< תְהִלִּים 57 >

לַמְנַצֵּ֣חַ אַל־תַּ֭שְׁחֵת לְדָוִ֣ד מִכְתָּ֑ם בְּבָרְחֹ֥ו מִפְּנֵי־שָׁ֝א֗וּל בַּמְּעָרֽ͏ָה׃ חָנֵּ֤נִי אֱלֹהִ֨ים ׀ חָנֵּ֗נִי כִּ֥י בְךָ֮ חָסָ֪יָה נַ֫פְשִׁ֥י וּבְצֵֽל־כְּנָפֶ֥יךָ אֶחְסֶ֑ה עַ֝֗ד יַעֲבֹ֥ר הַוֹּֽות׃ 1
Pou direktè koral la; jwe a son Al-tashheth Yon Mikhtam David, lè l te sove ale devan Saül nan kav la Fè m gras, SENYÈ, O Bondye, fè m gras, paske nanm mwen kache nan Ou. Wi, nan lonbraj a zèl Ou, mwen va kache, jiskaske destriksyon an fin pase.
אֶ֭קְרָא לֵֽאלֹהִ֣ים עֶלְיֹ֑ון לָ֝אֵ֗ל גֹּמֵ֥ר עָלָֽי׃ 2
Mwen va kriye a Bondye Pi Wo a, a Bondye ki acheve tout sa m mande an.
יִשְׁלַ֤ח מִשָּׁמַ֨יִם ׀ וְֽיֹושִׁיעֵ֗נִי חֵרֵ֣ף שֹׁאֲפִ֣י סֶ֑לָה יִשְׁלַ֥ח אֱ֝לֹהִ֗ים חַסְדֹּ֥ו וַאֲמִתֹּֽו׃ 3
Li va voye sòti nan syèl la pou sove mwen. Li fè repwòch a (sila) ki foule mwen an. Tan Bondye va voye fè rive lanmou dous Li ak verite Li.
נַפְשִׁ֤י ׀ בְּתֹ֥וךְ לְבָאִם֮ אֶשְׁכְּבָ֪ה לֹ֫הֲטִ֥ים בְּֽנֵי־אָדָ֗ם שִׁ֭נֵּיהֶם חֲנִ֣ית וְחִצִּ֑ים וּ֝לְשֹׁונָ֗ם חֶ֣רֶב חַדָּֽה׃ 4
Nanm mwen rete pami lyon yo. Mwen oblije kouche pami (sila) k ap respire dife yo. Fis a lòm yo menm ak dan kon frenn file, epi lang yo kon yon epe file.
ר֣וּמָה עַל־הַשָּׁמַ֣יִם אֱלֹהִ֑ים עַ֖ל כָּל־הָאָ֣רֶץ כְּבֹודֶֽךָ׃ 5
Leve anwo syèl yo, O Bondye; Kite glwa Ou vin pi wo sou tout latè!
רֶ֤שֶׁת ׀ הֵכִ֣ינוּ לִפְעָמַי֮ כָּפַ֪ף נַ֫פְשִׁ֥י כָּר֣וּ לְפָנַ֣י שִׁיחָ֑ה נָפְל֖וּ בְתֹוכָ֣הּ סֶֽלָה׃ 6
Yo te prepare yon gwo filè pou pa mwen yo; Nanm mwen koube ba. Yo te fouye yon fòs devan m. Yo te tonbe nan mitan li. Tan
נָ֘כֹ֤ון לִבִּ֣י אֱ֭לֹהִים נָכֹ֣ון לִבִּ֑י אָ֝שִׁ֗ירָה וַאֲזַמֵּֽרָה׃ 7
Kè m kanpe fèm, O Bondye, kè m fèm. Mwen va chante, wi mwen va chante lwanj!
ע֤וּרָה כְבֹודִ֗י ע֭וּרָֽה הַנֵּ֥בֶל וְכִנֹּ֗ור אָעִ֥ירָה שָּֽׁחַר׃ 8
Leve, glwa mwen! Leve ap avèk gita! Mwen va fè maten vin leve.
אֹודְךָ֖ בָעַמִּ֥ים ׀ אֲדֹנָ֑י אֲ֝זַמֶּרְךָ֗ בַּל־אֻמִּֽים׃ 9
Mwen va bay Ou remèsiman, O SENYÈ, pami pèp yo. Mwen va chante lwanj ou pami nasyon yo.
כִּֽי־גָדֹ֣ל עַד־שָׁמַ֣יִם חַסְדֶּ֑ךָ וְֽעַד־שְׁחָקִ֥ים אֲמִתֶּֽךָ׃ 10
Paske lanmou dous Ou a gran jis rive nan syèl yo, epi verite Ou jis rive nan nwaj yo.
ר֣וּמָה עַל־שָׁמַ֣יִם אֱלֹהִ֑ים עַ֖ל כָּל־הָאָ֣רֶץ כְּבֹודֶֽךָ׃ 11
Leve anwo syèl yo, O Bondye. Ke Glwa Ou kapab vin pi wo ke tout latè.

< תְהִלִּים 57 >