< תהילים 52 >

למנצח משכיל לדוד בבוא דואג האדמי ויגד לשאול ויאמר לו בא דוד אל בית אחימלך מה תתהלל ברעה הגבור חסד אל כל היום׃ 1
Pou chèf sanba yo. Se yon chante David te ekri lè Doèg, moun peyi Edon, te al pote rapò bay Sayil pou fè l' konnen David te al kache lakay Akimelèk. Poukisa, ou menm gwo chèf, w'ap vante tèt ou konsa lè ou fè sa ki mal! renmen Bondye a pa janm chanje.
הוות תחשב לשונך כתער מלטש עשה רמיה׃ 2
W'ap kalkile ki jan pou fè moun mal. Lang ou tankou yon razwa byen file, ou toujou ap fè manti sou moun.
אהבת רע מטוב שקר מדבר צדק סלה׃ 3
Ou pito fè mal pase pou ou fè byen. Ou pito bay manti pase ou di verite.
אהבת כל דברי בלע לשון מרמה׃ 4
Ou renmen di pawòl ki pou fè moun mal, lang vipè!
גם אל יתצך לנצח יחתך ויסחך מאהל ושרשך מארץ חיים סלה׃ 5
Se poutèt sa, Bondye gen pou fini nèt avè ou, l'ap mete men sou ou, l'ap rale ou soti anndan kay ou. L'ap wete ou nan mitan moun ki vivan yo.
ויראו צדיקים וייראו ועליו ישחקו׃ 6
Moun k'ap mache dwat yo va wè sa, y'a gen krentif pou Bondye. Men y'a pase ou nan betiz, y'a di:
הנה הגבר לא ישים אלהים מעוזו ויבטח ברב עשרו יעז בהותו׃ 7
Men moun ki te derefize chache pwoteksyon bò kot Bondye a. Li te pito mete tout konfyans li nan gwo richès li yo. Li te pito ap fè grandizè pou sa li fè ki mal.
ואני כזית רענן בבית אלהים בטחתי בחסד אלהים עולם ועד׃ 8
Men, mwen tankou yon bèl pye oliv tou vèt nan kay Bondye a. M'ap toujou mete tout konfyans mwen nan li, paske li p'ap janm sispann renmen mwen.
אודך לעולם כי עשית ואקוה שמך כי טוב נגד חסידיך׃ 9
M'ap toujou di ou mèsi pou sa ou fè, Bondye. Tout espwa mwen se nan ou li ye. M'ap kanpe nan mitan moun k'ap sevi ou yo pou m' fè konnen jan ou bon.

< תהילים 52 >