< 創世記 24 >

1 アブラハムは年が進んで老人となった。主はすべての事にアブラハムを恵まれた。
Alò, Abraham te vin vye, byen avanse nan laj. Epi SENYÈ a te beni Abraham nan tout bagay.
2 さてアブラハムは所有のすべてを管理させていた家の年長のしもべに言った、「あなたの手をわたしのももの下に入れなさい。
Abraham te di a sèvitè li a, sila ki te gen plis laj lakay li a, ki te an chaj tout sa ke li te posede: “Souple, mete men ou anba kwis mwen.
3 わたしはあなたに天地の神、主をさして誓わせる。あなたはわたしが今一緒に住んでいるカナンびとのうちから、娘をわたしの子の妻にめとってはならない。
Mwen va fè ou sèmante devan SENYÈ a, Bondye syèl la avèk Bondye tè a, ke ou p ap pran yon madanm pou fis mwen ki sòti nan fi Kananeyen yo, pami moun m ap viv yo,
4 あなたはわたしの国へ行き、親族の所へ行って、わたしの子イサクのために妻をめとらなければならない」。
men ke ou va ale nan peyi mwen, kote relasyon mwen yo, e pran yon madanm pou fis mwen an, Isaac.”
5 しもべは彼に言った、「もしその女がわたしについてこの地に来ることを好まない時は、わたしはあなたの子をあなたの出身地に連れ帰るべきでしょうか」。
Sèvitè a te di li: “Sipoze ke fanm nan pa vle swiv mwen pou vini nan peyi a? Èske mwen dwe mennen fis ou a retounen nan peyi kote ou te soti a?”
6 アブラハムは彼に言った、「わたしの子は決して向こうへ連れ帰ってはならない。
Abraham te di li: “Veye ke ou pa pran fis mwen an pou fè l retounen la!
7 天の神、主はわたしを父の家、親族の地から導き出してわたしに語り、わたしに誓って、おまえの子孫にこの地を与えると言われた。主は、み使をあなたの前につかわされるであろう。あなたはあそこからわたしの子に妻をめとらねばならない。
SENYÈ a, Bondye syèl la ki te pran m, fè m sòti lakay papa m, peyi natal mwen, ki te pale avèk mwen; Li te sèmante ak mwen, e Li te di: ‘A desandan ou yo, Mwen va bay tè sa a’. Li va voye zanj Li devan ou, e ou va pran yon madanm pou fis mwen an soti la.
8 けれどもその女があなたについて来ることを好まないなら、あなたはこの誓いを解かれる。ただわたしの子を向こうへ連れ帰ってはならない」。
Men si fanm nan pa vle swiv ou, alò ou va lib de sèman pa m nan, Sèlman, pa fè fis mwen an retounen la.”
9 そこでしもべは手を主人アブラハムのももの下に入れ、この事について彼に誓った。
Alò, sèvitè a te plase men l anba kwis mèt li, Abraham, e li te sèmante devan li sou zafè sila a.
10 しもべは主人のらくだのうちから十頭のらくだを取って出かけた。すなわち主人のさまざまの良い物を携え、立ってアラム・ナハライムにむかい、ナホルの町へ行った。
Epi sèvitè a te pran dis chamo pami chamo mèt li yo, e li te pati avèk yon seleksyon plizyè bon bagay a mèt li nan men l. Li te leve pou ale nan Mésopotamie pou rive nan vil Nahor.
11 彼はらくだを町の外の、水の井戸のそばに伏させた。時は夕暮で、女たちが水をくみに出る時刻であった。
Li te fè chamo yo bese a jenou deyò vil la toupre pwi a nan aswè, nan lè ke fanm yo te vin rale dlo.
12 彼は言った、「主人アブラハムの神、主よ、どうか、きょう、わたしにしあわせを授け、主人アブラハムに恵みを施してください。
Li te di: “O Senyè, Bondye a mèt mwen an, Abraham, souple, lese mwen twouve siksè jodi a, e montre lanmou ak dousè Ou anvè mèt mwen, Abraham.
13 わたしは泉のそばに立っています。町の人々の娘たちが水をくみに出てきたとき、
Gade byen, m ap kanpe akote sous la, e fi a pèp vil yo ap parèt pou rale dlo.
14 娘に向かって『お願いです、あなたの水がめを傾けてわたしに飲ませてください』と言い、娘が答えて、『お飲みください。あなたのらくだにも飲ませましょう』と言ったなら、その者こそ、あなたがしもべイサクのために定められた者ということにしてください。わたしはこれによって、あなたがわたしの主人に恵みを施されることを知りましょう」。
Koulye a, kite sa fèt ke a fi ke mwen di: ‘Souple, desann veso ou pou m kab bwè’, e ki reponn: ‘Bwè, e mwen va bay bèt ou yo dlo tou’: lese ke se sila ke Ou te chwazi pou sèvitè ou a, Isaac. Konsa nou va konnen ke Ou te montre lanmou ak dousè Ou a mèt mwen an.”
15 彼がまだ言い終らないうちに、アブラハムの兄弟ナホルの妻ミルカの子ベトエルの娘リベカが、水がめを肩に載せて出てきた。
Avan li te fin pale, gade, Rebecca ki te ne a Bethuel, fi Milca a, fanm Nachor, frè Abraham nan te parèt ak veso sou zepòl li.
16 その娘は非常に美しく、男を知らぬ処女であった。彼女が泉に降りて、水がめを満たし、上がってきた時、
Fi a te trè bèl, yon vyèj, e gason pa t janm antre nan relasyon avè l. Li te desann nan sous la, li te ranpli veso li, e li t ap monte.
17 しもべは走り寄って、彼女に会って言った、「お願いです。あなたの水がめの水を少し飲ませてください」。
Alò, sèvitè a te kouri bò kote li, e te di: “Souple, kite mwen bwè yon ti dlo nan veso ou a.”
18 すると彼女は「わが主よ、お飲みください」と言って、急いで水がめを自分の手に取りおろして彼に飲ませた。
Li te di: “Bwè, mèt mwen.” Byen vit li te desann veso li rive nan men li, e li te bay li bwè.
19 飲ませ終って、彼女は言った、「あなたのらくだもみな飲み終るまで、わたしは水をくみましょう」。
Lè li te fin ba li bwè, li te di: “Mwen va rale dlo osi pou chamo ou yo, jiskaske yo fin bwè”.
20 彼女は急いでかめの水を水ぶねにあけ、再び水をくみに井戸に走って行って、すべてのらくだのために水をくんだ。
Imedyatman li te vide veso li nan basen pou bèt yo, li te kouri retounen nan pwi a pou rale dlo, e li te rale pou tout chamo li yo.
21 その間その人は主が彼の旅の祝福されるか、どうかを知ろうと、黙って彼女を見つめていた。
Antretan, nonm nan t ap veye li an silans, pou konnen si SENYÈ a te fè vwayaj li a vin yon siksè, ou non.
22 らくだが飲み終ったとき、その人は重さ半シケルの金の鼻輪一つと、重さ十シケルの金の腕輪二つを取って、
Epi pandan chamo yo te fin bwè, nonm nan te pran bag lò ki peze yon mwatye sik (sis gram nan) avèk de braslè pou ponyèt li, ki te peze dis sik an lò,
23 言った、「あなたはだれの娘か、わたしに話してください。あなたの父の家にわたしどもの泊まる場所がありましょうか」。
epi li te mande: “Se fi a ki moun ou ye? Souple, fè m konnen, èske gen lojman lakay papa ou?”
24 彼女は彼に言った、「わたしはナホルの妻ミルカの子ベトエルの娘です」。
Li te di li: “Mwen se fi Bethuel la, fis Milca, ke li te fè pou Nahor a.”
25 また彼に言った、「わたしどもには、わらも、飼葉もたくさんあります。また泊まる場所もあります」。
Ankò fi a te di li: “Nou gen ase, nan pay avèk manje, ak espas pou lojman”.
26 その人は頭を下げ、主を拝して、
Alò, mesye a te bese byen ba, e li te adore SENYÈ a.
27 言った、「主人アブラハムの神、主はほむべきかな。主はわたしの主人にいつくしみと、まこととを惜しまれなかった。そして主は旅にあるわたしを主人の兄弟の家に導かれた」。
Li te di: “Beni se SENYÈ a, Bondye a mèt mwen an, Abraham, ki pa t abandone lanmou avèk konpasyon Li ak verite Li anvè mèt mwen. Pou mwen, SENYÈ a te dirije m nan chemen lakay de frè a mèt mwen yo.”
28 娘は走って行って、母の家のものにこれらの事を告げた。
Alò, fi a te kouri pou pale tout kay manman l de bagay sa yo.
29 リベカにひとりの兄があって、名をラバンといった。ラバンは泉のそばにいるその人の所へ走って行った。
Fi a te gen yon frè ki te rele Laban. Laban te kouri deyò kote mesye a nan sous la.
30 彼は鼻輪と妹の手にある腕輪とを見、また妹リベカが「その人はわたしにこう言った」というのを聞いて、その人の所へ行ってみると、その人は泉のほとりで、らくだのそばに立っていた。
Lè li te wè bag la avèk braslè yo sou ponyèt sè li, e lè li te tande pawòl a Rebecca yo, sè li, ki te di: “Se sa ke mesye a te di mwen,” li te ale kote mesye a. Gade byen, li te kanpe akote chamo yo nan sous la.
31 そこでその人に言った、「主に祝福された人よ、おはいりください。なぜ外に立っておられますか。わたしは家を準備し、らくだのためにも場所を準備しておきました」。
Epi li te di: “Antre non, beni a SENYÈ a! Poukisa ou kanpe deyò, Paske m gen tan prepare kay la avèk yon plas pou chamo yo?”
32 その人は家にはいった。ラバンはらくだの荷を解いて、わらと飼葉をらくだに与え、また水を与えてその人の足と、その従者たちの足を洗わせた。
Alò, mesye a te antre nan kay la. Laban te dechaje chamo yo, e li te bay pay avèk manje pou chamo yo, ak dlo pou lave pye li, avèk pye a mesye ki te avèk li yo.
33 そして彼の前に食物を供えたが、彼は言った、「わたしは用向きを話すまでは食べません」。ラバンは言った、「お話しください」。
Men lè manje a te plase devan li, li te di: “Mwen p ap manje jiskaske mwen pale de misyon mwen an.” Laban te di: “Pale toujou”.
34 そこで彼は言った、「わたしはアブラハムのしもべです。
Li te di: “Mwen se sèvitè Abraham.
35 主はわたしの主人を大いに祝福して、大いなる者とされました。主はまた彼に羊、牛、銀、金、男女の奴隷、らくだ、ろばを与えられました。
SENYÈ a te beni mèt mwen an anpil, jiskaske li vin reyisi anpil. Li te bay li bann mouton ak twoupo, lò ak lajan, sèvitè ak sèvant yo, e chamo ak bourik.
36 主人の妻サラは年老いてから、主人に男の子を産みました。主人はその所有を皆これに与えました。
Alò, Sarah, madanm a mèt mwen an te fè yon fis pou mèt mwen an nan vyeyès li. Li te bay li tout sa li posede.
37 ところで主人はわたしに誓わせて言いました、『わたしの住んでいる地のカナンびとの娘を、わたしの子の妻にめとってはならない。
Mèt mwen an te fè m sèmante pou di: ‘Ou pa pou pran yon madanm pou fis mwen ki sòti nan fi Kananeyen yo, nan peyi kote m ap viv la,
38 おまえはわたしの父の家、親族の所へ行って、わたしの子に妻をめとらなければならない』。
men ou va ale kote lakay papa m, nan moun fanmi pa m yo, e pran yon madanm pou fis mwen an.’
39 わたしは主人に言いました、『もしその女がわたしについてこない時はどういたしましょうか』。
“Mwen te di a mèt mwen an: ‘Sipoze ke fanm nan pa swiv mwen.’
40 主人はわたしに言いました、『わたしの仕えている主は、み使をおまえと一緒につかわして、おまえの旅にさいわいを与えられるであろう。おまえはわたしの親族、わたしの父の家からわたしの子に妻をめとらなければならない。
“Li te di mwen: ‘SENYÈ a devan Sila mwen te mache a, va fè vwayaj ou a reyisi. Ou va pran yon madanm pou fis mwen an pami moun fanmi mwen yo, ak lakay papa m.
41 そのとき、おまえはわたしにした誓いから解かれるであろう。またおまえがわたしの親族に行く時、彼らがおまえにその娘を与えないなら、おまえはわたしにした誓いから解かれるであろう』。
Epi konsa, ou va lib de sèman mwen an, si lè ou rive pami moun fanmi mwen yo, yo pa ba ou li. Si se sa a, ou va lib de sèman mwen an.’
42 わたしはきょう、泉のところにきて言いました、『主人アブラハムの神、主よ、どうか今わたしのゆく道にさいわいを与えてください。
“Konsa, mwen te vini jodi a nan sous la, e te di: ‘O SENYÈ, Bondye a mèt mwen an, Abraham, si koulye a ou va fè vwayaj ke m ap fè a reyisi.
43 わたしはこの泉のそばに立っていますが、水をくみに出てくる娘に向かって、「お願いです。あなたの水がめの水を少し飲ませてください」と言い、
Gade byen, mwen ap kanpe vè sous la, kite sa fèt ke jèn fi ki sòti pou rale dlo a, e ke mwen di: “Souple, kite m bwè yon ti dlo nan veso ou a”,
44 「お飲みください。あなたのらくだのためにも、くみましょう」とわたしに言うなら、その娘こそ、主がわたしの主人の子のために定められた女ということにしてください』。
epi li di mwen: ‘Ou mèt bwè, e mwen va tire dlo pou chamo ou yo tou,’ kite sa fèt ke se li ke SENYÈ a te chwazi pou fis a mèt mwen an.”
45 わたしが心のうちでそう言い終らないうちに、リベカが水がめを肩に載せて出てきて、水をくみに泉に降りたので、わたしは『お願いです、飲ませてください』と言いますと、
“Avan mwen te fin pale nan kè mwen, gade byen, Rebecca te parèt avèk veso li sou zepòl li, e li te desann nan sous la pou tire. Mwen te di li: ‘Souple, kite m bwè.’”
46 彼女は急いで水がめを肩からおろし、『お飲みください。わたしはあなたのらくだにも飲ませましょう』と言いました。それでわたしは飲みましたが、彼女はらくだにも飲ませました。
“Li te byen vit desann veso a sou zepòl li, e li te di: ‘Bwè’, e mwen va bay bèt ou yo dlo tou’: Alò, mwen te bwè, e li te bay bèt yo dlo tou.
47 わたしは彼女に尋ねて、『あなたはだれの娘ですか』と言いますと、『ナホルとその妻ミルカの子ベトエルの娘です』と答えました。そこでわたしは彼女の鼻に鼻輪をつけ、手に腕輪をつけました。
“Mwen te mande li konsa: ‘Fi a ki moun ou ye?’ Epi li te reponn: ‘Fi a Bethuel la, fis a Nachor, ke Milca te bay li a.’ Epi konsa, mwen te mete bag la nan nen li, e braslè yo nan ponyèt li.
48 そしてわたしは頭をさげて主を拝し、主人アブラハムの神、主をほめたたえました。主は主人の兄弟の娘を子にめとらせようと、わたしを正しい道に導かれたからです。
“Epi mwen te bese byen ba, mwen te adore SENYÈ a, e te beni SENYÈ a, Bondye a mèt mwen an, Abraham, ki te gide mwen nan bon chemen pou pran fi nan fanmi mèt mwen an pou fis li.
49 あなたがたが、もしわたしの主人にいつくしみと、まことを尽そうと思われるなら、そうとわたしにお話しください。そうでなければ、そうでないとお話しください。それによってわたしは右か左に決めましょう」。
Alò, koulye a, si w ap aji avèk dousè e verite avèk mèt mwen an, fè m konnen. Men si se pa sa, kite m konnen, pou m kapab vire swa adwat, swa agoch.”
50 ラバンとベトエルは答えて言った、「この事は主から出たことですから、わたしどもはあなたによしあしを言うことができません。
Laban avèk Bethuel te reponn: “Afè sa a sòti nan SENYÈ a. Alò nou pa kapab pale ou ni byen, ni mal.
51 リベカがここにおりますから連れて行って、主が言われたように、あなたの主人の子の妻にしてください」。
Men Rebecca la devan ou, pran li pou ou ale, e ke li vin madanm a fis mèt ou a, jan SENYÈ a te pale a.”
52 アブラハムのしもべは彼らの言葉を聞いて、地に伏し、主を拝した。
Lè sèvitè Abraham nan te tande pawòl sa yo, li te bese tèt li atè devan SENYÈ a.
53 そしてしもべは銀の飾りと、金の飾り、および衣服を取り出してリベカに与え、その兄と母とにも価の高い品々を与えた。
Sèvitè a te mete deyò bagay ki fèt ak lajan avèk lò, ak vètman, e li te bay yo a Rebecca. Li te osi bay kèk bagay ki koute byen chè a frè li avèk manman li.
54 彼と従者たちは飲み食いして宿ったが、あくる朝彼らが起きた時、しもべは言った、「わたしを主人のもとに帰らせてください」。
Li menm avèk mesye ki te avè l yo te manje, bwè e te pase nwit lan. Lè yo te leve nan maten li te di: “Voye mwen ale vè mèt mwen.”
55 リベカの兄と母とは言った、「娘は数日、少なくとも十日、わたしどもと共にいて、それから行かせましょう」。
Men frè li avèk manman li te di: “Kite fi a rete avèk nou pandan kèk jou, annou di di jou. Apre li kapab ale”.
56 しもべは彼らに言った、「主はわたしの道にさいわいを与えられましたから、わたしを引きとめずに、主人のもとに帰らせてください」。
Li te reponn yo: “Pa anpeche m, paske se SENYÈ a ki te fè chemen mwen an reyisi. Voye m ale pou m kapab retounen bò kote mèt mwen.”
57 彼らは言った、「娘を呼んで聞いてみましょう」。
Epi yo te di: “Nou va rele fi a pou mande li volonte pa li.”:
58 彼らはリベカを呼んで言った、「あなたはこの人と一緒に行きますか」。彼女は言った、「行きます」。
Alò, yo te rele Rebecca e te di li: “Èske ou va ale avèk mesye sila a?” Epi li te reponn: “M ap prale.”
59 そこで彼らは妹リベカと、そのうばと、アブラハムのしもべと、その従者とを送り去らせた。
Konsa yo te voye Rebecca, sè yo a ale, avèk bòn li yo, sèvitè Abraham nan ak mesye pa li yo.
60 彼らはリベカを祝福して彼女に言った、「妹よ、あなたは、ちよろずの人の母となれ。あなたの子孫はその敵の門を打ち取れ」。
Yo te beni Rebecca, e te di li: “Ke ou menm, sè nou, kapab devni manman a dè milye de dizèn de milye, e ke desandan ou yo kapab posede pòtay a sila ki rayi yo.”
61 リベカは立って侍女たちと共にらくだに乗り、その人に従って行った。しもべはリベカを連れて立ち去った。
Epi Rebecca te leve avèk bòn li yo, yo te monte chamo yo, e yo te swiv mesye a. Konsa sèvitè a te pran Rebecca, e li te pati.
62 さてイサクはベエル・ラハイ・ロイからきて、ネゲブの地に住んでいた。
Alò, Isaac t ap sòti nan yon vwayaj vè Lachaï-roi, paske li t ap viv nan Negev.
63 イサクは夕暮、野に出て歩いていたが、目をあげて、らくだの来るのを見た。
Isaac te ale deyò pou fè meditasyon nan chan an nan aswè. Lè li te leve zye li pou gade, gade byen, chamo yo t ap vini.
64 リベカは目をあげてイサクを見、らくだからおりて、
Rebecca te leve zye li, e lè li te wè Isaac, li te desann chamo a.
65 しもべに言った、「わたしたちに向かって、野を歩いて来るあの人はだれでしょう」。しもべは言った、「あれはわたしの主人です」。するとリベカは、被衣で身をおおった。
Li te di sèvitè a: “Kilès mesye sa a k ap mache nan chan an vin jwenn nou an?” Epi sèvitè a te reponn: “Li se mèt mwen.” Konsa, fi a te pran vwal la, e li te kouvri tèt li.
66 しもべは自分がしたことのすべてをイサクに話した。
Sèvitè a te di Isaac tout sa ke li te fè.
67 イサクはリベカを天幕に連れて行き、リベカをめとって妻とし、彼女を愛した。こうしてイサクは母の死後、慰めを得た。
Epi Isaac te mennen li nan tant li. Li te pran Rebecca, e li te vin madanm li, e li te renmen li. Konsa Isaac te konsole lè manman li te fin mouri.

< 創世記 24 >