< תְהִלִּים 6 >

לַמְנַצֵּ֣חַ בִּ֭נְגִינֹות עַֽל־הַשְּׁמִינִ֗ית מִזְמֹ֥ור לְדָוִֽד׃ יְֽהוָ֗ה אַל־בְּאַפְּךָ֥ תֹוכִיחֵ֑נִי וְֽאַל־בַּחֲמָתְךָ֥ תְיַסְּרֵֽנִי׃ 1
Pou direktè koral la; avèk enstriman ak fil yo sou yon gita uit kòd. Yon sòm David. O SENYÈ, pa repwoche mwen nan kòlè Ou, ni ba m chatiman nan fachez Ou.
חָנֵּ֥נִי יְהוָה֮ כִּ֤י אֻמְלַ֫ל אָ֥נִי רְפָאֵ֥נִי יְהוָ֑ה כִּ֖י נִבְהֲל֣וּ עֲצָמֽ͏ָי׃ 2
Fè m gras, O SENYÈ, paske mwen chagren anpil. Geri mwen, O SENYÈ, paske zo m yo rele anmwey,
וְ֭נַפְשִׁי נִבְהֲלָ֣ה מְאֹ֑ד וְאַתְּ (וְאַתָּ֥ה) יְ֝הוָ֗ה עַד־מָתָֽי׃ 3
epi nanm mwen fè gwo chagren. Men Ou, O SENYÈ, —jiskilè?
שׁוּבָ֣ה יְ֭הוָה חַלְּצָ֣ה נַפְשִׁ֑י הֹ֝ושִׁיעֵ֗נִי לְמַ֣עַן חַסְדֶּֽךָ׃ 4
Retounen, O SENYÈ, fè nanm mwen chape. Sove mwen akoz lanmou dous Ou a.
כִּ֤י אֵ֣ין בַּמָּ֣וֶת זִכְרֶ֑ךָ בִּ֝שְׁאֹ֗ול מִ֣י יֹֽודֶה־לָּֽךְ׃ (Sheol h7585) 5
Paske mò yo pa rele non Ou. Nan andwa kote mò yo ye a, se kilès k ap bay Ou remèsiman? (Sheol h7585)
יָגַ֤עְתִּי ׀ בְּֽאַנְחָתִ֗י אַשְׂחֶ֣ה בְכָל־לַ֭יְלָה מִטָּתִ֑י בְּ֝דִמְעָתִ֗י עַרְשִׂ֥י אַמְסֶֽה׃ 6
Mwen bouke ak plent ki sòti anndan m. Chak nwit, kabann mwen vin naje ak dlo. Dlo ki sòt nan zye m yo fin gate kabann nan.
עָֽשְׁשָׁ֣ה מִכַּ֣עַס עֵינִ֑י עָֽ֝תְקָ֗ה בְּכָל־צֹורְרָֽי׃ 7
Zye m pouri nèt ak gwo doulè. Yo vin vye nèt akoz tout advèsè mwen yo.
ס֣וּרוּ מִ֭מֶּנִּי כָּל־פֹּ֣עֲלֵי אָ֑וֶן כִּֽי־שָׁמַ֥ע יְ֝הוָ֗ה קֹ֣ול בִּכְיִֽי׃ 8
Sòti sou mwen, nou tout ki fè mechanste yo, paske SENYÈ a te tande gwo kri mwen.
שָׁמַ֣ע יְ֭הוָה תְּחִנָּתִ֑י יְ֝הוָ֗ה תְּֽפִלָּתִ֥י יִקָּֽח׃ 9
SENYÈ a te tande demand priyè mwen. SENYÈ a te resevwa lapriyè mwen.
יֵבֹ֤שׁוּ ׀ וְיִבָּהֲל֣וּ מְ֭אֹד כָּל־אֹיְבָ֑י יָ֝שֻׁ֗בוּ יֵבֹ֥שׁוּ רָֽגַע׃ 10
Tout lènmi mwen yo va wont e deranje nèt. Yo va vire fè bak sibitman. Yo va vin wont anpil.

< תְהִלִּים 6 >