< Salmi 15 >

1 Signore, chi abiterà nella tua tenda? Chi dimorerà sul tuo santo monte? Salmo. Di Davide.
Yon sòm David O SENYÈ, se kilès ki kab rete nan tant Ou? Kilès ki kab demere sou mòn sen Ou an?
2 Colui che cammina senza colpa, agisce con giustizia e parla lealmente,
(Sila) ki mache nan entegrite a e ki fè zèv ladwati yo; li ki pale verite a nan kè li a;
3 non dice calunnia con la lingua, non fa danno al suo prossimo e non lancia insulto al suo vicino.
ki pa fè kout lang sou lòt, ni fè vwazen li mal, ni patisipe nan fè repwòch kont zanmi li;
4 Ai suoi occhi è spregevole il malvagio, ma onora chi teme il Signore. Anche se giura a suo danno, non cambia;
nan zye a (sila) yon vagabon meprize a, men ki bay lonè a (sila) ki fè lakrent SENYÈ yo; li sèmante a pwòp pèt li, menm lè l fè l mal, e li pa chanje menm;
5 presta denaro senza fare usura, e non accetta doni contro l'innocente. Colui che agisce in questo modo resterà saldo per sempre.
Li pa vèse bay lajan li avèk enterè, ni li pa aksepte yon kado anba tab kont inosan an. (Sila) ki fè bagay sa yo p ap janm ebranle.

< Salmi 15 >