< ヨブ 記 40 >

1 主はまたヨブに答えて言われた、
Anplis, SENYÈ a te di a Job:
2 「非難する者が全能者と争おうとするのか、神と論ずる者はこれに答えよ」。
“Èske li k ap jwenn fot va fè kont ak Tou Pwisan an? Kite li ki repwòche Bondye reponn sa.”
3 そこで、ヨブは主に答えて言った、
Konsa, Job te reponn SENYÈ a. Li te di:
4 「見よ、わたしはまことに卑しい者です、なんとあなたに答えましょうか。ただ手を口に当てるのみです。
“Anverite, mwen pa anyen; ki repons mwen kab bay Ou? Mwen poze men m sou bouch mwen.
5 わたしはすでに一度言いました、また言いません、すでに二度言いました、重ねて申しません」。
Yon fwa mwen te pale e mwen pa p replike l; menm de fwa, men m pap wale pi lwen.”
6 主はまたつむじ風の中からヨブに答えられた、
Konsa, SENYÈ a te reponn nan mitan toubiyon an. Li te di:
7 「あなたは腰に帯して、男らしくせよ。わたしはあなたに尋ねる、わたしに答えよ。
Alò, mare senti ou kon gason; Mwen va mande ou yon bagay, e ou va enstwi M.
8 あなたはなお、わたしに責任を負わそうとするのか。あなたはわたしを非とし、自分を是としようとするのか。
Èske anverite ou va anile jijman Mwen an? Èske ou va kondane Mwen pou ou menm kab jistifye?
9 あなたは神のような腕を持っているのか、神のような声でとどろきわたることができるか。
Oswa èske ou gen yon bra tankou Bondye, ak yon vwa ki ka gwonde tankou pa L la?
10 あなたは威光と尊厳とをもってその身を飾り、栄光と華麗とをもってその身を装ってみよ。
Abiye ou menm ak mayifisans ak grandè. Mete sou ou lonè ak laglwa.
11 あなたのあふるる怒りを漏らし、すべての高ぶる者を見て、これを低くせよ。
Vide fè parèt nèt tout lakòlè k ap debòde nan ou. Fè yon ti gade sou tout sila ki gen ògèy yo, e desann yo.
12 すべての高ぶる者を見て、これをかがませ、また悪人をその所で踏みつけ、
Fè rega sou tout sila ki gen ògèy yo, e fè yo bese, vin ba. Foule mechan yo nèt kote yo kanpe.
13 彼らをともにちりの中にうずめ、その顔を隠れた所に閉じこめよ。
Kache yo ansanm nan pousyè a. Mare figi yo nan plas kache a.
14 そうすれば、わたしもまた、あなたをほめて、あなたの右の手はあなたを救うことができるとしよう。
Epi konsa M ap konfese a ou menm ke se pwòp men dwat ou ki kab sove ou.
15 河馬を見よ、これはあなたと同様にわたしが造ったもので、牛のように草を食う。
Gade byen Beyemòt la ke M te fè menm tankou Mwen te fè w la; Li manje zèb tankou bèf.
16 見よ、その力は腰にあり、その勢いは腹の筋にある。
Gade koulye a, fòs li nan ren li, e pouvwa li nan gwo venn a vant li yo.
17 これはその尾を香柏のように動かし、そのももの筋は互にからみ合う。
Li koube ke li tankou yon sèd; venn nan kwis li yo koude ansanm nèt.
18 その骨は青銅の管のようで、その肋骨は鉄の棒のようだ。
Zo li se tiyo ki fèt an bwonz; janm li tankou ba fè.
19 これは神のわざの第一のものであって、これを造った者がこれにつるぎを授けた。
Li se premye nan chemen Bondye a; fòk se Sila ki fè l la, ki pou pwoche nepe li.
20 山もこれがために食物をいだし、もろもろの野の獣もそこに遊ぶ。
Anverite, mòn yo mennen bay li manje kote tout bèt sovaj latè yo jwe.
21 これは酸棗の木の下に伏し、葦の茂み、または沼に隠れている。
Anba zèb dlo, li kouche; nan kouvèti wozo a ak marekaj la.
22 酸棗の木はその陰でこれをおおい、川の柳はこれをめぐり囲む。
Plant dlo yo kouvri li ak lonbraj; bwa sikrèn k ap koule dlo a antoure li.
23 見よ、たとい川が荒れても、これは驚かない。ヨルダンがその口に注ぎかかっても、これはあわてない。
Lè rivyè a vin anraje, li pa twouble; li gen konfyans malgre Jourdain an rive jis nan bouch li.
24 だれが、かぎでこれを捕えることができるか。だれが、わなでその鼻を貫くことができるか。
Èske gen moun ki kab kaptire li lè l ap veye; menm ak pwent anfè, èske yon moun kab pèse nen l?

< ヨブ 記 40 >