< エゼキエル書 15 >

1 主の言葉がわたしに臨んだ、
Konsa, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di:
2 「人の子よ、ぶどうの木、森の木のうちにあるぶどうの枝は、ほかの木になんのまさる所があるか。
Fis a lòm, kisa bwa chan rezen fè pou l pi bon pase nenpòt bwa branch lyann yo ki pami pyebwa forè yo?
3 その木は何かを造るために用いられるか。また人はこれを用いて、器物を掛ける木釘を造るだろうか。
Èske ou ka retire bwa sou li pou fè yon bagay, oswa èske moun ka fè yon kwòk ak li pou pann veso?
4 見よ、これは火に投げ入れられて燃える。火がその両端を焼いたとき、またその中ほどがこげたとき、それはなんの役に立つだろうか。
Si yo te mete li nan dife la pou brile, dife a fin manje de pwent li e mitan an fin boukannen tounwa. Konsa, èske li ka itil pou yon bagay?
5 見よ、これは完全な時でも、なんの用をもなさない。まして火がこれを焼き、これをこがした時には、なんの役に立つだろうか。
Gade byen, pandan li an bòn fòm nan, li pa itil anyen. Konbyen anmwens lè dife fin manje li e vin boukannen l tounwa a, pou l ka itil pou fè yon bagay!
6 それゆえ主なる神はこう言われる、わたしが森の木の中のぶどうの木を、火に投げ入れて焼くように、エルサレムの住民をそのようにする。
Pou sa, konsa pale Senyè BONDYE a: “Jan lyann yo pami tout pyebwa forè yo, ke m te bay nan dife pou brile a, se konsa mwen te bay moun ki rete Jérusalem yo.
7 わたしはわたしの顔を彼らに向けて攻める。彼らがその火からのがれても、火は彼らを焼き尽す。わたしが顔を彼らに向けて攻める時、あなたがたはわたしが主であることを知る。
Mwen mete figi M kont yo. Byenke yo te sòti nan dife a, malgre sa, dife a va manje yo. Ou va konnen ke Mwen se SENYÈ a, lè Mwen mete figi M kont yo.
8 彼らが、もとりそむいたゆえに、わたしはこの地を荒れ地とすると、主なる神は言われる」。
Konsa, Mwen va fè tè a vin dezole, akoz yo te aji ak enfidelite,” deklare Senyè BONDYE a.

< エゼキエル書 15 >