< サムエル記Ⅰ 8 >

1 サムエル年老て其子をイスラエルの士師となす
Li te vin rive ke lè Samuel te vin granmoun ke li te apwente fis li yo kòm jij sou Israël.
2 兄の名をヨエルといひ弟の名をアビヤといふベエルシバにありて士師たり
Alò, non a premye ne a se te Joël e dezyèm nan, Abija. Yo t ap jije nan Beer-Schéba.
3 其子父の道をあゆまずして利にむかひ賄賂をとりて審判を曲ぐ
Malgre sa, fis li yo pa t mache nan tras pa li yo, men yo te vire akote pou reyisi avantaj malonèt, e yo te nan patipri.
4 是においてイスラエルの長老みなあつまりてラマにゆきサムエルの許に至りて
Alò, tout ansyen Israël yo te rasanble, e yo te vin kote Samuel nan Rama.
5 これにいひけるは視よ汝は老い汝の子は汝の道をあゆまずさればわれらに王をたててわれらを鞫かしめ他の國々のごとくならしめよと
Yo te di li: “Gade byen, ou fin granmoun e fis ou yo pa mache nan vwa pa w yo. Alò, chwazi yon wa pou nou pou jije nou tankou tout nasyon yo.”
6 その我らに王をあたへて我らを鞫かしめよといふを聞てサムエルよろこばず而してサムエル、ヱホバにいのりしかば
Men bagay la te degoutan nan zye Samuel lè yo te di: “Bannou yon wa pou jije nou.” Samuel te priye a SENYÈ a.
7 ヱホバ、サムエルにいひたまひけるは民のすべて汝にいふところのことばを聽け其は汝を棄るにあらず我を棄て我をして其王とならざらしめんとするなり
SENYÈ a te di a Samuel: “Koute vwa a pèp la selon tout sa ke yo di ou, paske yo pa t rejte ou, men yo te rejte Mwen kòm wa sou yo.
8 かれらはわがエジプトより救ひいだせし日より今日にいたるまで我をすてて他の神につかへて種々の所行をなせしごとく汝にもまた然す
Menm jan ak tout zak ke yo te fè soti nan jou ke M te mennen yo monte soti an Égypte la, jis jodi a—-ke yo te rejte Mwen pou te sèvi lòt dye yo——konsa, y ap fè ou tou.
9 然れどもいま其言をきけ但し深くいさめて其治むべき王の常例をしめすべし
Alò pou sa, koute vwa pa yo. Malgre, ou va avèti yo solanèlman e fè yo konnen prensip a wa ki va renye sou yo a.”
10 サムエル王を求むる民にヱホバのことばをことごとく告て
Konsa Samuel te pale tout pawòl a SENYÈ yo a pèp la ki te mande li pou yon wa a.
11 いひけるは汝等ををさむる王の常例は斯のごとし汝らの男子をとり己れのために之をたてて車の御者となし騎兵となしまた其車の前驅となさん
Li te di: “Men prensip a wa ki va renye sou nou an. Li va pran fis nou yo pou sèvi yo pou li menm. Nan cha li e pami chevalye li yo, yo va kouri devan cha li.
12 また之をおのれの爲に千夫長五十夫長となしまた其地をたがへし其作物を刈らしめまた武器と車器とを造らしめん
Li va chwazi pou li menm kòmandan sou dè milye ak dè senkantèn, ak kèk pou raboure tè a, pou fè rekòlt pa li, pou fè zam lagè li yo, avèk tout bagay pou cha li yo.
13 また汝らの女子をとりて製香者となし厨婢となし灸麺者となさん
Li va osi pran fi nou yo pou fè pafen, fè kwizin e kòm bòs boulanje.
14 又汝らの田畝と葡萄園と橄欖園の最も善きところを取て其臣僕にあたへ
Li va pran pi bon kilti nan chan kiltive nou yo avèk chan rezen nou yo ak chan doliv nou yo pou ba yo a sèvitè pa li yo.
15 汝らの穀物と汝らの葡萄の什分一をとりて其官吏と臣僕にあたへ
Li va pran yon dizyèm nan semans nou yo ak nan chan rezen nou yo pou bay a ofisye li yo ak sèvitè li yo.
16 また汝らの僕婢および汝らの最も善き牛と汝らの驢馬を取ておのれのために作かしめ
Anplis li va pran sèvitè nou yo avèk sèvant nou yo ak meyè nan jennonm yo avèk bourik nou yo pou sèvi yo pou travay pa li.
17 又汝らの羊の十分一をとり又汝らを其僕となさん
Li va pran yon dizyèm nan bann mouton nou yo e nou menm, nou va devni sèvitè li.
18 其日において汝等己のために擇みし王のことによりて呼號らんされどヱホバ其日に汝らに聽たまはざるべしと
Konsa nou va kriye nan jou sa a, akoz wa ke nou te chwazi pou nou an, men SENYÈ a p ap koute nou nan jou sa a.”
19 然るに民サムエルの言にしたがふことをせずしていひけるは否われらに王なかるべからず
Sepandan, pèp la te refize koute vwa Samuel. Yo te di: “Non, kareman fòk nou gen yon wa sou nou,
20 我らも他の國々の如くになり我らの王われらを鞫きわれらを率て我らの戰にたたかはん
pou nou menm tou kapab tankou tout lòt nasyon yo, pou wa nou kapab jije nou e sòti devan nou pou batay pou nou.”
21 サムエル民のことばを盡く聞て之をヱホバの耳に告ぐ
Konsa, lè Samuel fin tande tout pawòl a pèp la, li te repete yo nan zòrèy a SENYÈ a.
22 ヱホバ、サムエルにいひたまひけるはかれらのことばを聽きかれらのために王をたてよサムエル、イスラエルの人々にいひけるは汝らおのおの其邑にかへるべし
SENYÈ a te di a Samuel: “Koute vwa yo e chwazi pou yo yon wa.” Konsa, Samuel te di a mesye Israël yo: “Nou chak, ale nan vil pa nou.”

< サムエル記Ⅰ 8 >