< ホセア書 8 >

1 ラッパをあなたの口にあてよ、はげたかは主の家に臨む。彼らがわたしの契約を破り、わたしの律法を犯したからだ。
Mete twonpèt la sou lèv ou yo! Yon bagay tankou malfini vini kont lakay SENYÈ a; akoz yo te transgrese akò Mwen an, e fè rebèl kont lalwa Mwen an.
2 彼らはわたしに向かって叫ぶ、「わが神よ、われわれイスラエルはあなたを知る」と。
Yo va rele a Mwen menm: ‘Bondye mwen an, nou menm—Israël—Nou konnen Ou.’
3 イスラエルは善はしりぞけた。敵はこれを追うであろう。
Israël te rejte sa ki bon; lènmi an va kouri dèyè l.
4 彼らは王を立てた、しかし、わたしによって立てたのではない。彼らは君を立てた、しかし、わたしはこれを知らない。彼らは銀と金をもって、自分たちの滅びのために偶像を造った。
Yo vin plase wa yo, men pa selon Mwen menm. Yo te chwazi prens yo, men pa selon Mwen menm. Ak ajan ak lò pa yo, yo te fè zidòl pou kont yo, jis pou yo ta ka koupe retire nèt.
5 サマリヤよ、わたしはあなたの子牛を忌みきらう。わたしの怒りは彼らに向かって燃える。彼らはいつになればイスラエルで罪なき者となるであろうか。
Kite Samarie jete jenn bèf li deyò! Kòlè Mwen ap brile kont yo! Pou konbyen de tan yo va rete san kapasite pou pirifye?
6 これは工人の作ったもので、神ではない。サマリヤの子牛は砕けて粉となる。
Paske, sa sòti menm an Israël! Se yon ouvriye ki fè l. Li pa Bondye. Anverite, jenn bèf Samarie a va kraze an mòso.
7 彼らは風をまいて、つむじ風を刈り取る。立っている穀物は穂を持たず、また実らない。たとい実っても、他国人がこれを食い尽す。
Paske yo simen van, e yo rekòlte toubiyon.
8 イスラエルはのまれた。彼らは諸国民の間にあって、すでに無用な器のようになった。
Israël vin vale nèt. Koulye a, se pami nasyon yo ye; tankou yon veso ki pa bay plezi a okenn moun.
9 彼らはひとりさまよう野のろばのように、アッスリヤにのぼって行った。エフライムは物を贈って恋人を得た。
Paske yo te monte Assyrie, kon yon bourik mawon pou kont li. Éphraïm te achte moun pou l ta renmen ak yo.
10 たとい彼らが国々に物を贈って同盟者を得ても、わたしはまもなく彼らを集める。彼らはしばらくにして、王や君たちに油をそそぐことをやめる。
Malgre yo vann tèt yo pami nasyon yo, se koulye a, Mwen va ranmase yo. Yo kòmanse vin febli akoz presyon a wa de sa yo ak pwisans.
11 エフライムは多くの祭壇を造って罪を犯したゆえ、これは彼には罪を犯すための祭壇となった。
Akoz Éphraïm te miltipliye lotèl pou fè peche yo, Yo te devni lotèl pou li pou peche yo.
12 わたしは彼のために、あまたの律法を書きしるしたが、これはかえって怪しい物のように思われた。
Malgre sa Mwen te ekri pou li règleman san fen de Lalwa Mwen yo, men yo gade yo tankou yon bagay ki dwòl.
13 彼らは犠牲を好み、肉をささげてこれを食べる。しかし主はこれを喜ばれない。今、彼らの不義を覚え、彼らの罪を罰せられる。彼らはエジプトに帰る。
Pou sakrifis ofrann Mwen yo, yo fè sakrifis vyann, e yo manje l. SENYÈ a pa pran okenn plezi nan yo. Konsa, Li va sonje inikite yo, e pini peche yo. Yo va retounen an Egypte.
14 イスラエルは自分の造り主を忘れて、もろもろの宮殿を建てた。ユダは堅固な町々を多く増し加えた。しかしわたしは火をその町々に送って、もろもろの城を焼き滅ぼす。
Paske Israël te bliye Kreyatè li. Li te bati palè yo. Konsa, Juda te miltipliye vil fòtifye yo; men Mwen va voye dife sou vil li yo, e konsa, li va devore gwo palè li yo.

< ホセア書 8 >