を出迎えた。彼女はエフタのひとり子で、ほかに男子も女子もなかった。
Lè Jephthé te rive vè kay li nan Mitspa, men vwala, fi li a te vin parèt pou rankontre li avèk tanbouren ak dans. Alò, li te sèl pitit li. Sof ke li menm, li pa t gen ni fis ni fi.
35 エフタは彼女を見ると、衣を裂いて言った、「ああ、娘よ、あなたは全くわたしを打ちのめした。わたしを悩ますものとなった。わたしが主に誓ったのだから改めることはできないのだ」。
Lè li te wè li, li te chire rad li e te di: “Anmwey, pitit mwen, ou mete m ba nèt e ou pami sila yo ki twouble m yo. Paske, mwen te bay pawòl mwen a SENYÈ a, e mwen p ap kab reprann li.”
36 娘は言った、「父よ、あなたは主に誓われたのですから、主があなたのために、あなたの敵アンモンの人々に報復された今、あなたが言われたとおりにわたしにしてください」。
Konsa li te di li: “Papa m, ou te bay pawòl ou a SENYÈ a. Fè avè m sa ou te di a, akoz SENYÈ a te fè vanjans sou lènmi ou yo, fis a Ammon yo.”
37 娘はまた父に言った、「どうぞ、この事をわたしにさせてください。すなわち二か月の間わたしをゆるし、友だちと一緒に行って、山々をゆきめぐり、わたしの処女であることを嘆かせてください」。
Li te di a papa li: “Sèlman, kite bagay sa a fèt; lese mwen pou kont mwen pandan de mwa, pou mwen kapab ale nan mòn yo pou m kab kriye akoz ke m toujou vyèj, mwen menm avèk zami mwen yo.
38 エフタは「行きなさい」と言って、彼女を二か月の間、出してやった。彼女は友だちと一緒に行って、山の上で自分の処女であることを嘆いたが、
Epi li te reponn: “Ale.” Konsa, li te voye li sòti pandan de mwa. Li te ale avèk zanmi li yo pou te kriye sou mòn yo akoz li te vyèj.
39 二か月の後、父のもとに帰ってきたので、父は誓った誓願のとおりに彼女におこなった。彼女はついに男を知らなかった。
Nan fen de mwa yo, li te retounen vè papa li ki te aji ak li selon ve ke li te fè a. Li pa t gen relasyon avèk gason. Konsa, sa te vin yon koutim an Israël,
40 これによって年々イスラエルの娘たちは行って、年に四日ほどギレアデびとエフタの娘のために嘆くことがイスラエルのならわしとなった。
pou fi a Israël yo te ale chak ane pandan kat jou an memwa fi Jephthé la, Galaadit la.

< 士師記 11 >