< דברי הימים א 25 >

ויבדל דויד ושרי הצבא לעבדה לבני אסף והימן וידותון הנביאים בכנרות בנבלים ובמצלתים ויהי מספרם אנשי מלאכה לעבדתם׃ 1
Apre sa, wa David ak chèf moun Levi ki reskonsab sèvis nan Tanp lan te chwazi branch fanmi Asaf, branch fanmi Eyman ak branch fanmi Jedoutoun pou ba yo travay pa yo. Se yo ki pou bay mesaj Bondye yo, antan y'ap jwe gita, bandjo ak senbal. Men lis moun yo te chwazi yo ak travay yo chak:
לבני אסף זכור ויוסף ונתניה ואשראלה בני אסף על יד אסף הנבא על ידי המלך׃ 2
Asaf te gen kat pitit: Zakou, Jozèf, Netama ak Acharela. Yo te sou zòd Asaf. Se li ki te konn fè konnen mesaj Bondye yo chak lè wa a mande l' pou l' fè l'.
לידותון בני ידותון גדליהו וצרי וישעיהו חשביהו ומתתיהו ששה על ידי אביהם ידותון בכנור הנבא על הדות והלל ליהוה׃ 3
Jedoutoun te gen sis pitit: Gedalya, Zeri, Izayi, Chimèy, Asabya ak Matatya. Yo te sou zòd Jedoutoun, papa yo. Se yo ki te konn fè konnen mesaj Bondye yo antan y'ap jwe gita, pou fè lwanj Bondye, pou di l' mèsi.
להימן בני הימן בקיהו מתניהו עזיאל שבואל וירימות חנניה חנני אליאתה גדלתי ורממתי עזר ישבקשה מלותי הותיר מחזיאות׃ 4
Eyman te gen katòz pitit: Boukija, Matanya, Ouzyèl, Sebwèl, Jerimòt, Ananya, Anani, Elyata, Gidalti, Womanti-Ezè, Josbekacha, Maloti, Oti ak Maziòt.
כל אלה בנים להימן חזה המלך בדברי האלהים להרים קרן ויתן האלהים להימן בנים ארבעה עשר ובנות שלוש׃ 5
Bondye te bay Eyman, pwofèt wa a, katòz pitit gason sa yo ak twa pitit fi, dapre pwomès li te fè l' pou l' te ba li anpil pouvwa. Lè yo t'ap fè konnen mesaj Bondye yo, se yo ki te pou kònen twonpèt yo.
כל אלה על ידי אביהם בשיר בית יהוה במצלתים נבלים וכנרות לעבדת בית האלהים על ידי המלך אסף וידותון והימן׃ 6
Se Eyman, papa yo, ki t'ap dirije yo lè y'ap chante nan sèvis y'ap fè nan Tanp Bondye a, antan y'ap jwe gita, bandjo ak senbal. Asaf, Jedoutoun ak Eyman te sou zòd wa a.
ויהי מספרם עם אחיהם מלמדי שיר ליהוה כל המבין מאתים שמונים ושמונה׃ 7
Sa te fè antou desankatrevenwit (288) mizisyen ki te fò nan fè mizik, ansanm ak tout lòt moun Levi parèy yo ki te aprann chante pou Seyè a.
ויפילו גורלות משמרת לעמת כקטן כגדול מבין עם תלמיד׃ 8
Yo fè tout moun piye, gran kou piti, ni sa ki te fò nan fè mizik, ni sa ki te fèk konmanse aprann, pou yo te ka konnen lè pou yo fè travay yo nan sèvis la.
ויצא הגורל הראשון לאסף ליוסף גדליהו השני הוא ואחיו ובניו שנים עשר׃ 9
Desankatrevenwit (288) mesye sa yo te separe chak fanmi apa. Sa te fè vennkat gwoup. Chak gwoup te gen douz moun. Nan chak gwoup te gen yon chèf ak pitit gason l' yo ansanm ak frè l' yo. Men nan ki lòd yo te soti apre yo fin piye a. Premye a te Jozèf nan fanmi Asaf la, dezyèm lan Gedalya,
השלשי זכור בניו ואחיו שנים עשר׃ 10
twazyèm lan Zakou,
הרביעי ליצרי בניו ואחיו שנים עשר׃ 11
katriyèm lan Jisri,
החמישי נתניהו בניו ואחיו שנים עשר׃ 12
senkyèm lan Netanya,
הששי בקיהו בניו ואחיו שנים עשר׃ 13
sizyèm lan Boukya,
השבעי ישראלה בניו ואחיו שנים עשר׃ 14
setyèm lan Acharela,
השמיני ישעיהו בניו ואחיו שנים עשר׃ 15
wityèm lan Izayi,
התשיעי מתניהו בניו ואחיו שנים עשר׃ 16
nevyèm lan Matanya,
העשירי שמעי בניו ואחיו שנים עשר׃ 17
dizyèm lan Chimeyi,
עשתי עשר עזראל בניו ואחיו שנים עשר׃ 18
onzyèm lan Azareyèl,
השנים עשר לחשביה בניו ואחיו שנים עשר׃ 19
douzyèm lan Achabya,
לשלשה עשר שובאל בניו ואחיו שנים עשר׃ 20
trèzyèm lan Choubayèl,
לארבעה עשר מתתיהו בניו ואחיו שנים עשר׃ 21
katòzyèm lan Matatya,
לחמשה עשר לירמות בניו ואחיו שנים עשר׃ 22
kenzyèm lan Jerimòt,
לששה עשר לחנניהו בניו ואחיו שנים עשר׃ 23
sèzyèm lan Ananya,
לשבעה עשר לישבקשה בניו ואחיו שנים עשר׃ 24
disetyèm lan Josbekacha,
לשמונה עשר לחנני בניו ואחיו שנים עשר׃ 25
dizwityèm lan Anani,
לתשעה עשר למלותי בניו ואחיו שנים עשר׃ 26
diznevyèm lan Maloti,
לעשרים לאליתה בניו ואחיו שנים עשר׃ 27
ventyèm lan Elyata,
לאחד ועשרים להותיר בניו ואחיו שנים עשר׃ 28
venteyenyèm lan Oti,
לשנים ועשרים לגדלתי בניו ואחיו שנים עשר׃ 29
venndezyèm lan Gidalti,
לשלשה ועשרים למחזיאות בניו ואחיו שנים עשר׃ 30
venntwazyèm lan Maziòt,
לארבעה ועשרים לרוממתי עזר בניו ואחיו שנים עשר׃ 31
vennkatryèm lan Womanti-Ezè.

< דברי הימים א 25 >