< 詩篇 94 >

1 ヱホバよ仇をかへすは汝にあり神よあたを報すはなんぢにあり ねがはくは光をはなちたまへ
O SENYÈ, Bondye a vanjans lan, Bondye a vanjans lan, kite limyè vin parèt!
2 世をさばきたまふものよ 願くは起てたかぶる者にそのうくべき報をなしたまへ
Vin leve, O Jij sou tè a. Bay rekonpans a moun ògeye yo.
3 ヱホバよ惡きもの幾何のときを經んとするや あしきもの勝誇りていくそのとしを經るや
Pou konbyen de tan mechan yo, O SENYÈ, pou konbyen de tan mechan yo va leve tèt yo wo?
4 かれらはみだりに言をいだして誇りものいふ すべて不義をおこなふ者はみづから高ぶれり
Yo vide pawòl yo, yo pale avèk ògèy. Tout moun ki fè mechanste yo vante tèt yo.
5 ヱホバよ彼等はなんぢの民をうちくだき なんぢの業をそこなふ
Yo kraze pèp Ou a, O SENYÈ. Yo aflije eritaj Ou a.
6 かれらは嫠婦と旅人との生命をうしなひ孤子をころす
Yo touye vèv yo avèk etranje a. Yo asasine òfelen yo.
7 かれらはいふ ヤハは見ずヤコブの神はさとらざるべしと
Yo fin di: “SENYÈ a pa wè, ni Bondye Jacob la p ap okipe sa a.”
8 民のなかなる無知よ なんぢらさとれ 愚かなる者よ いづれのときにか智からん
Veye sa a, nou menm ki ensansib pami pèp la; Kilè n ap konprann, nou menm ki bèt?
9 みみを植るものきくことをせざらんや 目をつくれるもの見ることをせざらんや
(Sila) ki plante zòrèy la, èske Li pa tande? (Sila) ke te fòme zye a, èske Li pa wè.
10 もろもろの國ををしふる者ただすことを爲ざらんや 人に知識をあたふる者しることなからんや
(Sila) ki fè chatiman nasyon yo, èske Li p ap fè repwòch? (Sila) ki enstwi lòm; Li konnen!
11 ヱホバは人の思念のむなしきを知りたまふ
SENYÈ a konnen panse a lòm, ke se sèlman yon souf ke yo ye.
12 ヤハよなんぢの懲めたまふ人なんぢの法ををしへらるる人は さいはひなるかな
Beni se nonm ke Ou bay chatiman an, O SENYÈ, ke Ou enstwi nan lalwa Ou a,
13 かかる人をわざはひの日よりのがれしめ 惡きもののために坑のほらるるまで これに平安をあたへたまはん
pou Ou kapab bay li sekou nan jou advèsite yo, jiskaske yon fòs fin fouye pou mechan yo.
14 そはヱホバその民をすてたまはず その嗣業をはなれたまはざるなり
Paske SENYÈ a p ap abandone pèp Li a, ni Li p ap lage pèp eritaj Li a.
15 審判はただしきにかへり心のなほき者はみなその後にしたがはん
Paske jijman an va devni dwat ankò e tout pèp ladwati yo va swiv li.
16 誰かわがために起りたちて惡きものを責んや 誰か我がために立て不義をおこなふ者をせめんや
Se kilès ki va kanpe pou mwen kont malfektè yo? Se kilès ki va pran pozisyon li pou mwen kont (sila) ki fè mechanste yo?
17 もしヱホバ我をたすけたまはざりせば わが霊魂はとくに幽寂ところに住ひしならん
Si SENYÈ a pa t sekou mwen, nanm mwen ta fin abite nan andwa silans lan.
18 されどわが足すべりぬといひしとき ヱホバよなんぢの憐憫われをささへたまへり
Si mwen ta di: “Pye m glise,” Lanmou dous Ou a, O SENYÈ, va kenbe m.
19 わがうちに憂慮のみつる時 なんぢの安慰わがたましひを喜ばせたまふ
Lè panse twoub mwen yo vin ogmante anndan m, konsolasyon Ou yo fè kè m kontan.
20 律法をもて害ふことをはかる惡の位はなんぢに親むことを得んや
Èske yon twòn mechan kapab fè amitye avèk Ou? Yon moun ki imajine fè mal pa dekrè?
21 彼等はあひかたらひて義人のたましひをせめ罪なき血をつみに定む
Yo vin reyini ansanm kont lavi moun dwat yo, e kondane inosan yo a lanmò.
22 然はあれどヱホバはわがたかき櫓 わが神はわが避所の磐なりき
Men SENYÈ a se toujou sitadèl mwen e Bondye mwen an, wòch ki pwoteje mwen an.
23 神はかれらの邪曲をその身におはしめ かれらをその惡き事のなかに滅したまはん われらの神ヱホバはこれを滅したまはん
Li te fè mechanste pa yo retounen sou yo, e va koupe retire yo nèt nan mechanste pa yo. SENYÈ nou an va koupe retire yo.

< 詩篇 94 >