< 出エジプト記 9 >

1 主はモーセに言われた、「パロのもとに行って、彼に言いなさい、『ヘブルびとの神、主はこう仰せられる、「わたしの民を去らせて、わたしに仕えさせなさい。
Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Ale bò kote Farawon e pale avèk li: ‘Konsa pale SENYÈ a, Bondye a Ebre yo: Kite pèp Mwen an ale, pou yo kapab sèvi Mwen.
2 あなたがもし彼らを去らせることを拒んで、なお彼らを留めおくならば、
Paske si ou refize kite yo ale, e kontinye kenbe yo,
3 主の手は最も激しい疫病をもって、野にいるあなたの家畜、すなわち馬、ろば、らくだ、牛、羊の上に臨むであろう。
gade byen, men Bondye va vini avèk yon epidemi byen sevè sou bèt ki nan chan ou yo, sou cheval yo, sou bourik yo, sou chamo yo, sou twoupo yo, ak sou bann mouton yo.
4 しかし、主はイスラエルの家畜と、エジプトの家畜を区別され、すべてイスラエルの人々に属するものには一頭も死ぬものがないであろう」と』」。
Men SENYÈ a va distenge antre bèt Israël yo avèk bèt Ejipsyen yo, pou okenn pa mouri nan sa ki pou fis Israël yo.’”
5 主は、また、時を定めて仰せられた、「あす、主はこのことを国に行うであろう」。
SENYÈ a te etabli yon tan detèmine, e Li te di: “Demen SENYÈ a va fè bagay sa a nan peyi a.”
6 あくる日、主はこのことを行われたので、エジプトびとの家畜はみな死んだ。しかし、イスラエルの人々の家畜は一頭も死ななかった。
Alò, SENYÈ a te fè bagay sa a nan jou ki te vini an, e tout bèt Égypte yo te mouri; men pou bèt fis Israël yo, pa gen youn ki te mouri.
7 パロは人をつかわして見させたが、イスラエルの家畜は一頭も死んでいなかった。それでもパロの心はかたくなで、民を去らせなかった。
Farawon te voye, e gade byen, pa menm youn nan bèt Israël yo pa t mouri. Men kè Farawon te vin di, e li pa t kite pèp la ale.
8 主はモーセとアロンに言われた、「あなたがたは、かまどのすすを両手いっぱい取り、それをモーセはパロの目の前で天にむかって、まき散らしなさい。
Alò SENYÈ a te di a Moïse avèk Aaron: “Pran kèk men plen avèk poud chabon ki sòti nan fou kanari yo, e kite Moïse voye li vè syèl la devan zye a Farawon.
9 それはエジプトの全国にわたって、細かいちりとなり、エジプト全国で人と獣に付いて、うみの出るはれものとなるであろう」。
Li va vin fè yon poud fen ki kouvri tout peyi Égypte la, e li va devni gwo bouton k ap pete tankou maleng ni sou moun ni sou bèt.”
10 そこで彼らは、かまどのすすを取ってパロの前に立ち、モーセは天にむかってこれをまき散らしたので、人と獣に付いて、うみの出るはれものとなった。
Alò yo te pran chabon ki sòti nan fou kanari yo, e yo te kanpe devan Farawon; epi Moïse te voye li vè syèl la, e li te devni gwo bouton k ap pete tankou maleng ni sou moun, ni sou bèt.
11 魔術師らは、はれもののためにモーセの前に立つことができなかった。はれものが魔術師らと、すべてのエジプトびとに生じたからである。
Majisyen yo pa t kab kanpe devan Moïse akoz bouton yo, paske bouton yo te sou majisyen yo menm jan ak tout Ejipsyen yo.
12 しかし、主はパロの心をかたくなにされたので、彼は主がモーセに語られたように、彼らの言うことを聞かなかった。
Men SENYÈ a te fè kè Farawon vin di, e li pa t koute yo, jan ke SENYÈ a te di a Moïse la.
13 主はまたモーセに言われた、「朝早く起き、パロの前に立って、彼に言いなさい、『ヘブルびとの神、主はこう仰せられる、「わたしの民を去らせて、わたしに仕えさせなさい。
Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Leve granmmaten e kanpe devan Farawon pou di li: ‘Konsa pale SENYÈ a, Bondye a Ebre yo: Kite pèp Mwen an ale, pou yo kapab sèvi Mwen.
14 わたしは、こんどは、もろもろの災を、あなたと、あなたの家来と、あなたの民にくだし、わたしに並ぶものが全地にないことを知らせるであろう。
Paske fwa sa a, Mwen va voye tout fleyo Mwen yo sou kè ou, avèk sèvitè ou yo, avèk pèp ou a, pou ou kab konnen ke nanpwen lòt tankou Mwen sou tout latè.
15 わたしがもし、手をさし伸べ、疫病をもって、あなたと、あなたの民を打っていたならば、あなたは地から断ち滅ぼされていたであろう。
“‘Paske si Mwen te deja lonje men M pou frape ou ak pèp ou a avèk epidemi, nou t ap deja disparèt sou latè.
16 しかし、わたしがあなたをながらえさせたのは、あなたにわたしの力を見させるため、そして、わたしの名が全地に宣べ伝えられるためにほかならない。
Men vrèman, pou rezon sa a, Mwen kite nou la jiska prezan: pou M kapab montre nou pouvwa Mwen e pwoklame pouvwa Mwen sou tout latè.
17 それに、あなたはなお、わたしの民にむかって、おのれを高くし、彼らを去らせようとしない。
Malgre sa, ou toujou monte tèt ou kont pèp Mwen an, lè ou refize kite yo ale.
18 ゆえに、あすの今ごろ、わたしは恐ろしく大きな雹を降らせるであろう。それはエジプトの国が始まった日から今まで、かつてなかったほどのものである。
“‘Gade byen, vè lè sa a demen, Mwen va voye lagrèl byen gwo, tankou yo pa janm wè an Égypte depi lè li te fonde, jiska prezan.
19 それゆえ、いま、人をやって、あなたの家畜と、あなたが野にもっているすべてのものを、のがれさせなさい。人も獣も、すべて野にあって家に帰らないものは降る雹に打たれて死ぬであろう」と』」。
Alò, pou sa, mennen bèt nou yo avèk nenpòt sa nou gen nan chan an anba pwoteksyon. Chak moun oswa bèt ki twouve yo nan chan an, e ki pa mennen lakay yo, lè lagrèl la vin desann sou yo, yo va mouri.’”
20 パロの家来のうち、主の言葉をおそれる者は、そのしもべと家畜を家にのがれさせたが、
Sèman sila pami sèvitè Farawon yo ki te krent pawòl SENYÈ a te fè pwòp sèvitè li yo avèk bèt li yo sove ale nan kay yo.
21 主の言葉を意にとめないものは、そのしもべと家畜を野に残しておいた。
Men sila ki pa t okipe sa yo, te kite sèvitè li yo avèk bèt li yo nan chan an.
22 主はモーセに言われた、「あなたの手を天にむかってさし伸べ、エジプトの全国にわたって、エジプトの地にいる人と獣と畑のすべての青物の上に雹を降らせなさい」。
Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Lonje men ou vè syèl la, pou lagrèl kapab tonbe sou tout tè Égypte la, sou moun, sou bèt, e sou chak plan nan chan tout kote nan peyi Égypte la.”
23 モーセが天にむかってつえをさし伸べると、主は雷と雹をおくられ、火は地にむかって、はせ下った。こうして主は、雹をエジプトの地に降らされた。
Moïse te lonje baton li vè syèl la, e SENYÈ a te voye zeklè, loray avèklagrèl, avèk gwo kout dife ki te kouri rive jis atè. Konsa, SENYÈ a te fè lagrèl desann sou tout tè Égypte la.
24 そして雹が降り、雹の間に火がひらめき渡った。雹は恐ろしく大きく、エジプト全国には、国をなしてこのかた、かつてないものであった。
Alò te gen lagrèl, avèk dife ki te lanse, ki t ap vòltije tout tan nan mitan lagrèl la, byen sevè, jan peyi Égypte la pa t janm wè depi li te devni yon nasyon.
25 雹はエジプト全国にわたって、すべて畑にいる人と獣を打った。雹はまた畑のすべての青物を打ち、野のもろもろの木を折り砕いた。
Lagrèl la te frape tout sa ki te nan chan nan tout pati an Égypte, ni moun, ni bèt. Lagrèl la te frape osi chak plan nan chan an epi te chire an mòso chak bwa nan chan an.
26 ただイスラエルの人々のいたゴセンの地には、雹が降らなかった。
Sèlman nan peyi Gosen an, kote fis Israël yo te ye a, pa t gen lagrèl la.
27 そこで、パロは人をつかわし、モーセとアロンを召して言った、「わたしはこんどは罪を犯した。主は正しく、わたしと、わたしの民は悪い。
Alò, Farawon te voye kote Moïse avèk Aaron, e te di yo: “Mwen te peche fwa sa a. SENYÈ a se sila ki dwat la, epi mwen avèk pèp mwen an se nou ki mechan.
28 主に祈願してください。この雷と雹はもうじゅうぶんです。わたしはあなたがたを去らせます。もはやとどまらなくてもよろしい」。
Fè lapriyè bay SENYÈ a, paske te gen kont tonnè avèk lagrèl. Mwen va kite nou ale, e nou p ap rete ankò.”
29 モーセは彼に言った、「わたしは町を出ると、すぐ、主にむかってわたしの手を伸べひろげます。すると雷はやみ、雹はもはや降らなくなり、あなたは、地が主のものであることを知られましょう。
Moïse te di li: “Depi mwen kite vil la, m ap ouvri men m bay SENYÈ a. Tonnè a va sispann, e p ap gen lagrèl ankò, pou ou kapab konnen ke tè a se pou SENYÈ a.
30 しかし、あなたとあなたの家来たちは、なお、神なる主を恐れないことを、わたしは知っています」。
Men pou ou menm, avèk sèvitè ou yo, mwen konnen ke nou poko krent SENYÈ Bondye a.”
31 亜麻と大麦は打ち倒された。大麦は穂を出し、亜麻は花が咲いていたからである。
Alò pye koton swa yo avèk lòj la te gate, paske lòj la te fè gwo tèt, e koton swa a t ap boujonnen.
32 小麦とスペルタ麦はおくてであるため打ち倒されなかった。
Men ble a avèk pitimi a pa t gate paske yo te vin mi pita.
33 モーセはパロのもとを去り、町を出て、主にむかって手を伸べひろげたので、雷と雹はやみ、雨は地に降らなくなった。
Alò, Moïse te kite vil la sòti devan Farawon, e li te lonje men li vè SENYÈ a; epi tonnè avèk lagrèl la te sispann, e lapli pa t tonbe sou latè ankò.
34 ところがパロは雨と雹と雷がやんだのを見て、またも罪を犯し、心をかたくなにした。彼も家来も、そうであった。
Men lè Farawon te wè ke lapli avèk tonnè a te sispann, li te peche ankò, e li te andisi kè l, li menm avèk sèvitè li yo.
35 すなわちパロは心をかたくなにし、主がモーセによって語られたように、イスラエルの人々を去らせなかった。
Kè Farawon te vin di, e li pa t kite fis Israël yo ale, jan SENYÈ a te pale ak Moïse la.

< 出エジプト記 9 >