< サムエル記Ⅱ 22 >

1 ダビデは主がもろもろの敵の手とサウルの手から、自分を救い出された日に、この歌の言葉を主に向かって述べ、
David te pale pawòl a chan sila yoa SENYÈ a nan jou ke SENYÈ a te delivre li soti nan men a tout lènmi li yo ak nan men a Saül.
2 彼は言った、「主はわが岩、わが城、わたしを救う者、
Li te di: “SENYÈ a se wòch mwen, fòterès mwen ak liberatè mwen;
3 わが神、わが岩。わたしは彼に寄り頼む。わが盾、わが救の角、わが高きやぐら、わが避け所、わが救主。あなたはわたしを暴虐から救われる。
Bondye mwen an, wòch mwen an, nan sila mwen twouve pwotèj la; boukliye e kòn delivrans mwen, sitadèl mwen ak refij mwen. Se konsa mwen va sove devan ledmi mwen yo.
4 わたしは、ほめまつるべき主に呼ばわって、わたしの敵から救われる。
Mwen rele a SENYÈ a, ki merite lwanj. Se konsa mwen sove de lènmi mwen yo.
5 死の波はわたしをとりまき、滅びの大水はわたしを襲った。
Paske volas lanmò te antoure mwen; gran flèv destriksyon yo te monte sou mwen nèt.
6 陰府の綱はわたしをとりかこみ、死のわなはわたしに、たち向かった。 (Sheol h7585)
Kòd a sejou lanmò te antoure mwen; pèlen lanmò yo te menase m. (Sheol h7585)
7 苦難のうちにわたしは主を呼び、またわが神に呼ばわった。主がその宮からわたしの声を聞かれて、わたしの叫びはその耳にとどいた。
Nan gran twoub mwen, mwen te rele SENYÈ a. Wi, mwen te rele a Bondye mwen an. Soti nan tanp Li an, Li te tande vwa m. Kri sekou mwen te anndan zòrèy Li.
8 その時地は震いうごき、天の基はゆるぎふるえた。彼が怒られたからである。
Latè te tranble e souke. Fondasyon syèl la t ap tranble. Yo te sombre, akoz Li te fache.
9 煙はその鼻からたち上り、火はその口から出て焼きつくし、白熱の炭は彼から燃え出た。
Lafimen te monte sòti nan nen L. Dife soti nan bouch Li a te devore. Chabon te fèt pa li.
10 彼は天を低くして下られ、暗やみが彼の足の下にあった。
Anplis, Li te rale bese syèl yo e te desann. Yon tenèb byen pwès te anba pye L yo.
11 彼はケルブに乗って飛び、風の翼に乗ってあらわれた。
Li te monte sou yon cheriben, Li te vole. Li te parèt sou zèl a van an.
12 彼はその周囲に幕屋として、やみと濃き雲と水の集まりとを置かれた。
Li te fè tenèb la yon tant Ki antoure Li, yon vwa dlo, nwaj pwès syèl yo
13 そのみ前の輝きから炭火が燃え出た。
soti nan gran klète devan L, Bout chabon dife yo vin limen.
14 主は天から雷をとどろかせ、いと高き者は声を出された。
SENYÈ a te eklate depi nan syèl la, e vwa Pli Wo a te reponn.
15 彼はまた矢を放って彼らを散らし、いなずまを放って彼らを撃ち破られた。
Li te lanse flèch pou te gaye yo. Loray! E yo te sove ale.
16 主のとがめと、その鼻のいぶきとによって、海の底はあらわれ、世界の基が、あらわになった。
Kanal lanmè yo te vin parèt. Fondasyon mond lan te dekouvri nèt, pa repwoch SENYÈ a, ak fòs vann a ki soti nan ne l.
17 彼は高き所から手を伸べてわたしを捕え、大水の中からわたしを引き上げ、
Li te voye soti anwo, Li te pran m. Li te rale mwen sòti nan pil dlo yo.
18 わたしの強い敵と、わたしを憎む者とからわたしを救われた。彼らはわたしにとって、あまりにも強かったからだ。
Li te delivre mwen devan lènmi m byen fò, Soti nan sila ki te rayi mwen yo. Paske yo te twò fò pou mwen.
19 彼らはわたしの災の日にわたしに、たち向かった。しかし主はわたしの支柱となられた。
Yo te kanpe parèt devan m nan jou gran doulè a, Men SENYÈ a te soutyen mwen.
20 彼はまたわたしを広い所へ引きだされ、わたしを喜ばれて、救ってくださった。
Anplis, Li te mennen m nan yon kote byen laj. Li te fè m chape, paske Li te kontan anpil avè m.
21 主はわたしの義にしたがってわたしに報い、わたしの手の清きにしたがってわたしに報いかえされた。
SENYÈ a te rekonpanse mwen selon ladwati mwen. Selon men pwòp mwen, Li te fè m twouve rekonpans.
22 それは、わたしが主の道を守り、悪を行わず、わが神から離れたことがないからである。
Paske mwen te kenbe chemen SENYÈ a. Mwen pa t aji avèk mechanste kont Bondye mwen an.
23 そのすべてのおきてはわたしの前にあって、わたしはその、み定めを離れたことがない。
Paske tout òdonans Li yo te devan m. Règleman Li yo, mwen pa t janm kite.
24 わたしは主の前に欠けた所なく、自らを守って罪を犯さなかった。
Anplis, mwen te san fot devan L. Mwen te rete lib de inikite mwen.
25 それゆえ、主はわたしの義にしたがい、その目のまえにわたしの清きにしたがって、わたしに報いられた。
Pou sa, SENYÈ a te rekonpanse m. Selon ladwati mwen, Selon jan mwen pwòp devan zye Li.
26 忠実な者には、あなたは忠実な者となり、欠けた所のない人には、あなたは欠けた所のない者となり、
Avèk sila de bon kè yo, Ou montre bon kè Ou. Avèk sila ki san fot yo, Ou parèt san fot.
27 清い者には、あなたは清い者となり、まがった者には、かたいぢな者となられる。
Avèk sila ki san tach yo, Ou montre jan Ou san tach, Epi avèk sila ki kwochi, Ou vin parèt avèk entèlijans.
28 あなたはへりくだる民を救われる、しかしあなたの目は高ぶる者を見てこれをひくくせられる。
Ou fè sekou a sila ki aflije yo, men zye Ou rete sou sila ki ògeye yo, pou Ou fè yo bese.
29 まことに、主よ、あなたはわたしのともし火、わが神はわたしのやみを照される。
Paske se ou ki lanp mwen, O SENYÈ. Konsa, SENYÈ a vin klere tout tenèb mwen.
30 まことに、あなたによってわたしは敵軍をふみ滅ぼし、わが神によって石がきをとび越えることができる。
Paske avèk Ou, Mwen kapab kouri sou yon ekip sòlda.
31 この神こそ、その道は非のうちどころなく、主の約束は真実である。彼はすべて彼に寄り頼む者の盾である。
Pou Bondye, chemen pa li a san fot. Pawòl SENYÈ a fin fè prèv. Li pwoteje tout sila yo ki kache nan Li.
32 主のほかに、だれが神か、われらの神のほか、だれが岩であるか。
Paske se kilès Bondye ye, Sof ke SENYÈ a? Epi kilès ki se yon woche, Sof ke Bondye pa nou an?
33 この神こそわたしの堅固な避け所であり、わたしの道を安全にされた。
Bondye se sitadèl fòs mwen. Li fè chemen m san fot.
34 わたしの足をめじかの足のようにして、わたしを高い所に安全に立たせ、
Li fè pye m tankou pye a sèf, ki fè m chita nan plas ki wo.
35 わたしの手を戦いに慣らされたので、わたしの腕は青銅の弓を引くことができる。
Li enstwi men m yo pou batay la, Pou bra mwen kab koube banza fèt an Bwonz.
36 あなたはその救の盾をわたしに与え、あなたの助けは、わたしを大いなる者とされた。
Ou te osi ban mwen Boukliye Sali Ou a, e se soutyen Ou ki fè m pwisan.
37 あなたはわたしが歩く広い場所を与えられたので、わたしの足はすべらなかった。
Ou elaji pla pye mwen anba m, e pye m pa janm chape.
38 わたしは敵を追って、これを滅ぼし、これを絶やすまでは帰らなかった。
Mwen te kouri dèyè lènmi mwen yo, e mwen te detwi yo. Mwen pa t vire fè bak jiskaske mwen te fin manje nèt.
39 わたしは彼らを絶やし、彼らを砕いたので彼らは立つことができず、わたしの足もとに倒れた。
Epi mwen te devore yo, mwen te kraze yo, Jiskaske yo pa t janm leve. Konsa, yo te tonbe anba pye mwen.
40 あなたは戦いのために、わたしに力を帯びさせわたしを攻める者をわたしの下にかがませられた。
Paske Ou te kouvri senti m ak fòs pou batay la. Ou te soumèt anba m sila ki te leve kont mwen yo.
41 あなたによって、敵はそのうしろをわたしに向けたので、わたしを憎む者をわたしは滅ぼした。
Ou te osi fè lènmi m yo vire do ban mwen, Epi mwen te detwi sila ki te rayi mwen yo.
42 彼らは見まわしたが、救う者はいなかった。彼らは主に叫んだが、彼らには答えられなかった。
Yo te gade, men nanpwen moun ki te pou te sove yo; menm anvè SENYÈ a, men Li pa t reponn yo.
43 わたしは彼らを地のちりのように細かに打ちくだき、ちまたのどろのように、踏みにじった。
Alò mwen te fè poud ak yo tankou pousyè tè a. Mwen te kraze e te foule yo Tankou kras labou lari.
44 あなたはわたしを国々の民との争いから救い出し、わたしをもろもろの国民のかしらとされた。わたしの知らなかった民がわたしに仕えた。
Ou te osi delivre mwen sòti nan rebelyon ak zen pèp mwen an. Ou te kenbe m kòm chèf sou nasyon yo,
45 異国の人たちはきてわたしにこび、わたしの事を聞くとすぐわたしに従った。
Etranje yo abese devan m. Depi yo tande, yo obeyi.
46 異国の人たちは、うちしおれてその城からふるえながら出てきた。
Etranje yo pèdi fòs. Yo sòti tranblan nan kote kache yo.
47 主は生きておられる。わが岩はほむべきかな。わが神、わが救の岩はあがむべきかな。
SENYÈ a vivan! Beni, se wòch mwen an! Egzalte, se Bondye, wòch sali mwen an.
48 この神はわたしのために、あだを報い、もろもろの民をわたしの下に置かれた。
Menm Bondye ki egzekite vanjans pou mwen an, Li ki rale fè desann lòt pèp yo anba m nan,
49 またわたしを敵から救い出し、あだの上にわたしをあげ、暴虐の人々からわたしを救い出された。
Ki osi fè m sòti devan lènmi mwen yo. Wi, Ou menm fè m leve anwo sila Ki vin leve kont mwen yo. Ou ban m sekou devan moun ki vyolan yo.
50 それゆえ、主よ、わたしはもろもろの国民の中で、あなたをたたえ、あなたの、み名をほめ歌うであろう。
Pou sa, mwen va ba Ou remèsiman, O SENYÈ, pami nasyon yo. Mwen va chante lwanj a non Ou.
51 主はその王に大いなる勝利を与え、油を注がれた者に、ダビデとその子孫とに、とこしえに、いつくしみを施される」。
Li se yon gran sitadèl delivrans pou wa Li a, ki montre lanmou dous a onksyone pa Li a, Menm a David avèk desandan pa li yo, jis pou tout tan.”

< サムエル記Ⅱ 22 >