< Geremia 45 >

1 Questa è la parola che il profeta Geremia comunicò a Baruc figlio di Neria, quando egli scriveva queste parole in un libro sotto la dettatura di Geremia nel quarto anno di Ioiakìm figlio di Giosia, re di Giuda:
Mesaj ke Jérémie, pwofèt la, te pale a Baruc, fis a Nérija, lè l te fin ekri pawòl sila yo nan yon liv selon dikte Jérémie, nan katriyèm ane Jojakim, fis a Josias, wa Juda a, lè l te di:
2 «Dice il Signore, Dio di Israele, su di te, Baruc:
Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la a ou menm, O Baruc:
3 Tu hai detto: Guai a me poiché il Signore aggiunge tristezza al mio dolore. Io sono stanco dei miei gemiti e non trovo pace.
‘Ou te di: “Ah! Malè a mwen menm! Paske SENYÈ a te mete tristès nan doulè m; mwen fatige ak plent mwen yo e mwen pa jwenn repo.’”
4 Dice il Signore: Ecco io demolisco ciò che ho edificato e sradico ciò che ho piantato; così per tutta la terra.
“Se konsa ou dwe pale li, ‘Konsa pale SENYÈ a: “Gade byen, sa ke M te bati a, Mwen prèt pou demoli li, e sa ke M te plante a, Mwen prèt pou rache li; sa vle di, tout peyi a.”
5 E tu vai cercando grandi cose per te? Non cercarle, poiché io manderò la sventura su ogni uomo. Oracolo del Signore. A te farò dono della vita come bottino, in tutti i luoghi dove tu andrai».
Men ou menm, èske w ap chache gwo bagay pou ou menm? Pa chache, paske gade byen, Mwen va mennen dezas sou tout chè,’ deklare SENYÈ a: “Men Mwen va kite ou chape ak lavi ou a, nenpòt kote ou ale.”

< Geremia 45 >