< エゼキエル書 21 >

1 主の言葉がわたしに臨んだ、
Konsa, pawòl SENYÈ a te vin kote Mwen. Li te di:
2 「人の子よ、あなたの顔をエルサレムに向け、あなたの言葉を聖所に向けてのべ、イスラエルの地に向かって預言し、
“Fis a lòm, ranje figi ou vè Jérusalem. Pale kont sanktyè yo e pwofetize kont peyi Israël:
3 イスラエルの地に言え。主はこう言われる、見よ、わたしはあなたを攻め、わたしのつるぎをさやから抜き、あなたのうちから、正しい者も悪しき者をも断ってしまう。
Di a peyi Israël la: ‘Konsa pale SENYÈ a: “Gade byen, Mwen vin kont nou. Mwen va rale nepe Mwen nan fouwo, e Mwen va koupe retire de nou moun dwat yo ak mechan yo.
4 わたしがあなたのうちから、正しい者も悪しき者をも断つゆえに、わたしのつるぎはさやから抜け出て、南から北までのすべての肉なる者を攻める。
Konsa, lè M ap koupe retire nèt de nou, moun dwat yo ansanm ak mechan yo, nan menm fwa, nepe M va rale soti nan fouwo li, kont tout chè soti nan sid jis rive nan nò.
5 すべて肉なる者は、主なるわたしが、そのつるぎをさやから抜き放ったことを知る。このつるぎは再びさやに納められない。
Konsa, tout chè va konnen ke Mwen, SENYÈ a, te rale nepe Mwen sòti nan fouwo. Li p ap remete nan fouwo ankò.”’
6 それゆえ、人の子よ、嘆け、心砕けるまでに嘆き、彼らの目の前でいたく嘆け。
“Pou ou menm, fis a lòm, plenn fò nan gòj ou ak kè kase, ak doulè òrib. Plenn nan gòj devan zye yo, ak kè kase, byen amè.
7 人があなたに向かって、『なぜ嘆くのか』と言うなら、『この知らせのためである。それが来れば人の心はみな溶け、手はみななえ、霊はみな弱り、ひざはみな水のようになる。見よ、それは来る、必ず成就する』と言え」と主なる神は言われる。
Konsa, lè yo mande ou, ‘Poukisa w ap plenn nan?’ ou va di: ‘Akoz nouvèl k ap vini an! Tout kè va fann, tout men va vin pèdi fòs, nanm a tout moun va vin fennen e tout jenou yo va vin fèb tankou dlo. Gade byen, sa ap vini e sa va fèt’, deklare Senyè BONDYE a.’”
8 主の言葉がわたしに臨んだ、
Ankò, pawòl SENYÈ a te rive kote mwen. Li te di:
9 「人の子よ、預言して言え、主はこう言われる、つるぎがある、とぎ、かつ、みがいたつるぎがある。
“Fis a lòm, pwofetize e di: ‘Konsa pale SENYÈ a: “Yon nepe! Yon nepe! Li file e anplis, klere!
10 殺すためにといであり、いなずまのようにきらめくためにみがいてある。わたしたちは喜ぶことができるか。わが子よ、あなたはつえと、すべて木で作ったものとを軽んじた。
File pou fè yon masak, klere pou tire kon kout loray! Èske se konsa nou dwe fè kè kontan? Baton fis Mwen an, kondannen denyè pyebwa a.
11 このつるぎは手にとるために、とがれ、殺す者の手に渡すために、とがれみがかれるのである。
Li fèt pou li ta poli, pou yo kab manyen li. Nepe a file e poli, pou plase nan men a sila k ap touye a.
12 人の子よ、叫び嘆け、このことはわが民に臨み、イスラエルのすべての君たちに臨むからである。彼らはわが民と共につるぎにわたされる。それゆえ、あなたのももを打て。
Kriye fò e rele anmwey, fis a lòm; paske li kont pèp Mwen an, li kont tout prens Israël yo. Yo vin livre a nepe a avèk pèp Mwen an. Akoz sa, frape kwis ou.
13 これはためしにすることではない。もしあなたが、つえをあざけったら、どういうことになろうか」と主なる神は言われる。
“Paske gen yon tribinal. Kisa pou di si menm baton ki kondanen an pa la ankò?” deklare Senyè BONDYE a.
14 「それゆえ、人の子よ、あなたは預言し、手を打ちならせ。つるぎを二度も三度も臨ませよ。これは人を殺すつるぎ、大いに殺すつるぎであって、彼らを囲むものである。
“Pou sa, ou menm, fis a lòm, pwofetize e bat men ou ansanm. Kite nepe a vin double pou twazyèm fwa a, nepe pou tout sila ak blesi fatal yo. Se nepe pou gran la ki pote yon blesi fatal. Nan chanm yo l ap antre.
15 これがために彼らの心は溶け、多くの者がすべての門に倒れる。わたしはひらめくつるぎを彼らに送る。ああ、これはいなずまのようになり、人を殺すためにみがかれている。
Pou kè yo ka fann, e anpil moun tonbe sou pòtay yo, Mwen te plase nepe klere a devan tout potay yo. Ah! Li fèt pou frape tankou loray; li byen pwenti ak lentansyon fè masak.
16 あなたの刃の向かうところで、右に左になぎ倒せ。
Rasanble nou menm. Ale adwat! Pozisyone ou byen alinye! Ale agoch, nenpòt kote ou gade.
17 わたしもまた、わたしの手を打ちならし、わたしの怒りをしずめると、主なるわたしは言った」。
Anplis, Mwen va bat men M ansanm; Mwen va satisfè chalè kòlè Mwen. Mwen, SENYÈ a, Mwen te pale li.”
18 主の言葉がまたわたしに臨んだ、
Pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di:
19 「人の子よ、バビロンの王のつるぎが来るために、二つの道を備えよ。この二つの道は一つの国から出ている。あなたは道しるべを作り、これを町に向かう道のはじめに置け。
“Pou ou menm, fis a lòm, fè de wout pou nepe wa Babylone nan kapab vini. Toulède va sòti nan yon sèl peyi. Epi fè yon endikasyon sou poto bwa. Fè l nan tèt wout pou antre nan vil la.
20 あなたはまたアンモンの人々のラバと、ユダと、堅固な城の町エルサレムとにつるぎの来る道を設けよ。
Ou va trase wout la pou nepe a vin rive nan Rabbath a fis a Ammon yo, e vè Juda, nan Jérusalem fòtifye a.
21 バビロンの王は道の分れ目、二つの道のはじめに立って占いをし、矢をふり、テラピムに問い、肝を見る。
Paske wa Babylone nan te kanpe nan kote wout yo divize a, nan tèt a de wout yo, pou fè sèvis divinò. Li te souke flèch yo, li konsilte zidòl lakay yo, li egzamine fwa a.
22 彼の右にエルサレムのために占いが出る。すなわち口を開いて叫び、声をあげ、ときを作り、門に向かって城くずしを設け、塁を築き、雲悌を建てよと言う。
Sou men dwat li, oso a an te parèt; ‘Jérusalem,’ pou monte ak gwo moso bwa long pou kraze pòtay yo, pou ouvri bouch pou masak la, pou leve vwa gwo kri batay la, pou mete gwo bout bwa long yo kont pòtay yo, pou monte ran syèj yo, pou bati yon miray syèj.
23 しかしこれは彼らの目には偽りの占いと思われ、彼らは堅き誓いをなした。しかし彼は、彼らを捕えることによって、罪を思い出させる。
Epi sa va pou yo kon yon fo divinasyon nan zye yo. Yo te fè sèman solanèl, men li mennen inikite nan memwa yo, pou yo ka vin sezi yo.
24 それゆえ、主なる神はこう言われる、あなたがたの罪は覚えられ、その反逆は現れ、その罪はすべてのわざに現れる。このようにあなたがたは、すでに覚えられているから、彼らの手に捕えられる。
“Akoz sa”, pale Senyè BONDYE a: ‘Akoz nou te mennen inikite nan memwa nou, nan sa, transgresyon nou yo vin dekouvri nèt. Konsa, pou tout zak nou yo, peche nou vin parèt—akoz nou vin sonje yo, men lan va vin sezi nou.
25 汚れた悪人であるイスラエルの君よ、あなたの終りの刑罰の時であるその日が来る。
“‘Epi ou menm, O nonm mechan an ak blesi fatal la, prens Israël la, ou menm ak jou ki rive a, nan moman pinisyon final lan.
26 主なる神はこう言われる、かぶり物を脱ぎ、冠を取り離せ。すべてのものは、そのままには残らない。卑しい者は高くされ、高い者は卑しくされる。
Konsa pale Senyè BONDYE a: “Retire mouchwa sou tèt ou a, e retire kouwòn nan. Sa p ap menm ankò. Leve sa ki ba e bese sa ki wo.
27 ああ破滅、破滅、破滅、わたしはこれをこさせる。わたしが与える権威をもつ者が来る時まで、その跡形さえも残らない。
Mwen va boulvèse, boulvèse, boulvèse tout sa a. Sa tou p ap genyen li ankò jiskaske Sila ki gen dwa a, vini, e Mwen va bay li a Li menm.”’
28 人の子よ、預言して言え。主なる神はアンモンの人々と、そのあざけりについて、こう言われる、つるぎがある。このつるぎは殺すために抜かれ、いなずまのようにひかりきらめくようにとがれている。
“Ou menm, fis a lòm, pwofetize e di: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a konsènan fis a Ammon yo e konsènan ‘repwòch’ yo: “Yon nepe, yon nepe fin rale! Li klere pou masak la, pou fè l konsonmen nèt, pou li kapab tankou loray.
29 彼らがあなたに偽りの幻を示し、偽りを占ったゆえ、これは殺さるべき悪しき者の首の上に置かれる。彼らの終りの刑罰の時であるその日がきている。
Pandan yo wè pou ou fo vizyon yo, pandan yo devine manti pou ou, pou mete ou sou kou a mechan ki gen blesi fatal la, jou a sila ki fin rive a, nan lè pinisyon final la.
30 これをさやに納めよ、わたしはあなたの造られた所、あなたの生れた地であなたをさばく。
Remete li nan fouwo a. Nan plas kote ou te kreye a, nan pwòp peyi ou an, Mwen va jije ou.
31 わたしの怒りをあなたに注ぎ、わたしの憤りの火をあなたに向けて燃やし、滅ぼすことに巧みな残忍な人の手にあなたを渡す。
Mwen va vide kòlè Mwen sou ou. Mwen va soufle sou ou ak dife kòlè Mwen e Mwen va livre ou nan men a lezòm brital yo; sila ak gran kapasite pou detwi.
32 あなたは火のための、たきぎとなり、あなたの血は国の中に流され、覚えられることはない、主なるわたしが言う」。
Ou va vinbwa sèch pou dife a; san ou va vide nan mitan peyi a. Yo p ap sonje ou ankò; paske Mwen menm, SENYÈ a, fin pale.”’”

< エゼキエル書 21 >