< 出エジプト記 25 >

1 主はモーセに言われた、
Alò, SENYÈ a te pale a Moïse. Li te di:
2 「イスラエルの人々に告げて、わたしのためにささげ物を携えてこさせなさい。すべて、心から喜んでする者から、わたしにささげる物を受け取りなさい。
“Pale fis Israël yo pou yo rasanble yon ofrann pou Mwen. Soti nan chak òm ki gen bon kè ou va resevwa yon ofrann.
3 あなたがたが彼らから受け取るべきささげ物はこれである。すなわち金、銀、青銅、
“Sa se ofrann ke nou va rekeyi nan men yo: lò, lajan, ak bwonz,
4 青糸、紫糸、緋糸、亜麻の撚糸、やぎの毛糸、
Twal nan koulè ble, mov, ak wouj, avèk twal fen blan, pwal kabrit,
5 あかね染の雄羊の皮、じゅごんの皮、アカシヤ材、
po belye fonse wouj, po dofen bwa akasya,
6 ともし油、注ぎ油と香ばしい薫香のための香料、
lwil pou limyè, epis pou lwil onksyon, e pou lansan santi bon
7 縞めのう、エポデと胸当にはめる宝石。
pyè oniks ak pyè baz bijou pou efòd la, e pou pyès vètman lestomak la.
8 また、彼らにわたしのために聖所を造らせなさい。わたしが彼らのうちに住むためである。
“Kite yo konstwi yon sanktyè pou Mwen, pou Mwen kapab rete pami yo.
9 すべてあなたに示す幕屋の型および、そのもろもろの器の型に従って、これを造らなければならない。
Selon tout sa ke M gen pou montre nou, kòm modèl tabènak la, ak patwon tout mèb li yo, se konsa ojis ke nou va konstwi li.
10 彼らはアカシヤ材で箱を造らなければならない。長さは二キュビト半、幅は一キュビト半、高さは一キュビト半。
“Yo va konstwi yon lach avèk bwa akasya, de koude edmi nan longè, yon koude edmi nan lajè, ak yon koude edmi nan wotè.
11 あなたは純金でこれをおおわなければならない。すなわち内外ともにこれをおおい、その上の周囲に金の飾り縁を造らなければならない。
Ou va kouvri li avèk lò pi ni anndan, ni deyò. Fè yon kouch lò pou kouvri li nèt, e fè yon woulèt lò pou antoure li.
12 また金の環四つを鋳て、その四すみに取り付けなければならない。すなわち二つの環をこちら側に、二つの環をあちら側に付けなければならない。
Ou va fonde kat gwo wondèl pou li, e tache yo nan kat pye li yo, epi de wondèl va yon kote, e de wondèl yon lòt kote.
13 またアカシヤ材のさおを造り、金でこれをおおわなければならない。
“Ou va fè poto ak bwa akasya e kouvri yo avèk yon kouch lò.
14 そしてそのさおを箱の側面の環に通し、それで箱をかつがなければならない。
Ou va mete poto yo pase anndan wondèl yo sou kote lach la, e pote lach la avèk yo.
15 さおは箱の環に差して置き、それを抜き放してはならない。
Poto yo va rete nan wondèl lach yo. Yo p ap retire sou li.
16 そしてその箱に、わたしがあなたに与えるあかしの板を納めなければならない。
Ou va mete nan lach la temwayaj ke Mwen va bay ou a.
17 また純金の贖罪所を造らなければならない。長さは二キュビト半、幅は一キュビト半。
“Ou va fè yon chèz pwopyatwa avèk lò pi, de koude edmi nan longè, ak yon koude edmi nan lajè.
18 また二つの金のケルビムを造らなければならない。これを打物造りとし、贖罪所の両端に置かなければならない。
Ou va fè de cheriben an lò, fè yo tankou yon zèv an lò ki bat avèk zouti nan de bout a chèz pwopyatwa a.
19 一つのケルブをこの端に、一つのケルブをかの端に造り、ケルビムを贖罪所の一部としてその両端に造らなければならない。
Fè yon cheriben nan yon pwent, e youn lòt nan lòt pwent lan. Ou va fè cheriben yo tankou yon sèl pyès avèk chèz pwopyatwa a, nan de pwent li.
20 ケルビムは翼を高く伸べ、その翼をもって贖罪所をおおい、顔は互にむかい合い、ケルビムの顔は贖罪所にむかわなければならない。
Cheriben yo va gen zèl yo k ap ouvri pa anlè. Yo va kouvri chèz pwopyatwa a avèk zèl yo, epi figi a youn ap vire vè lòt. Konsa, fas toude cheriben yo ap gade vè chèz pwopyatwa a.
21 あなたは贖罪所を箱の上に置き、箱の中にはわたしが授けるあかしの板を納めなければならない。
“Ou va mete chèz pwopyatwa a sou lach la, e nan lach la ou va mete temwayaj ke Mwen va bay ou a.
22 その所でわたしはあなたに会い、贖罪所の上から、あかしの箱の上にある二つのケルビムの間から、イスラエルの人々のために、わたしが命じようとするもろもろの事を、あなたに語るであろう。
La Mwen va rakontre avèk ou, epi soti anwo chèz pwopyatwa a, nan antre de cheriben yo ki sou lach temwayaj la, Mwen va pale avèk ou selon tout sa ke Mwen va ba ou nan kòmandman pou fis Israël yo.
23 あなたはまたアカシヤ材の机を造らなければならない。長さは二キュビト、幅は一キュビト、高さは一キュビト半。
“Ou va fè yon tab avèk bwa akasya, de koude nan longè, yon koude nan lajè e yon koude edmi nan wotè.
24 純金でこれをおおい、周囲に金の飾り縁を造り、
Ou va kouvri li avèk yon kouch lò pi, e antoure li avèk yon woulèt fèt an lò.
25 またその周囲に手幅の棧を造り、その棧の周囲に金の飾り縁を造らなければならない。
Ou va fè yon rebò lajè kat dwat pou antoure li, e ou va fè yon bòdi pou rebò ki antoure li a.
26 また、そのために金の環四つを造り、その四つの足のすみ四か所にその環を取り付けなければならない。
“Ou va fè kat wondèl an lò pou li, e mete wondèl yo sou kat kwen ki sou kat pye li yo.
27 環は棧のわきに付けて、机をかつぐさおを入れる所としなければならない。
Wondèl yo va toupre rebò a kòm soutyen k ap resevwa poto k ap pote tab la.
28 またアカシヤ材のさおを造り、金でこれをおおい、それをもって、机をかつがなければならない。
Ou va fè poto yo avèk bwa akasya e kouvri yo avèk yon kouch lò, dekwa ke pa yo menm, tab la kapab pote.
29 また、その皿、乳香を盛る杯および灌祭を注ぐための瓶と鉢を造り、これらは純金で造らなければならない。
“Ou va fè asyèt, kiyè yo, louch ak chodyè yo, avèk bòl li yo k ap sèvi pou vide ofrann yo. Ou va fè yo avèk lò pi.
30 そして机の上には供えのパンを置いて、常にわたしの前にあるようにしなければならない。
“Ou va mete pen Prezans lan sou tab la devan Mwen pou li la tout lè.
31 また純金の燭台を造らなければならない。燭台は打物造りとし、その台、幹、萼、節、花を一つに連ならせなければならない。
“Alò, ou va fè yon chandelye avèk lò pi. Chandelye a avèk baz ak pyè li yo gen pou fòme avèk lò ki bat. Tas li yo, boujon li yo, avèk flè li yo va fèt nan yon sèl pyès avèk li.
32 また六つの枝をそのわきから出させ、燭台の三つの枝をこの側から、燭台の三つの枝をかの側から出させなければならない。
“Sis branch yo va soti sou kote li yo; twa branch chandelye a nan yon bò, e twa branch chandelye a nan lòtbò a.
33 あめんどうの花の形をした三つの萼が、それぞれ節と花をもって一つの枝にあり、また、あめんどうの花の形をした三つの萼が、それぞれ節と花をもってほかの枝にあるようにし、燭台から出る六つの枝を、みなそのようにしなければならない。
Twa tas yo va fòme tankou flè zanmann sou yon branch, yon boujon, yon flè, e twa tas yo fòme tankou flè zanmann sou lòt branch lan, yon boujon avèk yon flè—konsa pou sis branch yo sòti nan chandelye a;
34 また、燭台の幹には、あめんどうの花の形をした四つの萼を付け、その萼にはそれぞれ節と花をもたせなさい。
Epi nan chandelye a, kat tas ki fòme tankou flè zanmann yo, avèk boujon ak flè li.
35 すなわち二つの枝の下に一つの節を取り付け、次の二つの枝の下に一つの節を取り付け、更に次の二つの枝の下に一つの節を取り付け、燭台の幹から出る六つの枝に、みなそのようにしなければならない。
Yon boujon va vin mete anba premye pè branch ki sòti nan li yo, e yon boujon anba dezyèm pè branch ki sòti nan li yo, pou tout sis branch k ap sòti nan chandelye yo.
36 それらの節と枝を一つに連ね、ことごとく純金の打物造りにしなければならない。
Boujon pa yo avèk branch pa yo va fèt nan yon sèl pyès avèk li. Yo tout va fòme yon èv nan yon sèl pyès, fòme avèk mato ak lò pi.
37 また、それのともしび皿を七つ造り、そのともしび皿に火をともして、その前方を照させなければならない。
“Alò, ou va fè sèt lanp e yo va monte yo nan yon sans k ap voye limyè sou espas ki devan li an.
38 その芯切りばさみと、芯取り皿は純金で造らなければならない。
Etoufè yo avèk asyèt pa yo va fèt avèk lò pi.
39 すなわち純金一タラントで燭台と、これらのもろもろの器とが造られなければならない。
Li va fèt avèk yon talan swasann-kenz liv lò avèk tout bagay itil sa yo.
40 そしてあなたが山で示された型に従い、注意してこれを造らなければならない。
“Veye pou nou fè yo selon patwon ki pou yo a, ki te montre a ou nan mòn nan.”

< 出エジプト記 25 >