< イザヤ書 57 >

1 正しい者が滅びても、心にとめる人がなく、神を敬う人々が取り去られても、悟る者はない。正しい者は災の前に取り去られて、
Moun dwat la peri, men pèsòn pa pran sa a kè. Sila ak mizerikòd vin retire, men pèsòn pa konsidere ke moun dwat la retire pou anpeche mal la rive l.
2 平安に入るからである。すべて正直に歩む者は、その床に休むことができる。
Li antre nan lapè. Chak antre nan pwòp kabann pa l; tout sila ki te mache dwat nan chemen li yo.
3 しかし、あなたがた女魔法使の子よ、姦夫と遊女のすえよ、こちらへ近寄れ。
“Men vini isit la, nou menm fis a yon manbo, desandan a yon fanm adiltè ak yon pwostitiye.
4 あなたがたは、だれにむかって戯れをなすのか。だれにむかって口を開き、舌を出すのか。あなたがたは背信の子ら、偽りのすえではないか。
Se kont kilès nou fè plezi a? Kont kilès nou ouvri bouch nou laj e lonje lang nou an? Se pa desandan a rebèl nou ye, ak pòtè a desepsyon?
5 あなたがたは、かしの木の間、すべての青木の下で心をこがし、谷の中、岩のはざまで子どもを殺した。
Kap limen tèt nou pami bwadchenn yo, anba tout gwo bwa vèt, ki fè masak timoun yo nan ravin yo, anba fenèt wòch gwo falèz yo?
6 あなたは谷のなめらかな石を自分の嗣業とし、これを自分の分け前とし、これに灌祭をそそぎ、供え物をささげた。わたしはこれらの物によってなだめられようか。
Pami wòch swa nan ravin nan se pòsyon pa w; pou yo menm ou te voye osò a. Menm pou yo menm, ou te vide yon ofrann bwason. Ou te fè yon ofrann sereyal. Èske M ta dwe ralanti konsènan bagay sa yo?
7 あなたは高くそびえた山の上に自分の床を設け、またそこに登って行って犠牲をささげた。
Sou yon gwo mòn byen wo, ou te fè kabann ou. Anplis, se la, ou te monte pou ofri sakrifis.
8 また戸および柱のうしろに、あなたのしるしを置いた。あなたはわたしを離れて自分の床をあらわし、それにのぼって、その床をひろくした。また彼らと契約をなし、彼らの床を愛し、その裸を見た。
Dèyè pòt la ak chanbrann pòt la, ou te fè monte souvni ou; ou te ouvri ou menm a yon lòt sòf ke mwen. Konsa, ou te monte. Ou te ale fè kabann ou byen laj. Konsa ou te antann ou avèk yo. Ou te byen renmen sa ou te we sou kabann yo.
9 あなたは、におい油を携えてモレクに行き、多くのかおり物をささげた。またあなたの使者を遠くにつかわし、陰府の深い所にまでつかわした。 (Sheol h7585)
Ou te ale kote wa a ak lwil, e ou te ogmante pafen ou yo; ou te voye mesaje ou yo rete lwen, e te degrade ou menm jis rive nan Sejou mò yo. (Sheol h7585)
10 あなたは道の長いのに疲れても、なお「望みがない」とは言わなかった。あなたはおのが力の回復を得たので、衰えることがなかった。
Ou te fatige akoz wout ou te long, men ou pa t di: ‘Nanpwen espwa.’ Ou te jwenn fòs renouvle. Ou pa t febli menm.
11 あなたはだれをおじ恐れて、偽りを言い、わたしを覚えず、また心におかなかったのか。わたしが久しく黙っていたために、あなたはわたしを恐れなかったのではなかったか。
De kilès ou te pè e twouble a, ki fè w manti pou w pa sonje Mwen an, ni menm panse a Mwen an? Èske Mwen pa t rete an silans pou anpil tan ki fè ou pa gen lakrent Mwen an?
12 わたしはあなたの義と、あなたのわざを告げ示そう、しかしこれらはあなたを益しない。
Mwen va deklare ladwati ou ak zèv ou yo, men yo p ap nan avantaj ou.
13 あなたが呼ばわる時、あなたが集めておいた偶像にあなたを救わせよ。風は彼らを運び去り、息は彼らを取り去る。しかしわたしに寄り頼む者は地を継ぎ、わが聖なる山をまもる。
Lè ou vin kriye fò, kite zidòl ou yo delivre ou. Men van an va pote yo ale. Yon souf va rale yo monte. Men sila ki kache nan Mwen an va eritye peyi a. Li va posede mòn sen Mwen an.”
14 主は言われる、「土を盛り、土を盛って道を備えよ、わが民の道から、つまずく物を取り去れ」と。
Li va di: “Fè l monte, fè l monte, prepare chemen an! Retire obstak la ki nan wout pèp Mwen an.”
15 いと高く、いと上なる者、とこしえに住む者、その名を聖ととなえられる者がこう言われる、「わたしは高く、聖なる所に住み、また心砕けて、へりくだる者と共に住み、へりくだる者の霊をいかし、砕ける者の心をいかす。
Paske se konsa Sila ki wo e egzalte, Sila ki viv jis pou tout tan an, non a Li se Sila ki Sen an, pale: “Mwen rete nan kote ki wo e ki sen, anplis ak li menm ki gen kè ki pi e ki enb, pou fè leve lespri a enb yo, e fè leve kè a sila a ki plen regrè pou peche.
16 わたしはかぎりなく争わない、また絶えず怒らない。霊はわたしから出、いのちの息はわたしがつくったからだ。
Mwen p ap goumen ak ou pou tout tan, ni se pa pou tout tan ke M ap fache a; paske lespri a ta vin fèb devan M, ak nanm a sila ke M te fè yo.
17 彼のむさぼりの罪のゆえに、わたしは怒って彼を打ち、わが顔をかくして怒った。しかし彼はなおそむいて、おのが心の道へ行った。
Akoz inikite gwo lanvi li, Mwen te fè kòlè, e Mwen te frape li. Mwen te kache figi Mwen; Mwen te fache. Konsa li te kontinye regrese nan wout kè l te pran an.
18 わたしは彼の道を見た。わたしは彼をいやし、また彼を導き、慰めをもって彼に報い、悲しめる者のために、くちびるの実を造ろう。
Mwen te wè chemen li yo; malgre sa, M ap geri li; Mwen va mennen li e restore konsolasyon a li menm ak sila k ap lamante pou li.
19 遠い者にも近い者にも平安あれ、平安あれ、わたしは彼をいやそう」と主は言われる。
Mwen kreye fwi a lèv yo: “Lapè, lapè, pou sila ki lwen yo, ak pou sila ki pre yo,” SENYÈ a di: “Epi Mwen va geri yo.”
20 しかし悪しき者は波の荒い海のようだ。静まることができないで、その水はついに泥と汚物とを出す。
Men mechan yo tankou lanmè k ap boulvèse. Li p ap ka kalme, e dlo yo rale fè monte fatra ak labou.
21 わが神は言われる、「よこしまな者には平安がない」と。
“Nanpwen lapè” Bondye Mwen an di: “pou mechan yo”.

< イザヤ書 57 >