< イザヤ書 22 >

1 幻の谷についての託宣。あなたがたはなぜ、みな屋根にのぼったのか。
Pwofesi konsènan vale a vizyon an. Sa k pase nou koulye a, ke nou tout monte sou twati kay yo?
2 叫び声で満ちている者、騒がしい都、喜びに酔っている町よ。あなたのうちの殺された者はつるぎで殺されたのではなく、また戦いに倒れたのでもない。
Nou menm ki te plen ak gwo bri, nou menm vil plen ak zen. Mò pa nou yo pa t mouri akoz nepe, ni yo pa t mouri nan batay la.
3 あなたのつかさたちは皆共にのがれて行ったが、弓を捨てて捕えられた。彼らは遠く逃げて行ったが、あなたのうちの見つかった者はみな捕えられた。
Tout chèf nou yo te kouri ale ansanm e te kaptire san sèvi ak banza yo. Nou tout ke yo te twouve yo te kaptire ansanm, malgre yo te sove ale rive byen lwen.
4 それゆえ、わたしは言った、「わたしを顧みてくれるな、わたしはいたく泣き悲しむ。わが民の娘の滅びのために、わたしを慰めようと努めてはならない」。
Akoz sa, mwen di nou: “Tounen zye nou byen lwen m; kite mwen kriye byen fò, pa eseye rekonfòte m pou destriksyon a fi a pèp mwen an.”
5 万軍の神、主は幻の谷に騒ぎと、踏みにじりと、混乱の日をこさせられる。城壁はくずれ落ち、叫び声は山に聞える。
Paske Senyè BONDYE dèzame yo te fè yon jou panik opresyon ak konfizyon nan vale vizyon an, miray ki kraze ak kriye nan mòn lan.
6 エラムは箙を負い、戦車と騎兵とをもってきたり、キルは盾をあらわした。
Élam te leve fouwo flèch yo, cha yo, sòlda sou pa yo ak chevalye yo; epi Kir te dekouvri boukliye a.
7 あなたの最も美しい谷は戦車で満ち、騎兵はもろもろの門にむかって立った。
Vale pi bèl nou yo te vin plen ak cha e chevalye yo te pran pozisyon yo nan pòtay la.
8 ユダを守るおおいは取り除かれた。その日あなたは林の家の武具を仰ぎ望んだ。
Epi li te retire defans Juda. Nan jou sa a, nou te depann de zam a kay forè yo.
9 またあなたがたはダビデの町の破れの多いのを見、下の池の水を集め、
Nou te wè ke brèch nan miray vil a David yo te anpil; epi nou te fè koleksyon dlo nan etan dlo pi ba a.
10 エルサレムの家を数え、またその家をこわして城壁を築き、
Konsa nou te konte kay Jérusalem e nou te detwi kay yo pou ranfòse miray la.
11 一つの貯水池を二つの城壁の間に造って古池の水をひいた。しかしあなたがたはこの事をなされた者を仰ぎ望まず、この事を昔から計画された者を顧みなかった。
Nou te fè yon rezèvwa antre de miray yo pou dlo a ansyen etan dlo a. Men nou pa t depann sou Li ki te fè l, ni ou pa t fè konsiderasyon de Li ki te fè plan an depi tan ansyen nan.
12 その日、万軍の神、主は泣き悲しみ、頭をかぶろにし、荒布をまとうことを命じられたが、
Akoz sa, nan jou ke Senyè BONDYE dèzame yo te rele nou pou kriye ak gwo plenyen yo, pou pase razwa nan tèt ak mete twal sak yo.
13 見よ、あなたがたは喜び楽しみ、牛をほふり、羊を殺し、肉を食い、酒を飲んで言う、「われわれは食い、かつ飲もう、明日は死ぬのだから」。
Men olye sa, nou fè gwo fèt ak kè kontan, touye bèf, kòche mouton, manje vyann ak bwè diven: “Kite nou fè fèt; paske demen nou va mouri.”
14 万軍の主はみずからわたしの耳に示された、「まことに、この不義はあなたがたが死ぬまで、ゆるされることはない」と万軍の神、主は言われる。
Men SENYÈ dèzame yo te revele Li menm nan zore m yo: “Anverite, nou p ap padone pou krim sa a jiskaske nou mouri”, pale Senyè BONDYE dèzame yo.
15 万軍の神、主はこう言われる、「さあ、王の家をつかさどるこの執事セブナに行って言いなさい、
Se konsa, pale Senyè BONDYE dèzame yo: “Vini, ale kote jeran sila a, kote Schebna ki se chèf an tèt anndan kay wa a.
16 『あなたはここになんの係わりがありますか。あなたはだれの縁故でここに自分のために墓を掘ったのですか。あなたは高い所に墓を掘り、岩をうがって自分のためにすみかを造った。
‘Ki dwa ou gen isit la e se kilès ou gen isit la ki fè w fouye yon tonm pou ou menm isit la?’ Ou menm ki fouye yon tonm sou gran wotè a, ki fouye yon plas repo nan wòch la?”
17 強い人よ、見よ、主はあなたを激しくなげ倒される。主はあなたを堅くつかまえ、
Gade byen, SENYÈ a prèt pou voye ou tèt devan. Li prèt pou sezi ou byen di,
18 ぐるぐるまわして、まりのように広々した地に投げられる。主人の家の恥となる者よ、あなたはそこで死に、あなたの華麗な車はそこに残る。
epi fè ou woule fè yon bòl pou jete nan yon gwo peyi. La, ou va mouri e la, bèl cha ou yo ap ye; Ou menm ki se wont pou lakay mèt ou a.
19 わたしは、あなたをその職から追い、その地位から引きおろす。
M ap retire ou nan pozisyon ou e m ap rale ou desann soti nan wo plas ou.
20 その日、わたしは、わがしもべヒルキヤの子エリアキムを呼んで、
Konsa, li va rive nan jou sa a ke Mwen va voye rele sèvitè Mwen an, Éliakim, fis a Hilkija a,
21 あなたの衣を着せ、あなたの帯をしめさせ、あなたの権力を彼の手にゆだねる。彼はエルサレムの民とユダの家との父となる。
Mwen va abiye l ak vètman pa w e tache sentiwon pa w, byen tache sou li. Mwen va fè l konfyans pou l pran otorite pa w la e li va vin yon papa a sila ki rete Jérusalem yo ak lakay Juda a.
22 わたしはまたダビデの家のかぎを彼の肩に置く。彼が開けば閉じる者なく、彼が閉じれば開く者はない。
Konsa, Mwen va mete kle lakay David la sou zepòl li. Lè l ouvri li, pèsòn p ap fèmen l e lè l fèmen l, pèsòn p ap ouvri li.
23 わたしは彼を堅い所に打ったくぎのようにする。そして彼はその父の家の誉の座となり、
Mwen va kondwi li antre tankou yon klou sou yon kote byen solid e li va devni yon twòn glwa pou lakay papa l.
24 その父の家のすべての重さは彼の上にかかる。すなわちその子、その孫およびすべての小さい器、鉢からすべてのびんにいたるまでみな、彼の上にかかる』」。
Konsa, yo va kloue sou li tout glwa lakay papa l, desandan ak sila k ap vini yo, tout veso pi piti yo, soti nan bòl, jis rive nan bokal.
25 万軍の主は言われる、「その日、堅い所に打ったくぎは抜け、切られて落ちる。その上にかかっている荷もまた取り去られる」と主は語られた。
“Nan jou sa a”, deklare SENYÈ dèzame yo: “Klou ki kloue nan yon kote solid la, va rache tonbe. Epi chaj ki kenbe sou li a va koupe retire nèt; paske SENYÈ a te pale.”

< イザヤ書 22 >