< エゼキエル書 45 >

1 あなたがたは、くじを引き、地を分けて、それを所有するときには、地の一部を聖なる地所として主にささげよ。その長さは二万五千キュビト、幅は二万キュビトで、その区域はすべて聖なる地である。
“‘“Anplis, lè ou divize pa tiraj osò, peyi eritaj la, ou va ofri yon pòsyon a SENYÈ a, yon pòsyon sen nan tè a. Longè li va venn-senk-mil koude, e lajè li va ven-mil koude. Li va sen anndan toutozanviwon lizyè li yo.
2 そのうち聖所に属するものは縦横五百キュビトずつであって、それは四角である。また五十キュビトの空地をその周囲につくれ。
Sòti nan pòsyon sa a, va gen pou kote sen an, yon pòsyon senk-san koude pa senk-san koude, ak yon espas ouvri de senkant koude nan lajè ki antoure li.
3 あなたはこの聖なる地所から長さ二万五千キュビト、幅一万キュビトを測り取り、その中に聖所と至聖所とを設けよ。
Soti kote sa a, ou va mezire yon longè venn-senk-mil koude ak yon lajè di-mil koude. Nan li, va gen sanktiyè a, kote ki sen pase tout kote a.
4 これは国の中で聖なる所であって、主に近く仕える聖所の仕え人である祭司に帰属する。これは彼らのためには家を建てる所、聖所のためには聖地となる。
Se va pòsyon ki sen nan peyi a. Li va pou prèt yo, sèvitè sanktiyè yo, ki te vin rapwoche pou fè sèvis SENYÈ a. Li va yon kote pou lakay yo e yon kote ki sen pou sanktiyè a.
5 また長さ二万五千キュビト、幅一万キュビトの別の地所は、宮に仕えるレビびとに帰属し、彼らの住む町のための所有とする。
Yon kote venn-senk-mil koude nan longè e di-mil koude nan lajè va pou Levit yo, sèvitè kay yo ak posesyon pa yo, vil pou yo rete ladann.
6 聖地として区別した部分に沿い、幅五千キュビト、長さ二万五千キュビトは、町の所有とせよ。これはイスラエル全家のものとなる。
“‘“Ou va bay vil la yon pòsyon senk-mil koude nan lajè, ak venn-senk-mil koude nan longè, k ap akote pòsyon sen an. Sa va pou tout kay Israël la nèt.”
7 また君たる者の分は、かの聖地と町の所有地との、こなたかなたにある。すなわち聖地と町の所有地に沿い、西と東に向かい、部族の分の一つに応じて、地所の西から東の境に至り、
“‘“Prens lan va gen tè a sou toude kote pòsyon sen an, ki pou vil la, akote espas sen an ak tè vil la, sou kote lwès vè lwès la, e sou kote lès vè lès la, ki koresponn nan longè a youn nan pòsyon a pòsyon yo, k ap sòti nan lizyè lwès peyi a, pou rive nan lizyè lès la.
8 その所有の地所はイスラエルの中にある。わたしの君たちは、重ねてわたしの民をしえたげず、部族にしたがってイスラエルの家に土地を与える。
Nan peyi a, sa va tèren pa li an Israël. Epi prens Mwen yo p ap oprime pèp Mwen an ankò, men yo va kite lakay Israël gen tè selon tribi pa yo.”
9 主なる神は、こう言われる、イスラエルの君たちよ、暴虐と略奪とをやめ、公道と正義を行え。わが民を追いたてることをやめよと、主なる神は言われる。
“‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Se ase! Nou menm ki prens an Israël yo! Kite vyolans ak destriksyon an pou pratike lajistis ak ladwati! Sispann fè piyaj sou pèp Mwen an,” deklare Senyè BONDYE a.
10 あなたがたは正しいはかり、正しいエパ、正しいバテを用いよ。
“Ou va gen balans ki peze byen, yon mezi efa, ak yon mezi bat ki jis.
11 エパとバテとは同量にせよ。すなわちバテをホメルの十分の一とし、エパもホメルの十分の一とし、すべてホメルによって量を定めよ。
Mezi efa a ak bat la va gen menm fòs, jiskaske yon mezi bat, gen yon dizyèm omè e yon mezi efa gen yon dizyèm omè; se selon omè yo va regle.
12 一シケルは二十ゲラである。五シケルは五シケル、十シケルは十シケルとせよ。一ミナは五十シケルとせよ。
Sekèl la va gen ven gera; ven sekèl, plis venn-senk sekèl, plis kenz sekèl va sèvi kon mezi min ou.”
13 あなたがたがささげるささげ物はこれである。すなわち、一ホメルの小麦のうちから六分の一エパをささげ、大麦一ホメルのうちから六分の一エパをささげよ。
“‘“Men ofrann ke ou va ofri a: yon sizyèm efa soti nan yon omè ble; yon sizyèm efa soti nan yon omè lòj;
14 油は一コルのうちから十分の一バテをささげよ。コルはホメルと同じく十バテに当る。
Epi pòsyon lwil la jan li etabli a; yon dizyèm bat soti nan chak kò, (kò a tankou omè a, gen 10 bat).
15 またイスラエルの氏族から、家畜の群れ二百につき一頭の羊を出して、素祭、燔祭、酬恩祭とし、彼らのために、あがないをなせと主なる神は言われる。
Epi yon mouton soti nan chak bann mouton ak de-san bèt ki soti kote ki awoze an Israël yo——pou yon ofrann sereyal, yon ofrann brile, ak ofrann lapè yo, pou fè ekspiyasyon pou yo”, deklare Senyè BONDYE a.
16 国の民は皆これをイスラエルの君にささげ物とせよ。
“Tout pèp peyi a va bay ofrann sa a pou prens Israël la.
17 また祭日、ついたち、安息日、すなわちイスラエルの家のすべての祝い日に、燔祭、素祭、灌祭を供えるのは、君たる者の務である。すなわち彼はイスラエルの家のあがないのために、罪祭、素祭、燔祭、酬恩祭をささげなければならない。
Se va devwa prens lan pou founi ofrann brile yo, ofrann sereyal yo ak ofrann bwason yo nan fèt yo, nan fèt nouvèl lalin yo, nan Saba yo, nan tout fèt etabli pou lakay Israël yo. Li va founi ofrann peche a, ofrann sereyal la ak ofrann brile a, pou fè ekspiyasyon pou lakay Israël.”
18 主なる神は、こう言われる、正月の元日に、あなたは無傷の雄牛の子を取って聖所を清めよ。
“‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Nan premye mwa a, nan premye nan mwa a, ou va pran yon jenn towo san defo pou netwaye sanktiyè a.
19 祭司は罪祭の獣の血を取って、宮の柱と祭壇のかさねの四すみ、および内庭の門の柱に塗れ。
Prèt la va pran kèk nan san soti nan ofrann peche a pou mete li sou poto pòt yo, nan kat kwen ankadreman lotèl la ak sou poto pòtay la nan lakou enteryè a tanp lan.
20 月の七日に、あなたがたは、過失や無知のために罪を犯した者のために、このように行って宮のためにあがないをなせ。
Konsa nou va fè nan setyèm jou nan mwa a pou tout moun ki vin egare kite chemen dwat la, oswa ki fè enpridans. Konsa ou va fè ekspiyasyon pou kay la.
21 正月の十四日に、あなたがたは過越の祭を祝え。七日の間、種を入れぬパンを食べよ。
“‘“Nan premye mwa a, nan katòzyèm jou nan mwa a, ou va fè Pak la, yon fèt pandan sèt jou; pen san ledven va manje.
22 その日に君たる者は、自身のため、また国のすべての民のため、雄牛をささげて罪祭とし、
Nan jou sa a, prens lan va founi pou tèt li ak tout pèp peyi a, yon towo pou yon ofrann peche.
23 祝い日である七日の間は、七頭の雄牛と、七頭の雄羊の無傷のものを、七日の間毎日、燔祭として主に供えよ。また、雄やぎを罪祭として日々ささげよ。
Pandan sèt jou nan fèt la, li va founi kon yon ofrann brile a SENYÈ a sèt towo ak sèt belye san defo chak jou nan sèt jou yo ak yon mal kabrit chak jou kon yon ofrann peche.
24 また素祭として麦粉一エパを各雄牛のため、一エパを各雄羊のためにととのえ、油一ヒンを各エパに加えよ。
Li va founi kon yon ofrann sereyal, yon efa ak yon towo, yon efa ak yon belye, e yon mezi lwil ak yon efa.”
25 七月十五日の祝い日に、彼は七日の間、罪祭、燔祭、素祭および油を、このように供えなければならない。
“‘“Nan setyèm mwa a, nan kenzyèm jou a, nan fèt la, li va founi konsa, sèt jou pou ofrann peche a, ofrann brile a, ofrann sereyal la ak lwil la.”

< エゼキエル書 45 >